Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka kontwole santiman m?

Ki jan m ka kontwole santiman m?

“Yon jou mwen ka santi m anfòm epi nan demen mwen santi m pa bon. Yon bagay mwen pa t bay okenn enpòtans nan lavèy vin tounen yon pakèt afè nan demen.” — Carissa.

Èske w gen enpresyon santiman w yo ap monte desann tankou yon wout ki chaje ak twou a. Si se sa, atik sa a ka ede w.

 Sa k fè w santi w konsa

 Lè yon timoun nan etap kote l ap fòme, sa rive souvan pou l gen gwo chanjman nan fason l santi l. Menmsi w gentan pase etap sa a, ou ka byen sezi wè ki jan santiman w kapab chanje sanzatann.

 Si fason w santi w la, sa vle di tanto w byen tanto ou santi w mal, lage w nan konfizyon, se pou w sonje se chanjman k ap fèt anndan w ki gen rapò ak òmòn ansanm ak krent ak strès ou genyen ki lakòz sa e se yon bagay ki nòmal nan etap ou ye a. Men, bon nouvèl la sèke ou kapab rive konprann jan w santi w e w ka aprann fè fas avèk sa.

 Reyalite a: Li enpòtan pou w aprann kontwole santiman w pandan w jèn paske w ap bezwen fè sa nan divès sitiyasyon lè w vin granmoun.

Santiman negatif yo tankou gwo twou nan yon wout. Si w maton, ou ka rive evite pi gwo twou yo pou vwayaj la ka swa.

 Twa bagay ou ka fè

 Pale. Labib di: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan, e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” — Pwovèb 17:17.

 “Gen yon bon zanmi fanmi an mwen konsidere kòm matant mwen. Li vrèman enterese nan sa m ap di e m santi m alèz pou m di l sa m santi. Lè m wè bagay yo byen, li montre li fyè de mwen, men si m gen yon move fason m wè bagay yo, li korije m pi bon fason ki posib la.” — Yolanda.

 Yon ide: Olye w pale ak jèn parèy ou sèlman ki kapab nan menm sitiyasyon avè w anrapò ak fason yo santi yo, pale ak paran w oswa yon granmoun ou fè konfyans.

 Ekri. Labib fè konnen sa Jòb, ki te nan gwo dezespwa, te di: “Mwen pral pale sa k fè m mal. Mwen pral pale paske m nan gwo soufrans!” (Jòb 10:1). Nonsèlman ou ka pale ak yon moun, men tou, yon lòt fason pou w “pale” se lè w ekri sa w santi.

 “M toujou gen yon ti kanè avè m tout kote m ale. Lè gen yon bagay ki ban m pwoblèm, mwen ekri l. Ekri se tankou yon terapi pou mwen.” — Iliana.

 Yon ide: Se pou w gen yon kanè oswa yon kaye kote w ekri sa w santi, sa ki lakòz ou santi w konsa ak fason w ka fè fas ak yo. Fich aktivite ki mache ak atik sa a kapab ede w fè sa.

 Priye. Labib di: “Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w. Li pap janm kite moun ki jis la tonbe.” — Sòm 55:22.

 “Lè gen yon bagay k ap trakase m, mwen priye Jewova toutan. Mwen toujou santi m soulaje lè m fin ouvè kè m ba li.” — Jasmine.

 Ide: Malgre w ka santi w strese, panse ak twa bagay nan lavi a ou gen rekonesans pou yo. Lè w ap priye, mande Jewova pou l ede w, men tou, di l mèsi pou benediksyon w genyen yo.

a Nan atik sa a, yo pale sou fason santiman anpil jèn chanje sanzatann. Si w konn gen gwo chanjman nan fason w ye, sa vle di tanto w kontan anpil tanto w santi depresyon, oswa si w gen yon lòt fòm depresyon, gade atik “Comment faire face à la dépression?” an.