Galat 1​:​1-24

  • Salitasyon (1-5)

  • Pa gen lòt bon nouvèl (6-9)

  • Pòl te preche bon nouvèl ki soti nan Bondye a (10-12)

  • Lè Pòl te vin kretyen ak sa l te fè apre sa (13-24)

1  Mwen menm, Pòl, yon moun ki pa apot dapre desizyon lèzòm ni grasa yon moun, men ki apot grasa Jezi Kris+ ak Bondye, Papa a+, ki te leve l sot nan lanmò,  wi, mwen menm ansanm ak tout frè yo, m ap ekri kongregasyon ki nan Galasi yo:  Nou swete pou nou gen favè san parèy ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an, ak nan Seyè a, Jezi Kris.  Li te bay tèt li pou peche nou+, pou l ka delivre nou anba sistèm mechan*+ ki la kounye a, ann amoni ak volonte Bondye nou an ki Papa nou+.  Glwa pou li pou tout tan gen tan. Amèn.  Mwen sezi poutèt nou kite y ap rale nou vit konsa* pou nou abandone Sila a ki te rele nou ak favè san parèy Kris la, pou yon lòt kalite bon nouvèl+.  Pa gen lòt bon nouvèl. Men, gen kèk moun k ap boulvèse nou+ e ki vle kòwonp bon nouvèl sou Kris la.  Men, menmsi se youn nan nou oswa yon zanj nan syèl la ki ta vin anonse nou yon bagay ki pa menm ak sa nou te anonse nou kòm bon nouvèl la, se pou malediksyon tonbe sou li.  Tankou nou sot di sa la a, m ap redi sa ankò kounye a: Nenpòt moun ki anonse nou yon bagay ki pa menm ak sa nou te aksepte kòm bon nouvèl la, se pou malediksyon tonbe sou li. 10  Anfèt, èske se lòm m ap eseye konvenk kounye a, oubyen Bondye? Oubyen, èske se lòm m ap chèche fè plezi? Si mwen t ap fè lòm plezi toujou, mwen pa t ap esklav Kris. 11  Paske, mwen vle nou konnen, frè m yo, bon nouvèl mwen te anonse nou an pa soti nan lèzòm+. 12  An reyalite, se pa nan men lòm mwen te resevwa l, e se pa anseye yo te anseye m li nonplis, men se Jezi Kris li menm ki te revele m li. 13  Siman nou te tande jan m te konn aji lontan lè m te nan jidayis la+, jan m te konn* pèsekite kongregasyon Bondye a anpil e jan m te konn ravaje l+. 14  Mwen te fè plis pwogrè nan jidayis la pase anpil moun menm nasyon avè m ki te nan laj mwen, piske mwen te pi zele lontan pase yo pou tradisyon zansèt mwen yo+. 15  Men, lè Bondye, ki te retire m nan vant manman m, e ki te rele m grasa favè san parèy li a+, te wè li bon 16  pou l sèvi avè m pou l fè moun konnen Pitit li a, yon fason pou m ka anonse nasyon yo+ bon nouvèl ki gen rapò ak Pitit sa a, mwen pa t kouri al chèche konsèy nan men pèsonn*. 17  Mwen pa t monte Jerizalèm nonplis pou m al kot moun ki te apot anvan m yo, men mwen t al ann Arabi, e apre sa mwen te retounen Damas+. 18  Twazan apre, mwen monte Jerizalèm+ pou m al vizite Sefas*+, e mwen pase 15 jou avè l. 19  Men, mwen pa t wè okenn lòt apot, eksepte Jak+, frè Seyè a. 20  Kounye a, konsènan bagay m ap ekri nou yo, m ap di nou sa devan Bondye: Mwen pap bay manti. 21  Apre sa, mwen t al nan kèk zòn nan Siri ak nan Silisi+. 22  Men, kongregasyon nan Jide yo, ki ann inyon ak Kris, pa t konnen m. 23  Yo te sèlman konn tande moun ap di: “Mesye ki te konn pèsekite nou an+ e ki t ap ravaje kongregasyon yo*+ ap anonse bon nouvèl la kounye a.” 24  Konsa, yo t ap bay Bondye glwa poutèt mwen.

Nòt anba paj

Oswa: “anba tan mechan”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “y ap retire nou vit konsa”.
Lit.: “jan m te konn fè eksè nan kontinye”.
Lit.: “al chèche konsèy nan men chè ak san”.
Yo rele l Pyè tou.
Lit.: “ravaje lafwa a”.