Al gade sa k anndan l

Memoryal lanmò Jezi

Samdi 12 avril 2025

Yon fwa chak ane, Temwen Jewova yo selebre Memoryal lanmò Jezi jan l te mande sa lè l te di: “Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” — Lik 22:19.

Nou envite w vin asiste evènman sa a.

Kesyon moun poze souvan

Konbyen tan pwogram nan dire?

Li dire anviwon inèdtan.

Ki kote l ap fèt?

Pale ak yon Temwen Jewova nan zòn ou an pou w jwenn plis detay.

Èske gen yon kòb pou m peye pou m asiste l?

Non.

Èske y ap fè lakòlèt?

Non.

Èske gen yon fason espesyal pou m abiye?

Pa gen yon fason espesyal pou moun abiye, men, Temwen Jewova yo fè efò pou yo suiv konsèy Bib la bay pou yo abiye yon fason ki montre respè e avèk bonsans (1 Timote 2:9). Nou pa oblije mete rad chè oswa abiye ak rad moun konn mete nan okazyon espesyal.

Ki sa k ap genyen nan Memoryal la?

Reyinyon an ap kòmanse e l ap fini ak yon kantik e ak yon priyè. Se yon minis Temwen Jewova yo k ap fè priyè yo. Pati prensipal nan Memoryal la se yon diskou ki pale sou enpòtans lanmò Jezi ak fason nou ka jwenn byenfè nan sa Bondye ak Kris fè pou nou.

Ki dat lòt Memoryal y ap tonbe?

2025: Samdi 12 avril

2026: Jedi 2 avril