Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Èske pa gen anyen mal nan flète?

Èske pa gen anyen mal nan flète?

 Ki sa flète ye?

 Selon kèk moun, yon moun k ap flète se yon moun ki di pawòl oswa ki fè aksyon ki fèt lòt moun ki pa gen menm sèks avè l panse l gen santiman womantik pou yo. Èske l mal pou w gen santiman womantik pou yon moun? Pa vrèman. Men sa yon jèn fi ki rele Ann fè konnen: “Si w gen laj pou w kòmanse renmen e w enterese nan yon moun, ki lòt fason w ka rive wè si l gen santiman pou ou tou?”

 Sepandan, nan atik sa a, nou pral pale sou yon kalite flète kote yon moun ap aji kòmsi l te enterese nan yon moun alòske l pa gen okenn entansyon serye.

 “Bay yon moun ou vle kòmanse yon relasyon womantik avè l yon atansyon espesyal se youn. Men, fè yon moun kwè w enterese nan li epi w sispann demontre enterè sa a bridsoukou pou w blese santiman l se yon lòt bagay.” — Deanna.

 Poukisa kèk moun fè l?

 Gen moun ki flète jis pou bay tèt yo plis enpòtans. Men sa yon jèn fi ki rele Hailey fè konnen: “Lè w rann ou kont ou ka jwenn yon atansyon konsa, ou gendwa vle jwenn plis.”

 Men, lè w fè espre w bay yon moun enpresyon w gen santiman womantik pou li alòske se pa vre, ou montre w pa gen konsiderasyon pou santiman moun nan. Anplis de sa, moun ap gen dout sou matirite w. Bib la di: “Yon moun ki pa gen bonsans kontan lè l ap fè aksyon moun sòt.” — Pwovèb 15:21.

 Hailey gen bonjan rezon lè l di: “Flète ka kòmanse san pwoblèm, men l toujou fini mal.”

 Ki danje ki gen nan sa?

  •   Lè w flète, sa sal repitasyon w.

     “Yon moun k ap flète sanble ak yon moun ki enstab e ki pa gen matirite. Ou santi moun sa a pa onèt, li sèlman ap eseye chèche jwenn yon bagay nan men w.” — Jeremy.

     Bib la di: “Lanmou [...] pa chèche pwòp enterè l.” — 1 Korentyen 13:4, 5.

     Fè yon ti reflechi: Ki kalite pawòl oswa aksyon ki ka fè yo konnen w kòm moun k ap flète?

  •   Lè w flète, sa fè moun w ap flète avè l la mal.

     “Lè m rankontre yon moun ki konn flète, m anvi kouri pou li. Se kòmsi m santi sèl rezon ki ka fè l vin pale avè m se paske m se yon fi. Moun k ap flète yo pa vrèman enterese nan mwen, sèl sa k enterese yo se fè tèt yo plezi.” — Jaqueline.

     Bib la di: “Se pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men avantaj pa lòt moun.” — 1 Korentyen 10:24.

     Fè yon ti reflechi: Èske sa pa janm rive w pou w panse yon moun renmen w epi annapre w vin rann ou kont se pa t vre? Si se wi, ki jan w te santi w apre sa? Ki jan w ka evite blese yon moun konsa tou?

  •   Lè w flète, sa gen efè sou posiblite w genyen pou w renmen toutbon.

     “Yon moun ki konn flète se pi move moun pou w marye oswa pou w renmen avè l. Ki jan m ka rive byen konnen yon moun oswa fè l konfyans si l pa montre m kiyès li ye toutbon?” — Olivia.

     Men sa salmis David te di: “Mwen pa pran pa ak moun k ap kache sa yo ye.” — Sòm 26:4.

     Fè yon ti reflechi: Ki kalite moun yon moun k ap flète ap atire sou li? Èske se kalite moun konsa ou vle atire?