Al gade sa k anndan l

Èske Temwen Jewova yo peye moun ki responsab yo?

Èske Temwen Jewova yo peye moun ki responsab yo?

 Menm jan ak kretyen yo nan premye syèk la, Temwen Jewova yo pa gen yon gwoup moun ki responsab y ap peye pou travay yo fè. Tout moun ki Temwen Jewova se yon minis òdone k ap preche bon nouvèl la e k ap anseye lòt moun. Chak kongregasyon Temwen yo gen anviwon 100 moun ladan yo. Gen gason ki gen matirite espirityèl k ap sèvi antanke “ansyen” nan chak kongregasyon (Tit 1:5). Yo fè sa san yo pa touche senkòb.