Galat 6​:​1-18

  • Se pou youn pote fado lòt (1-10)

    • Moun rekòlte sa yo plante (7, 8)

  • Sikonsizyon pa enpòtan (11-16)

    • Yon nouvo kreyati (15)

  • Pawòl Pòl di nan fen lèt la (17, 18)

6  Frè m yo, menmsi yon moun fè yon fo pa san l pa rann li kont, nou menm ki gen matirite, eseye redrese moun sa a avèk dousè+. Men, se pou nou chak veye tèt nou+ dekwa pou nou menm tou, nou pa sibi tantasyon+.  Se pou youn kontinye pote fado lòt+, e konsa, n ap fè sa lalwa Kris la mande+.  Paske, si yon moun panse li se yon bagay alòske li pa anyen+, se pwòp tèt li l ap twonpe.  Men, se pou chak moun egzamine sa l fè+, e lè sa a l ap gen rezon pou l rejwi parapò ak tèt li sèlman, men se pa nan konparezon ak yon lòt moun+.  Paske, chak moun ap pote pwòp chay* pa l+.  Epitou, se pou moun yo anseye pawòl la* pataje tout bon bagay avèk moun ki bay ansèyman sa a*+.  Pa twonpe tèt nou: moun pa ka pase Bondye nan jwèt. Paske, kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou+.  Paske, yon moun ki simen pou chè li, chè li ap fè l rekòlte destriksyon, men yon moun ki simen pou lespri a, lespri a ap fè l rekòlte lavi ki pap janm fini an+.  Donk, annou pa sispann fè sa ki byen, paske lè lè a rive, n ap rekòlte si nou pa kite fatig pote n ale*+. 10  Kidonk, toutotan nou gen okazyon* pou sa, annou fè byen ak tout moun, men sitou ak moun ki fanmi nou nan lafwa. 11  Gade jan m ekri gwo nan lèt m ap ekri nou ak pwòp men m nan. 12  Se tout moun sa yo ki vle fè moun plezi* k ap chèche fòse nou sikonsi. Sèl rezon ki fè yo fè sa se pou moun pa pèsekite yo pou poto soufrans* Kris la. 13  Paske, moun ki fè yo sikonsi yo, menm yo menm, yo pap fè sa Lalwa mande+, men, yo vle nou vin sikonsi dekwa pou yo ka gen rezon pou yo vante tèt yo anrapò ak chè nou. 14  Men, mwen swete pou m pa janm vante tèt mwen, eksepte pou poto soufrans* Jezi Kris+, Seyè nou an. Se grasa li, pou mwen, monn nan mouri*, e pou monn nan, mwen mouri. 15  Paske, kit yon moun sikonsi, kit li pa sikonsi, sa pa anyen+, men, sa ki yon bagay, se si moun nan vin yon nouvo kreyati+. 16  Mwen swete pou tout moun k ap mache nan lòd selon prensip sa a, wi, pou Izrayèl Bondye a gen lapè ak mizèrikòd+. 17  Apati jodi a, pinga pèsonn ban m pwoblèm, paske mwen pote mak yon esklav Jezi sou kò mwen+. 18  Frè m yo, mwen swete pou favè san parèy Jezi Kris, Seyè nou an, ansanm avèk mantalite nou demontre a. Amèn.

Nòt anba paj

Oswa: “pwòp responsablite”.
Oswa: “yo anseye pawòl la aloral”.
Oswa: “bay ansèyman sa a aloral”.
Oswa: “si nou pa abandone”.
Lit.: “nou gen tan ki fikse”.
Oswa: “ki vle byen parèt”.
Oswa: “yo kloure monn nan sou poto pou l mouri”.