Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka reziste lè m jwenn tantasyon?

Ki jan m ka reziste lè m jwenn tantasyon?

 Apot Pòl te ekri: “Lè m vle fè sa ki dwat, se sa ki mal ki lakay mwen.” (Women 7:21). Èske w konn santi w konsa? Si se wi, atik sa a kapab ede w reziste anba tantasyon lè w gen move dezi.

 Sa w dwe konnen

 Tantasyon pou fè move bagay mache men nan men ak presyon kamarad ap fè sou ou. An reyalite, Bib la di: “Move frekantasyon fè moun pèdi bon abitid yo genyen.” (1 Korentyen 15:33). Presyon moun ki toutotou w ap fè sou ou oswa reklam ak lòt rezo ki bay enfòmasyon ka met move lide nan kè w pou fè w aji mal e menm rive “fè sa ki mal akoz [nou] suiv pifò moun.” — Egzòd 23:2.

 “Lè w vle lòt moun aksepte w e pou yo renmen w, ou ka rive nan yon stad kote w fè tout sa lòt moun fè, jis pou fè yo plezi.” — Jeremy.

 Fè yon ti reflechi: Pou ki rezon l ap pi difisil pou w reziste anba tantasyon si w bay tèt ou twòp pwoblèm pou sa lòt moun panse? — Pwovèb 29:25.

 Sa w dwe sonje: Pinga w kite presyon lòt moun fè sou ou lakòz ou pa respekte bon prensip ou genyen.

 Sa w ka fè

 Byen konprann nan ki sa w kwè. Si w pa konnen nan ki sa w kwè, ou ka tounen yon ti maryonèt nan men lòt moun. Li pi bon lontan pou suiv enstriksyon sa a ki nan Bib la ki di: “Verifye tout bagay, sa ki bon an, kenbe l fèm.” (1 Tesalonisyen 5:21). Plis ou konprann kwayans ou genyen yo, se plis l ap fasil pou w ret atache avèk yo e sa ap pèmèt ou reziste plis lè w jwenn tantasyon.

 Fè yon ti reflechi: Poukisa ou kwè l ap bon pou ou si w viv selon prensip Bondye bay yo?

 “M remake, depi m ret atache ak sa m kwè yo e m pa tonbe nan fè move bagay akoz tantasyon, lòt moun vin gen plis respè pou mwen.” — Kimberly.

 Yon bèl egzanp Bib la pale de li se Dànyèl. Toutpandan li te toujou yon adolesan, Danyèl “te byen deside nan kè l” pou l obeyi lwa Bondye yo. — Dànyèl 1:8.

Si w pa konnen nan ki sa w kwè, l ap fasil pou w tounen yon pope twèl lòt moun ap di sa pou l fè.

 Aprann konn feblès ou. Bib la pale de “dezi ki natirèl lakay jèn yo”, sa vle di yon seri de anvi ki parèt fò an patikilye lakay jèn yo (2 Timote 2:22). Dezi sa yo pa sèlman gen ladan l dezi seksyèl, men l genyen tou dezi pou lòt moun aksepte yo ak dezi pou yo pran desizyon poukont yo alòske an reyalite yo poko pare pou sa.

 Fè yon ti reflechi: Selon Bib la, “chak moun pase anba eprèv lè l kite pwòp dezi l mennen l, lè l kite pwòp dezi l sedui l”. (Jak 1:14.) E ou menm, ki dezi ki pi fò lakay ou ki tankou yon tantasyon pou ou?

 “Pa bay tèt ou manti konsènan tantasyon ki kapab plis fè w anvi fè sa ki mal. Fè rechèch pou w konnen ki fason ou kapab reziste anba tantasyon sa yo, epi note ki pwen ou ka sèvi avè l nan sans sa a. Konsa, pwochèn fwa w ap fè fas ak tantasyon sa a, w ap konnen sa w dwe fè pou w ka reziste.” — Sylvia.

 Yon bèl egzanp Bib la pale de li se David. Pafwa, David te dwe sipòte presyon lòt moun t ap fè sou li ak presyon dezi l te gen lakay li t ap fè sou li. Men, David te aprann nan erè li te fè yo e l te fè efò pou l amelyore. Nan lapriyè, li te mande Jewova pou li fè ‘kè [l] vin pwòp, pou l ba [l] yon lòt espri, yon espri k ap fè [l] fidèl.’ — Sòm 51:10.

 Metrize tèt ou. Bib la di: “Pa kite sa ki mal pot laviktwa sou ou.” (Women 12:21). Sa vle di, ou pa oblije tonbe nan tantasyon an. Ou kapab chwazi fè sa ki dwat.

 Fè yon ti reflechi: Ki jan ou kapab met kontwòl sou ou pou fè sa ki dwat nan yon sitiyasyon kote ou jwenn tantasyon pou w fè sa ki mal?

 “M panse ak fason m pral santi m apre si m suiv sa tantasyon an pouse m fè. Èske m ap santi m pi byen? Petèt wi, men se ap pou yon ti moman. Èske m ap toujou santi m anfòm apre yon bon ti tan pase? Non, m ap santi m pi mal. Donk, èske sa ap vo lapenn pou m fè l? Non!” — Sophia.

 Yon bèl egzanp Bib la pale de li se Pòl. Malgre Pòl te admèt li te gen feblès lakay li, li te metrize tèt li. Men sa l ekri: “Mwen bay kò m gwo disiplin e mwen mennen l tankou yon esklav.” — 1 Korentyen 9:27, nòt.

 Sa w dwe sonje: Se ou menm ki gen kontwòl la, sa vle di se ou menm ki pou deside kòman w ap aji lè w jwenn tantasyon pou w fè sa ki mal.

 Sonje, tantasyon yo la pou yon ti tan. Men sa Melissa, ki gen 20 an di: “Anpil bagay m te konsidere kòm gwo tantasyon lè m te nan segondè pa anyen pou mwen jodi a. Lè m reflechi sou sa, sa pèmèt mwen gen asirans tantasyon m jwenn kounye a pap la ankò pi devan, e yon jou, m ap ka gade dèyè e m ap ka di tèt mwen, m te gen rezon lefètke m te reziste.”