Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka fè fas ak asèlman oswa tizonnay seksyèl?

Ki jan m ka fè fas ak asèlman oswa tizonnay seksyèl?

 Ki sa asèlman seksyèl ye?

 Asèlman oswa tizonnay seksyèl gen ladan l nenpòt konpòtman ki gen karèktè seksyèl anvè yon moun san konsantman moun nan, tankou touche l oswa fè remak deplase. Men pafwa, li ka difisil pou w wè diferans ant jwe, flète oswa tizonnay.

 Èske w konn diferans lan? Fè  ti tès sou asèlman oswa tizonnay seksyèl la pou w jwenn repons lan!

 Malerezman, menm lè w fini lekòl ou ka toujou viktim asèlman seksyèl. Sepandan, si w chèche vin gen konfyans ak kapasite w bezwen pou w konbat li depi kounye a, w ap pare pou w fè fas avè l lè w antre nan monn travay la. E w ka menm fè yon moun sispann fè asèlman sou lòt moun!

 Ki sa m ka fè si m viktim asèlman seksyèl?

 L ap pi fasil pou yo sispann fè asèlman sou ou si w konn ki sa l ye ak fason pou w reyaji! Ann pran twa sitiyasyon epi ann wè ki jan w t ap reyaji nan yo chak.

 SITIYASYON:

“Nan travay mwen, kèk mesye ki pi gran pase m pa janm sispann di m mwen bèl e yo regrèt yo pa gen 30 an an mwens. Yon lè, youn nan yo te menm vin dèyè do m epi l pran sant cheve m!” — Tabitha, 20 an.

 Tabitha te ka di tèt li: ‘Si m annik inyore sa epi m andire sitiyasyon an, petèt l ap kite m trankil.’

 Rezon ki fè sa ka pa mache: Selon sa espesyalis yo fè konnen, byen souvan, lè moun ki viktim asèlman an annik fèmen je l sou sa, sa toujou kontinye e l konn menm vin pi mal.

 Eseye sa a depreferans: Nan yon ton ki kalm e ki klè, fè moun k ap tizonnen w lan konnen w pa tolere pawòl li yo ak konpòtman l. Men sa Taryn, ki gen 22 an, fè konnen: “Kèlkeswa moun ki touche m yon fason ki pa apwopriye a, m vire gade l epi m di l pa janm touche m konsa ankò. Byen souvan, moun nan konn pa atann li ak sa.” Si moun nan pa sispann, rete fèm e pa bay vag. Anrapò ak kenbe yon wo nivo nan domèn moral, Bib la di: “Rete fèm, pou nou ka fin grandi nèt nan konfyans.” — Kolosyen 4:12; Bib la.

 E si moun nan ta fè w menas? Nan ka sa a, pa ret kenbe tèt avè l. Fè yon jan pou w al fè wout ou san pèdi tan epi al chèche èd nan men yon moun ki pi gran pase w e w fè konfyans.

 SITIYASYON:

“Lè m te nan sizyèm, gen de tifi ki te kenbe m nan koulwa lekòl la paske youn nan yo ki te lesbyèn te vle m renmen avè l. Aktout mwen te refize, yo te kontinye tizonnen m chak jou. Yon fwa, yo te menm frape m nan yon mi!” — Victoria, 18 an.

 Victoria te ka di tèt li: ‘Si m fè lòt moun konn sa, yo pral pran m pou yon moun ki fèb e pèsonn pap kwè m.’

 Rezon ki fè yon rezònman konsa gendwa pa bon: Si w pa fè lòt moun konn sa, moun k ap tizonnen w lan gendwa kontinye e l ka menm fè lòt moun sa. — Eklezyas 8:11.

 Eseye sa a depreferans: Chèchè èd. Paran w yo ak pwofesè w yo ka ba w èd ou bezwen pou w fè fas ak sitiyasyon an. Men, ki sa w ka fè si moun ou di sa yo pa pran w oserye? Eseye sa a: Chak fwa yo tizonnen w, ekri detay yo yon kote: Dat la, lè a, kote yo fè w sa a ak pawòl yo te di w yo. Apre sa, bay paran w oswa pwofesè w la yon kopi. Gen anpil moun ki pran yon plent ki ekri pi oserye pase yon pawòl ou di.

 SITIYASYON:

“M te vrèman pè yon tigason ki te nan ekip wigbi a. Li te prèske mezire de mèt wotè e l te peze anviwon 135 kilo! Li te met nan tèt li l ap fè sèks avè m kanmenm. Li pa t sispann toumante m chak jou pandan tout yon ane. Yon jou, pandan nou de a sèlman te nan klas la, li te kòmanse pwoche pi pre m. M te te kouri leve epi m sot deyò.” — Julieta, 18 an.

 Julieta te ka di tèt li: ‘Se konsa tout jèn gason ye.’

 Rezon ki fè sa ka pa mache: Li pwobab pou moun k ap fè tizonnay la kontinye si tout moun panse sa nòmal.

 Eseye sa a depreferans: Reziste kont tantasyon pou w pran sa pou jwèt oswa pou w reponn pandan w ap souri. Olye de sa, nan fason w reyaji, san wete ekspresyon vizaj ou, montre moun nan byen klè sa w tolere ak sa w pap tolere.

 Ki jan m t ap reyaji?

 TEMWAYAJ 1:

“M pa renmen aji twò di ak lòt moun. Konsa, lè kèk jèn gason ap tizonnen m, m konn di yo sispann, men m pa janm montre m fèm e byen souvan, m konn souri pandan m ap pale ak yo. Yo konn panse m ap flète ak yo.” — Tabitha.

  •   Si w te nan plas Tabitha, ki jan w t ap reyaji? Poukisa?

  •   Ki sa k ka fè yon moun k ap fè asèlman seksyèl panse w ap flète avè l?

 TEMWAYAJ 2:

“Sa te kòmanse nan kou spò a lè kèk jèn gason te di m yon seri vye pawòl. Mwen te inyore sa yo t ap di m yo pandan kèk semèn, men, sa te vin pi mal detanzantan. Epi, jèn sa yo te kòmanse chita bò kote m epi pase men nan kou m. Aktout m te konn pouse yo, yo te kontinye fè sa. Finalman, youn nan yo te ban m yon bout papye ki gen yon vye pawòl ekri ladan l. M te bay pwofesè m nan papye a e yo te anpeche jèn gason an vin lekòl la pandan kèk tan. M te vin rann mwen kont m te dwe al kot pwofesè a depi okòmansman!” — Sabina.

  •   Dapre ou menm, poukisa Sabina pa t al kot pwofesè a anvan sa? Èske w panse l te pran yon bon desizyon? Si se wi, poukisa? Si se non, poukisa?

 TEMWAYAJ 3:

“Yon jou gen yon tigason ki te pwoche kot Greg, frè m nan, pandan l nan twalèt la. Li te vin toupre l epi l di l: ‘Bo m.’ Greg te di l non, men l pa t vle deplase. Anfèt, Greg te oblije pouse l sot devan l lan.” — Suzanne.

  •   Èske w panse Greg te viktim asèlman seksyèl? Poukisa se wi? Poukisa se non?

  •   Dapre ou menm, poukisa kèk jèn gason konn pè pale lè lòt jèn gason ap fè asèlman sou yo?

  •   Èske w dakò ak fason Greg te jere sitiyasyon an? Ki sa ou menm ou t ap fè?