Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m dwe konnen konsènan vyolans seksyèl? — 1ye pati: Prekosyon

Ki sa m dwe konnen konsènan vyolans seksyèl? — 1ye pati: Prekosyon

 Ki sa vyolans seksyèl ye?

 Byenke definisyon legal yo bay pou li a diferan selon peyi a, an jeneral, ekspresyon “vyolans seksyèl” la ka fè referans ak yon kontak seksyèl san konsantman, e pafwa, ki fèt ak anpil fòs. Li ka enplike kèk bagay tankou abi seksyèl sou timoun oswa adolesan, relasyon seksyèl ant de moun menm fanmi, vyòl ak lè yon pwofesyonèl ou sipoze fè konfyans, tankou yon doktè, yon pwofesè oswa yon manm klèje, ap eksplwate w seksyèlman. Yo ka fè vyolans seksyèl swa nan pawòl swa fizikman, e moun ki fè sa yo konn di moun ki viktim nan l ap fè l mal si la l di sa k pase a.

 Selon yon etid, nan peyi Etazini sèlman, chak ane gen prèske 250 000 moun ki fè konnen l te sibi vyolans seksyèl. Prèske mwatye nan moun sa yo gen ant 12 a 18 an.

 Sa w dwe konnen

  •   Bib la kondane vyolans seksyèl. Bib la fè konnen, sa gen anviwon 4 000 ane, gen yon gwo foul moun, ki te chofe pou fè sèks, ki t ap chèche vyole de gason ki te vin vizite vil Sodòm e se rezon sa a ki fè Jewova te detwi vil la (Jenèz 19:4-13). Anplis de sa, nan Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz sa gen anviwon 3 500 an an, li te entèdi moun fè sèks ak manm fanmi l sa ki gen ladan l vyolans seksyèl sou moun menm fanmi. — Levitik 18:6.

  •   Pifò viktim vyolans seksyèl yo se yon moun ki konnen yo ki fè sa. Selon sa yon liv fè konnen: “Sou chak twa moun yo vyole, gen de nan yo ki konn moun ki fè yo sa a. Nan pifò ka, se pa yon etranje ki annik parèt ki sote sou moun nan sanzatann.” — Kòman pou w pale sou kesyon sèks ak pitit ou, (anglè).

  •   Ni fi ni gason ka sibi vyolans seksyèl. Ozetazini, anviwon 10 pousan nan moun ki viktim yo se gason. Selon sa yon òganizasyon ki rele RAINN (Rape, Abuse & Incest National Network) fè konnen, gason ki viktim yo “konn vin pè pou vyolans yo te sibi a pa fè yo vin omoseksyèl” oswa yo konn santi yo ‘pa gason’ ”.

  •   Nou pa sezi wè fason vyolans seksyèl ap gaye pasipala. Labib te gentan fè konnen nan “dènye jou yo”, anpil moun pa t ap gen “afeksyon pou moun parèy yo”, yo t ap “sovaj” e yo t ap “san metriz”. (2 Timote 3:1-3.) Defo sa yo parèt byen klè lakay moun k ap chèche pran avantaj sou lòt moun nan domèn seksyèl.

  •   Moun ki sibi vyolans lan pa responsab. Pèsonn pa merite pou l sibi vyolans seksyèl. Se moun ki fè vyolans lan sèlman ki responsab aksyon l fè a. Sepandan, ou ka pran kèk prekosyon pou w diminye risk pou w sibi vyolans seksyèl.

 Sa w ka fè

  •   Prepare w. Depi alavans, chèche konnen sa w ap fè si yon moun, kit se mennaj ou oswa yon manm fanmi w, ta eseye fè presyon sou ou pou l gen kontak seksyèl avè w. Gen yon jèn fi ki rele Erin ki fè konnen pou yon moun prepare l pou nenpòt kalite sitiyasyon kote lòt jèn ka fè presyon sou li, li ka imajine yon sitiyasyon ki ka rive epi l prepare fason l ap reyaji. Men sa Erin di: “Sa ka parèt san sans, men, lè w nan sitiyasyon an toutbon, ap gen mwens risk pou w viktim.”

     Bib la di: “Byen veye sou fason n ap mache a, pou nou pa mache tankou moun ki pa saj [...] paske jou yo makawon.” — Efezyen 5:15, 16.

     Mande tèt ou: ‘Ki sa m ap fè si yon moun touche m yon fason ki fè m santi m pa alèz?’

  •   Prevwa yon mwayen pou w deplase. Men sa òganizasyon ki rele RAINN nan di: “Si toutfwa w ta santi w pa alèz, ou bezwen gen yon fason sekrè pou w rele zanmi w oswa fanmi w pou w pale ak yo san moun ki avè w la pa konnen. Konsa, yo ka vin chèche w oswa yo ka bay yon eskiz pou w deplase.” Sepandan, ou ka epaye anpil pwoblèm si w evite sitiyasyon ki gen risk yo depi okòmansman.

     Bib la di: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache, men, moun ki pa gen eksperyans lan kontinye ale tou dwat e li peye sa.” — Pwovèb 22:3.

     Mande tèt ou: ‘Ki sa m prevwa fè pou m deplase?’

    Toujou prevwa yon mwayen pou w deplase.

  •   Bay tèt ou limit epi respekte yo. Pa egzanp, si w renmen ak yon moun, ou menm avè l dwe pale sou ki kalite konduit ki apwopriye oswa ki pa apwopriye. Si moun nan panse zafè fikse limit la pa alamòd, konnen w bezwen yon lòt mennaj, yon moun ki respekte prensip ou.

     Bib la di: “Lanmou [...] pa aji yon fason ki endesan, li pa chèche pwòp enterè l.” — 1 Korentyen 13:4, 5.

     Mande tèt ou: ‘Ki prensip mwen genyen? Ki kalite konduit ki pa apwopriye?’