Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa pou m fè si m gen yon gwo pwoblèm sante? (2yèm pati)

Ki sa pou m fè si m gen yon gwo pwoblèm sante? (2yèm pati)

 Pwoblèm sante yo ka vin sou plizyè fòm.

  •   Pou kèk moun sentòm yo parèt pa deyò, men pou kèk lòt se anndan yo sèlman yo santi efè yo.

  •   Gen pwoblèm sante ki tanporè alòske gen lòt ki rete nèt e yo lakòz pwoblèm chak jou.

  •   Genyen ki ka geri oswa moun ka viv avè yo alòske gen lòt ki ka vin pi mal e yo ka menm menase lavi moun.

 Jèn yo ap fè fas ak tout kalite pwoblèm sante nou sot site la yo. Nan atik sa, nou pral konsidere egzanp kat jèn ki te fè fas ak difikilte sa yo. Si w ap soufri akoz pwoblèm sante, sa yo di yo ka ankouraje w.

 GUÉNAELLE

 Sa k pi difisil pou mwen se aksepte limit mwen. M anvi fè anpil bagay. Men, se chak jou m dwe adapte m ak kondisyon m ye a.

 Mwen gen yon maladi (neuromusculaire) ki anpeche sèvo m voye enfòmasyon kòrèk bay kò m. Pafwa, gen anpil pati nan kò m, soti nan tèt mwen rive nan zòtèy mwen, ki konn annik rete yo pran tranble oswa yo paralize. Li difisil pou m fè yon seri bagay byen senp, tankou deplase, pale, ekri, li epi konprann lòt moun. Lè bagay yo difisil anpil, ansyen nan kongregasyon m nan konn priye avè m. Lè yo fè sa, m konn santi m vin kalm tousuit apre.

 Kèlkeswa difikilte m jwenn, m santi Jewova toujou la pou soutni m. M pa vle kite maladi m nan anpeche m sèvi l ak tout kè m. Sa k pi enpòtan pou mwen se ede lòt moun rive konn pwomès ki nan Bib la ki montre talè konsa Jewova pral fè tè a tounen yon paradi, kote soufrans ap disparèt. — Revelasyon 21:1-4.

 Fè yon ti reflechi: Menm jan ak Guénaelle, nan ki domèn ou ka montre w enterese ak lòt moun? — 1 Korentyen 10:24.

 ZACHARY

 Lè m te gen 16 an, doktè te wè m gen yon fòm kansè nan sèvo ki rèd anpil. Doktè yo te di m ret uit mwa sèlman pou m viv. Depi lè sa a, m ap lite pou m ret an vi.

 Akoz kote timè a ye a, kounye a m gen tout bò dwat mwen ki paralize. Etandone m pa ka mache, dwe toujou gen yon moun nan kay la pou ede m deplase.

 Piske maladi a ap pwogrese sa fè l difisil pou m kominike yon fason klè. M te yon moun ki vrèman aktif, ki te renmen fè ski sou dlo, jwe baskèt ak volebòl. Antanke Temwen Jewova, mwen te aktif nan travay predikasyon an. M pa panse anpil moun konprann sa sa vle di lè w pa ka fè sa w te renmen fè yo.

 Mwen twouve pawòl ki nan Ezayi 57:15 lan ankourajan anpil paske l ban m asirans Jewova Dye la pou moun ki gen ‘lespri yo kraze’ e li gen sousi pou mwen. Epitou, Ezayi 35:6 montre Jewova pwomèt yon lè m ap ka mache ankò e m ap ka sèvi l ak yon sante ki pafè.

 Menmsi pafwa li ka vrèman difisil pou m sipòte maladi m nan, m gen asirans Jewova la pou mwen. Grasa lapriyè, m toujou gen yon moun pou m pale lè m santi m deprime oubyen m pè pou lavi m. Pa gen anyen ki ka separe m ak lanmou Jewova. — Women 8:39.

 Zachary te dòmi nan lanmò lè l te gen 18 an, de mwa apre l te fin fè entèvyou sa a. Li te kenbe lafwa l gen nan pwomès Bondye fè pou yon rezirèksyon nan paradi sou tè a byen djanm jiska lafen.

 Fè yon ti reflechi: Menm jan ak Zachary, ki jan lapriyè ka ede w ret nan lanmou Bondye?

 ANAÏS

 M te fè yon emoraji nan sèvo kèk jou sèlman apre m fin fèt. Sa kite m ak yon andikap ki gen efè sou tout kò m, sitou janm mwen yo.

 Jodi a, m ka mache sou yon ti distans ak yon beki, men, nòmalman m bezwen yon chèz woulant pou m deplase. Epitou, m konn gen kèk kriz ki fè l difisil pou m fè yon seri aktivite ki mande presizyon tankou ekri.

 Nonsèlman kondisyon m nan fè m strese, men, tretman an vrèman difisil tou. Selon sa m sonje mwen te konn fè fizyoterapi plizyè fwa pa semèn. M te fè premye gwo operasyon m nan lè m te gen 5 an, e m te vin fè twa lòt annapre. De dènye yo te sitou difisil paske m te fè twa mwa lwen lakay mwen pou m te ka reprann mwen.

 Fanmi m se yon gwo sipò pou mwen. Nou ri ansanm, sa ki ede m anpil lè m deprime. Manman m ak sè m yo ede m fè bèbèl paske m pa ka fè l poukont mwen. M regrèt m pa ka met talon. Men, m te rive met youn yon fwa lè m te piti, lè sa a m te mete yo nan men m toutpandan m t ap ranpe a kat pat, e nou tout te pran ri!

 Mwen eseye pa kite sitiyasyon an okipe lespri m. Mwen etidye kèk lang. M konn naje, e sa ede m malgre m pa ka fè surf ak ski. Antanke Temwen Jewova, mwen renmen patisipe nan travay predikasyon an pou pataje lafwa m ak lòt moun. Sanble moun yo vrèman renmen koute lè m ap pale ak yo.

 Depi lè m toupiti, paran m yo te fè m konnen se pou yon ti tan sèlman mwen t ap ret konsa. Depi lè sa a, m te vin gen plis lafwa nan Jewova ansanm ak pwomès li fè pou l retire tout soufrans, san wete soufrans pa m nan. Sa ban m fòs pou m kontinye avanse. — Revelasyon 21:3, 4.

 Fè yon ti reflechi: Menm jan ak Anaïs, nan ki sans ou ka pa kite pwoblèm sante w okipe lespri w?

 JULIANA

 M gen yon maladi ki fè m soufri anpil e ki ka gen efè sou kè m, poumon m ak san m. Li deja gen efè sou ren m yo.

 M te gen dizan lè doktè te dekouvri m fè yon maladi ki rele Iupus, yon maladi ki fè m gen anpil doulè, fatig ak chanjman tanperaman. Pafwa, m konn santi m pa vo anyen.

 Lè m te gen 13 an, yon sè Temwen Jewova te vizite n lakay la. Li te li Ezayi 41:10 pou mwen, kote Jewova Dye di: “Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w. [...] M ap kenbe w byen di ak men dwat mwen pou m mennen w nan chemen ki dwat la.” Se lè sa a m te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Jodi a, apre uit an, m ap sèvi Bondye ak tout kè m, e m detèmine pou m pa kite maladi a kontwole lavi m. M santi Jewova ban m “pisans ki depase yon pisans nòmal” la yon fason pou m ka kontinye kenbe yon atitid pozitif. — 2 Korentyen 4:7.

 Fè yon ti reflechi: Ki jan Ezayi 41:10 ka ede w kontinye kenbe yon atitid pozitif menm jan l te ede Juliana?