Al gade sa k anndan l

Èske se Bondye ki responsab soufrans nou?

Èske se Bondye ki responsab soufrans nou?

Repons Bib la bay

 Labib reponn non byen klè! Soufrans pa t fè pati objektif Bondye genyen pou limanite. Sepandan, de premye mesyedam yo te rebele kont otorite Bondye, yo te chwazi suiv chemen pa yo nan sa ki gen rapò ak sa ki byen ak sa ki mal. Yo vire do bay Bondye e yo peye konsekans lan.

 Jodi a, move chwa yo te fè a gen konsekans sou nou. Men, se pa Bondye ki fè lèzom soufri ditou.

 Labib di: “Pèsonn pa fèt pou l di, lè l nan eprèv: ‘Se Bondye k ap pase m anba eprèv.’ Paske, pèsonn pa ka pase Bondye anba eprèv ak bagay ki mal, e li menm li pa pase pèsonn anba eprèv ak bagay ki mal.” (Jak 1:13). Nenpòt moun ka soufri, menm moun ki gen favè Bondye yo.