Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan Bib la kapab ede m? — 1ye Pati: Chèche konn Bib ou

Ki jan Bib la kapab ede m? — 1ye Pati: Chèche konn Bib ou

 “Mwen te eseye li Bib la, men mwen te santi m pè pou jan l anpil!” — Briana, 15 an.

 Èske w konn santi w konsa tou? Atik sa a kapab ede w.

 Poukisa l enpòtan pou w li Bib la?

 Èske ide pou w li Bib la parèt pa twò atiran pou ou? Si se konsa, nou konprann ou. Petèt ou kapab wè Bib la kòm yon liv ki gen plis pase 1 000 paj ki ekri ak ti lèt piti e ki pa gen okenn desen ladan l — sa pa parèt enteresan ditou devan pwogram televizyon ak videyo.

 Men, eseye wè bagay yo yon lòt jan: Si w ta tonbe sou yon gwo bwat ki la lontan ki gen trezò, èske w pa t ap anvi konnen ki sa l gen anndan l?

 Bib la tankou yon bwat trezò konsa. Li gen sajès, ki se yon pakèt trezò, ki kapab ede w:

  •   Pran bon desizyon

  •   Byen boule avèk paran w

  •   Ede w jwenn pi bon zanmi

  •   Fè fas ak strès

 Ki jan yon liv ansyen konsa kapab itil nou nan pwen sa a jodi a? Se paske “tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo”. (2 Timote 3:16.) Sa vle di konsèy ki nan Bib la soti nan pi bon Sous ki genyen an.

Bib la se yon bwat ki gen trezò ki gen anpil valè ki se sajès.

 Ki jan m kapab li Bib la?

 Yon premye fason w kapab li Bib la se soti depi nan kòmansman pou rive nan fen. Sa ap ba w yon ide jeneral sou mesaj ki nan Bib la. Gen plizyè fason w kapab li Bib la. Ann pran de egzanp:

  •    Ou ta kapab li 66 liv ki nan Bib la nan lòd yo parèt la, soti nan Jenèz pou rive nan Revelasyon.

  •    Ou ta kapab li Bib la nan lòd kwonolojik, sa vle di nan lòd evènman yo te pase toutbon.

 Ide: Apendis A7 nan Tradiksyon monn nouvo a bay yon lis gwo evènman nan lòd yo te pase nan lavi Jezi lè l te sou tè a.

 Yon dezyèm fason w kapab li Bib la se chwazi istwa ki gen rapò ak sitiyasyon w ap viv. Egzanp:

  •   Èske w ta renmen jwenn bonjan zanmi ou kapab fè konfyans? Li istwa Jonatan ak David (1 Samyèl chapit 18-20). Apre sa, sèvi ak fich aktivite ki gen tit “Fason pou m jwenn zanmi m ka fè konfyans” lan pou w wè leson pratik ou kapab aprann nan istwa sa a.

  •   Èske w ta renmen gen plis kapasite pou w reziste anba tantasyon? Li istwa sou fason Jozèf te reziste anba tantasyon (Jenèz chapit 39). Apre sa, sèvi ak fich aktivite ki gen tit “Fason pou nou reziste devan tantasyon [...] Jozèf — 1ye pati” ak “Yo lage fo akizasyon sou do l! Jozèf — 2yèm pati” pou w wè leson pratik ou kapab aprann nan istwa sa a.

  •   Èske w ta renmen konnen fason lapriyè kapab ede w? Li eksperyans Neyemi te fè (Neyemi chapit 2). Apre sa, sèvi ak fich aktivite ki gen tit “Bondye te reponn priyè l yo” pou w wè leson pratik ou kapab aprann nan istwa sa a.

 Ide: Lè w ap li Bib la, asire w kote w ap li a kalm yon fason pou w ka konsantre w.

 Yon twazyèm fason w kapab li Bib la se lè w chwazi yon istwa oswa yon sòm, epi w li l. E apre sa, ou gade fason w ka aplike l nan ka pa w. Apre w fin li l, poze tèt ou kesyon sa yo:

  •    Poukisa Jewova te fè yo ekri sa nan Bib la?

  •    Ki sa sa aprann mwen sou pèsonalite Jewova oswa sou jan li fè bagay yo?

  •    Ki jan m ka aplike enfòmasyon sa a nan lavi m?

 Ide: Sèvi ak vèsyon etid Tradiksyon monn nouvo a pou w jwenn videyo, kat ak lòt bagay k ap ede w pi byen pwofite lekti Labib w ap fè.