Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m ka fè si paran m malad?

Ki sa m ka fè si paran m malad?

 Pifò jèn pa sousye de sante paran yo. Pou yo menm, sa ka pran plizyè ane anvan paran yo vin gen pwoblèm sante.

 Men, ki sa w ka fè si papa w oswa manman w tonbe malad pandan w ap grandi? Ann pran egzanp de jèn ki te fas ak defi sa a.

 Istwa Emmaline

 Manman m gen maladi ki rele sendwom Ehlers-Danlos la (EDS), yon maladi kwonik ki bay anpil doulè e ki gen efè sou atikilasyon l, po l ak san l.

 Pa gen okenn tretman pou maladi sa a, e kondisyon manman m te vin pi mal pandan dis ane ki sot pase yo. Anfèt, dèfwa, nivo san l konn tèlman ba opwen lavi l konn an danje, e lè doulè a rèd anpil, li konn pa anvi kontinye viv.

 Fanmi m avè m se Temwen Jewova, e kongregasyon nou an soutni nou anpil! Pa egzanp, sa pa gen twò lontan, gen yon tifi ki gen prèske menm laj avè m ki te voye yon kat pou di fanmi m jan l renmen nou e l te asire n nou ka toujou konte sou èd li. Sa vrèman bèl pou w gen yon moun konsa kòm zanmi!

 Bib la ede m anpil. Pa egzanp, youn nan vèse m pi renmen se Sòm 34:18 ki di: “Jewova toupre moun kè yo ap fann yo.” Yon lòt vèsè se Ebre 13:6 ki di: “Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè.”

 Se sitou denye vèse a ki vle di anpil bagay pou mwen. Sa k fè m plis pè se si manman m mouri. Mwen renmen l anpil e m santi m kontan anpil dèske m la avè l chak jou. Vèse sa a ede m wè li posib pou m fè fas ak lavni avèk konfyans, kèlkeswa sa k ka rive.

 Men, gen yon lòt bagay ankò ki fè m pè. Ou konnen, EDS se yon maladi ereditè. Se manman manman m ki te ba l maladi sa a e li menm li ban mwen l. Wi, se sa, mwen menm tou m gen EDS. Men, Ebre 13:6 ban m asirans Jewova ap vin yon ‘èd pou mwen’ nan domèn sa a tou.

 Annatandan, mwen eseye apresye sa m gen kounye a e m pa ret konsantre sou sa k pase, ni m pa bay tèt mwen pwoblèm pou lavni. M te ka vin deprime si m te nan konpare fason manman m limite kounye a ak sa l te konn fè anvan sa. Bib la di eprèv nou yo “la pou yon ti tan” e yo “lejè” lè n konpare yo ak espwa nou genyen pou n viv pou toutan san okenn maladi. — 2 Korentyen 4:17; Revelasyon 21:1-4

 Fè yon ti reflechi: Ki sa k ede Emmaline kenbe yon atitid pozitif? Ki jan ou kapab rete pozitif lè w ap fè fas ak difikilte?

 Istwa Emily

 Lè m te nan klas segondè, papa m te kòmanse fè depresyon. Se kòmsi ansyen papa m nan te disparèt epi yon lòt moun vin pran plas li. Depi lè sa a, papa m te toujou tris, li te konn pè san rezon e l te toujou ap enkyete l. Kounye a, sa fè 15 an depi l ap soufri ak maladi sa a. Li dwe ap soufri anpil lefètke l toujou tris menm lè l konnen pa gen okenn rezon valab pou l santi l konsa!

 Antanke Temwen Jewova, kongregasyon nou an soutni n anpil. Kwayan parèy nou yo janti anpil, yo montre yo konprann nou, epi, pèsonn pa janm fè papa m santi l initil nan kongregasyon an. Lè m wè fason papa m ap andire anba eprèv sa a, sa fè m renmen l pi plis toujou.

 Mwen sonje ansyen papa m nan, papa ki pa t konn ap enkyete toutan an, papa ki pa t ap soufri a, papa ki te toujou kontan an. Sa fè m mal anpil lefètke m wè l ap goumen ak yon ènmi envizib ki nan lespri l sèlman.

 Sepandan, papa m travay di pou l kenbe yon bon etadespri. Sa pa gen twò lontan, li te fè fas ak yon peryòd ki te vrèman difisil kote l te deprime anpil. Nan moman sa a, li te fè gwo efò pou l li yon ti pati nan Bib la chak jou menmsi se te kèk vèse sèlman. Sa te fòtifye l anpil. Se vre, sa parèt piti, men, sa te vrèman ede l. Pa t gen yon moman kote m te santi m pi fyè de papa m pase moman sa a ki te vrèman difisil.

 Mwen vrèman renmen pawòl nou jwenn nan Neyemi 8:10 la ki di: “Lajwa Jewova bay la se fòs nou.” Sa se verite. Lajwa m santi lè m nan kongregasyon an, lè m ap fè patisipasyon ak lè m toujou okipe, tout sa ede m anpil lè m santi m tris ak lè m santi yon vid nan kè m. Li fè m santi m vrèman byen pou tout jounen an. Egzanp papa m aprann mwen kèlkeswa eprèv n ap fè fas la, Jewova ap toujou la pou soutni nou.

 Fè yon ti reflechi: Ki jan Emily te ede papa l fè fas ak maladi a? Ki jan w ka ede yon moun k ap soufri anba depresyon?