Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan mwen ka jere tan m?

Ki jan mwen ka jere tan m?

 Poukisa ou dwe jere tan w?

  •   Yo di tan se lajan. Si w gaspiye tan w, lè w bezwen l, ou pap jwenn li. Yon lòt bò, si w byen jere tan w, w ap gen ase tan pou w fè sa w renmen!

     Prensip biblik: “Moun ki parese a anvi anpil bagay, poutan li pa gen anyen, men, moun ki renmen travay la ap gen tout sa l bezwen.” — Pwovèb 13:4.

     Sa w dwe sonje: Lè w jere tan w, sa pa retire nan libète w, okontrè, sa ba w plis libète.

  •   Lè w konn jere tan w, sa ap ede w anpil lè w vin granmoun. Kapasite sa a kapab menm ede w kenbe travay ou, konsa yo pap revoke w. Sa nòmal, èske ou menm ou t ap kenbe yon anplwaye nan biznis ou si l ta toujou vin anreta nan travay la?

     Prensip biblik: “Moun ki fidèl nan bagay ki piti ap fidèl tou nan bagay ki gwo.” — Lik 16:10.

     Sa w dwe sonje: Fason ou jere tan w fè moun wè ki kalite moun ou ye.

 Men nou admèt jere tan pa fasil. Nou pral egzamine kèk obstak nou konn jwenn.

 Obstak #1: Zanmi

 “Depi zanmi m mande m soti avèk yo, an jeneral, mwen toujou aksepte, menmsi m pa vrèman gen tan pou sa. M toujou ap di tèt mwen, ‘Ah, m ap ka fè sa m dwe fè a byen rapid lè m tounen lakay.’ Men, sa pa toujou mache e bagay yo konn vin gaye nan menm m.” — Cynthia.

 Obstak #2: Detant

 “Televizyon menm jan ak yon aspiratè. Emisyon ak fim ki nan televizyon yo ka souse tout ti tan w genyen, e sa vrèman difisil pou w reziste.” — Ivy.

 “M ka gaspiye plizyè èdtan sou tablèt mwen an. Se lè batri a fin dechaje nèt m depoze l e sa fè m santi m koupab.” — Marie.

 Obstak #3: Tandans pou n di n a gentan

 “Mwen gen tandans pou m di m ap gentan fè devwa yo ban m fè nan lekòl la, e m fè menm jan ak tout lòt bagay m dwe fè. M gaspiye tan nan bagay ki pa itil anyen jiskaske lè pou m remèt devwa a rive sou mwen. M konnen, se pa pi bon fason pou m jere tan m.” — Beth.

Lè w jere tan w, sa pa retire nan libète w, okontrè, sa ba w plis libète.

 Sa w ka fè

  1.   Fè lis travay ou gen pou w fè. Pa egzanp ou ka fè yon lis travay ou gen pou w fè nan kay la ak leson lekòl la ba ou. Make konbyen tan w ap bezwen pou w fè chak travay sa yo pandan yon semèn.

     Prensip biblik: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” — Filipyen 1:10.

  2.   Fè yon lis aktivite ou ta renmen fè lè w gen tan lib. Lis sa a ka gen ladan l kèk aktivite tankou ale sou rezo sosyal yo ak gade televizyon. Fè menm bagay la ankò, make konbyen tan ou pase nan chak aktivite sa yo pandan yon semèn.

     Prensip biblik: “Kontinye mache avèk sajès [...] epi byen sèvi ak tan nou.” — Kolosyen 4:5.

  3.   Fè yon pwogram. Gade de lis ou fè yo. Èske w rezève ase tan pou travay ki pi enpòtan yo? Èske w ta dwe retire nan tan w pase nan aktivite detant yo pou w gen plis tan pou sa ki pi enpòtan yo?

     Men yon ide: Fè yon lis ki gen bagay pou w fè yo pandan jounen an epi tcheke chak sa w fin fè yo youn apre lòt.

     Prensip biblik: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li.” — Pwovèb 21:5.

  4.   Respekte pwogram ou an. Se vre, tanzantan, ou ka oblije refize yon envitasyon pou w ka konsantre sou sa ki pi enpòtan yo, men, apresa, w ap remake ou gen plis tan lib e w ap pi byen pwofite l.

     Prensip biblik: “Se pou nou travay di, pa trennen nan travay nou.” — Women 12:11, nòt.

  5.   Fè tèt ou plezi, men pa fè sa twò vit. Men sa yon jèn dam ki rele Tara di: “Pafwa, lè m fin fè de twa bagay sou lis mwen genyen an, m di tèt mwen ‘OK Tara, ou ka gade televizyon pandan 15 minit epi apre w a retounen travay ankò.’ Ebyen, sa ki rive, 15 minit yo tounen 30, epi 30 minit yo tounen inèdtan e se konsa m sezi wè, m gaspiye dezèdtan devan televizyon an!”

     Ki jan w ka rezoud sa? Konsidere detant tankou yon ti plezi w ap bay tèt ou lè w fin fè travay ou nèt, men pa tankou yon plezi w ap pran tanzantan nan jounen an.

     Prensip biblik: “Pa gen anyen ki pi bon pase sa, pou yon moun [...] jwenn kè kontan nan travay di li fè.” — Eklezyas 2:24.