Al gade sa k anndan l

Ki jan Temwen Jewova yo itilize ofrann yo?

Ki jan Temwen Jewova yo itilize ofrann yo?

 Nou itilize ofrann nou yo pou n soutni aktivite relijye nou yo e pou n pote sekou lè gen katastwòf. Aktivite sa yo ede n reyalize premye objektif nou an ki se ede moun vin disip Jezi Kris. — Matye 28:19, 20.

 Nou pa janm sèvi ak ofrann yo pou n fè okenn moun vin rich. Nou pa peye ansyen yo oswa minis nou yo, epitou Temwen Jewova yo pa resevwa lajan pou yo preche kay an kay. Temwen yo ki travay nan biwo filyal nou yo ak nan syèj mondyal nou an, sa ki gen ladan l moun ki fè pati Kolèj santral la, fè pati yon òganizasyon relijye e yo pa peye yo pou travay sa a.

Kèk aktivite nou fè

  •   Nou pibliye: Nou tradui, nou enprime, nou livre e n distribye plizyè milyon Bib ak lòt piblikasyon ki baze sou Bib la chak ane, e nou pa mande lajan pou piblikasyon sa yo. Epitou, piblikasyon nou yo disponib gratis sou sit Entènèt nou an, jw.org ak sou aplikasyon JW Library a san okenn reklam ki te ka pèmèt òganizasyon an fè lajan.

  •   Nou konstwi e n fè antretyen: Toupatou nan monn nan, nou konstwi e n pran swen lokal nou yo ki byen senp, konsa kongregasyon nou yo gen yon kote ki apwopriye pou yo adore Bondye. Nou fè menm bagay la tou pou biwo filyal nou yo ak biwo tradiksyon nou yo. Nou itilize volontè pou n fè pifò travay la konsa nou fè mwens depans.

  •   Nou fè travay biwo: Se grasa ofrann volontè moun fè pou soutni travay mondyal la nou rive reyalize travay nou fè nan syèj mondyal la, nan biwo filyal yo ak nan biwo tradiksyon nou yo. Se menm ofrann sa yo ki soutni travay siveyan itineran yo ki se moun k ap vizite kongregasyon yo pou fòtifye yo.

  •   Nou preche: Temwen yo pa resevwa lajan pou yo preche bon nouvèl la oswa pou yo anseye lòt moun “pawòl Bondye a”. (2 Korentyen 2:17.) Men, menm jan avèk kretyen nan premye syèk la, moun yo chwazi bay fòmasyon e ki pase pifò tan yo nan travay predikasyon an, resevwa yon ti kote senp pou yo viv ak yon èd pou ede yo kouvri depans nesesè yo. — Filipyen 4:16, 17; 1 Timote 5:17, 18.

  •   Nou anseye: Se grasa ofrann yo nou jwenn lajan pou n fè asanble ak kongrè nou yo. Epitou, nou pwodui pwogram odyo ak videyo ki baze sou Bib la. Se grasa ofrann sa yo tou nou fè lekòl pou n bay ansyen yo ak lòt minis aplentan yo fòmasyon pou yo ka pi byen fè travay yo.

  •   Nou pote sekou lè gen katastwòf: Nou bay manje, dlo e n fè kay pou moun ki viktim katastwòf. Lè gen katastwòf, nou pa sèlman pote sekou bay “moun ki fanmi nou nan lafwa”, men nou ede moun ki pa Temwen Jewova tou. — Galat 6:10.