Al gade sa k anndan l

Ki jan m ka rive jwenn vrè relijyon an?

Ki jan m ka rive jwenn vrè relijyon an?

Repons Bib la bay

 Pou Labib montre diferans ki genyen ant moun ki nan vrè relijyon an ak moun ki pa nan vrè relijyon an, men ki egzanp li itilize: “Se aksyon yo k ap fè nou rekonèt yo. Moun pa janm rekòlte rezen sou pye pikan, ni fig frans sou pye chadwon, pa vre?” (Matye 7:16). Menm jan ou kapab distenge yon pye rezen ak yon pye pikan lè w gade ki sa yo donnen, se konsa tou w ap ka fè diferans ant vrè relijyon an ak fo relijyon an sou fwi yo bay oubyen lè w egzamine sa k pèmèt moun idantifye yo.

  1.   Vrè relijyon an anseye verite ki soti nan Bib la olye l anseye filozofi lèzòm (Jan 4:24; 17:17). Ansèyman sa a gen ladan l laverite sou nanm ak espwa pou moun viv pou toutan nan yon paradi sou tè a (Sòm 37:29; Ezayi 35:5, 6; Ezekyèl 18:4). Anplis de sa, vrè relijyon an pa pè denonse tout manti ki nan relijyon yo. — Matye 15:9; 23:27, 28.

  2.   Vrè relijyon an ede moun konn Bondye, sa ki gen ladan l anseye yo non l ki se Jewova (Sòm 83:18; Ezayi 42:8; Jan 17:3, 6). Li pa fè konnen Bondye se yon mistè oswa l endiferan, okontrè, li anseye nou Bondye vle nou vin gen yon relasyon avè l. — Jak 4:8.

  3.   Vrè relijyon an montre se Jezi Kris ki sèl mwayen Bondye sèvi pou l sove lavi moun (Travay 4:10, 12). Moun ki nan vrè relijyon yo obeyi kòmandman Jezi e yo fè tout sa yo kapab pou yo suiv egzanp li. — Jan 13:15; 15:14.

  4.   Vrè relijyon an gen konviksyon se Wayòm Bondye a ki sèl espwa limanite. Moun ki ladan l yo pale ak lòt moun konsènan Wayòm sa a. — Matye 10:7; 24:14.

  5.   Vrè relijyon an ankouraje nou youn renmen lòt san enterè (Jan 13:35). Li anseye n pou n respekte moun ki sot nan tout kalite gwoup etnik, pou n akeyi moun ki sot nan tout ras, kilti, lang, ak ran sosyal (Travay 10:34, 35). Piske moun yo nan vrè relijyon an gen lanmou youn pou lòt, yo pa al nan lagè. — Miche 4:3; 1 Jan 3:11, 12

  6.   Vrè relijyon an pa gen yon klèje oswa gwoup chèf relijye k ap touche lajan, ni nonplis li pa bay okenn nan manm li yo yon seri tit espesyal. — Matye 23:8-12; 1 Pyè 5:2, 3.

  7.   Vrè relijyon an pa mele ditou nan politik (Jan 17:16; 18:36). Poutan, moun ki ladan l yo respekte gouvènman peyi kote y ap viv la e yo obeyi yo ann amoni ak kòmandman ki na Bib la ki di: “Bay Seza sa k pou Seza, men bay Bondye sa k pou Bondye.” — Mak 12:17; Women 13:1, 2.

  8.   Vrè relijyon an se yon fason moun viv, men se pa yon senp koutim oswa seremoni. Moun ki ladan l yo aprann obeyi prensip wo nivo ki nan Bib la nan tout aspè nan lavi yo (Efezyen 5:3-5; 1 Jan 3:18). Olye pou figi yo mare toutan, yo kontan adore “Bondye ki gen kè kontan an”. — 1 Tim. 1:11.

  9.   Pap gen anpil moun k ap soutni vrè relijyon an (Matye 7:13, 14). Byen souvan, yo meprize moun ki nan vrè relijyon an, yo fawouche yo, e yo pèsekite yo paske y ap fè volonte Bondye. — Matye 5:10-12.

Vrè relijyon an se pa jis ‘bon relijyon an selon opinyon pa m’

 Se yon danje sa ye lè yon moun chwazi antre nan yon relijyon sèlman sou baz jan relijyon sa a fè l santi l. Bib la te deja fè konnen gen yon lè ki t ap rive kote moun yo “pral chèche gen yon bann anseyan [relijye] toutotou yo pou fè zòrèy yo dous”. (2 Timote 4:3.) Okontrè, Bib la ankouraje n suiv “relijyon ki pwòp e ki san salte selon Bondye nou an ki Papa nou”, menmsi pifò moun pa rekonèt relijyon sa a. — Jak 1:27, nòt; Jan 15:18, 19.