Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Kreyasyon oswa evolisyon? — 4yèm pati: Ki jan m ka esplike kwayans mwen nan kreyasyon an?

Kreyasyon oswa evolisyon? — 4yèm pati: Ki jan m ka esplike kwayans mwen nan kreyasyon an?

Ou kwè nan kreyasyon an men w pè di sa nan lekòl ou. Petèt liv lekòl ou yo apiye teyori evolisyon an e w pè pou pwofesè w yo ak elèv yo pa pase w nan rizib. Ki jan w ka santi w alèz pou w pale e pou w esplike kwayans ou nan kreyasyon an?

 Ou ka fè l!

 Ou ka di tèt ou: ‘M pa entèlijan ase pou m nan pale sou lasyans ak nan fè deba sou teyori evolisyon an.’ Se konsa Danielle te santi l yon lè. Men sa l di: “M pa renmen bay enpresyon kòmkwa m ap kontredi pwofesè m nan ak lòt elèv yo.” Diana dakò ak sa, men sa l di: “M konn santi m nan konfizyon lè yo kòmanse sèvi ak tèm syantifik.”

 Sepandan, objektif ou se pa genyen yon deba. Epi, bon nouvèl la sèke ou pa oblije yon jeni pou w esplike rezon ki fè w kwè kreyasyon an se yon esplikasyon lojik pou lanati.

 Konsèy: Sèvi ak lojik biblik byen senp nou jwenn nan Ebre 3:4 la ki di: “Chak kay gen yon moun ki fè l, men, moun ki fè tout bagay se Bondye.”

 Men ki jan yon jèn dam ki rele Carol te rezone sou prensip nou jwenn nan Ebre 3:4 la: “Imajine w ap mache nan yon gwo forè, ou gentan fè plizyè kilomèt e w pa jwenn okenn siy prezans yon moun. Pandan w gade atè a, ou wè yon ti bwa yo konn netwaye dan. Ki sa w t ap panse? Pifò moun t ap di: ‘Gen yon moun ki te pase nan zòn nan.’ Si yon ti bwa konsa, ki tou piti e ki pa tèlman gen anpil enpòtans, bay prèv konsènan yon vi entèlijan alewè pou linivè nou an ansanm ak tout sa k ladan l!”

 Si yon moun di w: “Si kreyasyon an se laverite, kiyès menm ki kreye Kreyatè a?”

 Ou gendwa reponn: “Se pa paske n pa konprann tout bagay sou Kreyatè a ki fè l pa egziste. Pa egzanp, se sèten w pa konn istwa lavi moun ki te fè telefòn ou an, men, aktout sa ou kwè gen yon moun ki te fè l pa vre? [Kite moun nan reponn.] Gen anpil bagay nou ka konnen sou Kreyatè a. Si sa enterese w, m ap kontan pataje sa m te aprann sou li avè w.”

 Montre w pare

 Bib la di nou ta dwe montre n “pare pou nou defann nou devan nenpòt moun ki mande nou rezon ki fè nou gen esperans nou genyen an. Men, se pou nou fè sa avèk dousè e avèk gwo respè”. (1 Pyè 3:15.) Nan ka sa a, ou dwe fè atansyon ak de bagay: Sa w ap di ak fason w ap di l.

  1.   Sa w ap di. Lanmou w gen pou Bondye enpòtan e l ka motive w pou w pale. Men, li pa sifi pou w annik di lòt moun nan ki pwen w renmen Bondye pou w konvenk yo se li ki kreye tout bagay. Li ka pi bon pou w sèvi ak kèk egzanp ou jwenn nan lanati pou w montre rezon ki fè l lojik pou w kwè nan kreyasyon an.

  2.   Fason w ap di l. Gen konfyans nan tèt ou, men, pa montre w twò di, ni pa rabese moun. Moun yo ap pi fasil koute pwennvi w si w esplike kwayans ou avèk respè e w rekonèt yo gen dwa pou yo vin ak pwòp konklizyon pa yo.

     “Mwen panse l enpòtan pou n pa janm bay lòt moun enpresyon nou se moun k ap ensilte lòt moun oswa ki konn tout bagay. Lè w pale nan yon ton ki rabesan sa sèlman fè bagay yo vin pi mal.” — Elaine.

 Zouti k ap ede w esplike kwayans ou

Lè n pare pou n defann kwayans nou, nou sanble ak yon moun ki pare pou yon chanjman klima.

 Men sa yon jèn ki rele Alicia fè konnen: “Si nou pa prepare, n ap jis anvi fè silans pou n pa santi n wont.” Jan Alicia montre l la, li enpòtan pou n prepare n si n vle reyisi. Men sa Jenna fè konnen: “M santi m pi alèz pou m pale sou kreyasyon an lè m gen yon egzanp senp e ki byen prepare pou m defann kwayans mwen.”

 Ki kote w ka jwenn kèk egzanp konsa? Gen anpil jèn ki reyisi lè yo sèvi ak zouti ki vin apre yo:

 Ou ka twouve l itil tou pou w revize lòt atik ki te parèt nan ribrik sa a ki gen tit: “Kreyasyon oswa evolisyon?”

  1.  1ye pati: Poukisa m kwè nan Bondye?

  2.  2yèm pati: Poukisa m dwe kesyone evolisyon?

  3.  3yèm pati: Poukisa pou m kwè nan kreyasyon an?

 Konsèy: Chwazi egzanp ki konvenk ou. W ap ka sonje yo pi fasil e w ap ka pale de yo avèk konviksyon. Eseye fè pratik sou fason w pral esplike kwayans ou.