Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

E si yon zanmi m blese santiman m?

E si yon zanmi m blese santiman m?

 Sa w dwe konnen

  •   Pa gen relasyon moun ak moun ki pa gen pwoblèm. Etandone bon zanmi w lan enpafè, li ka di oswa fè yon bagay ki blese santiman w, menmsi l se pi bon zanmi w. Natirèlman, ou menm tou ou enpafè. Lè w byen reflechi, èske w pa sonje gen yon lè ou te blese santiman yon moun tou? — Jak 3:2.

  •   Entènèt ka lakòz yo blese santiman w byen fasil. Pa egzanp, men sa yon adolesan ki rele David di: “Ou konn sou Entènèt w ap gade foto zanmi w ki nan yon fèt, ou ka kòmanse mande tèt ou poukisa yo pa t envite w. Epi, ou ka kòmanse santi li trayi w e w vin tris.”

  •   Ou ka aprann jere pwoblèm nan.

 Sa w ka fè

 Egzamine tèt ou. Bib la di: “Pa kouri fache, paske se mak fabrik moun sòt.” — Eklezyas 7:9, nòt anba paj.

 “Pafwa, ou konn vin reyalize ou te fache pou yon bagay ki san enpòtans.” — Alyssa.

 Fè yon ti reflechi: Èske w gen tandans fache fasil? Ou pa panse ou ta ka aprann tolere enpèfeksyon lòt moun pi plis? — Eklezyas 7:21, 22.

 Reflechi sou byenfè ki genyen lè w padone. Bib la di: “Se yon bèl bagay lè yon moun padone bagay mal yo fè l.” — Pwovèb 19:11.

 “Li bon pou w padone lòt moun san grate tèt, menmsi w ta gen rezon pou w plenyen. Sa vle di ou pa dwe chita ap raple moun nan bagay mal li te fè w la, e pou w atann pou l mande w padon chak fwa ou raple l sa. Yonfwa ou fin padone, pa pale de sa ankò.” — Mallory.

 Fè yon ti reflechi: Èske se yon bagay ki vrèman enpòtan? Ou pa panse ou ta ka padone pou nou ka fè lapè? — Kolosyen 3:13.

Lè yon moun toujou ap pale sou tout ti pwoblèm ki poze nan yon amitye, se tankou l ap plede ouvè pòt yon chanm pou l fè lè frèt antre alòske chanm nan dwe rete cho.

 Wè lòt moun nan. Bib la di: “Pa chèche enterè pa nou sèlman, men [...] chèche enterè pa lòt moun tou.” — Filipyen 2:4.

 “Lè gen lanmou ak respè nan yon amitye, ou gen yon bon rezon pou w rezoud pwoblèm yo byen vit paske ou pa vle pou amitye a kraze etandone ou deja envesti anpil ladan l.” — Nicole.

 Fè yon ti reflechi: Sa w panse si w ta eseye wè omwen yon bon pwen nan fason lòt moun nan wè bagay yo? — Filipyen 2:3.

 Sa w dwe sonje: Lè w konn fason pou w jere santiman w lè w fache, sa ap itil ou anpil lè w vin granmoun. Petèt li t ap bon pou w aprann fè sa depi kounye a, pa vre?