Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

A4

Non Bondye nan Liv ki te ekri ann ebre yo

Fason yo te ekri non Bondye nan lang ebre tan lontan an anvan Juif yo t al ann egzil nan Babilòn.

Fason yo te ekri non Bondye nan lang ebre apre Juif yo t al ann egzil nan Babilòn.

Non Bondye parèt anviwon 7 000 fwa nan Liv ki te ekri ann ebre yo sou fòm kat lèt ebre: יהוה. Yo rele kat lèt sa yo Tetragram nan. Nan tradiksyon sa a, nou mete “Jewova” pou nou tradui kat lèt sa yo. Non Jewova a se non ki parèt plis fwa nan Bib la pase tout lòt non. Byenke moun Bondye te pouse ekri Bib la te sèvi ak anpil tit, tankou “Toupisan”, “Sila a ki nan pi gwo pozisyon an” ak “Seyè” pou yo pale de Bondye, se Tetragram nan yo itilize kòm non Bondye.

Se Jewova Dye menm ki te fè moun ki te patisipe nan ekri Bib la sèvi ak non l. Pa egzanp, men sa li te pouse pwofèt Jowèl pou l ekri: “Tout moun ki met konfyans yo nan non Jewova ap sove.” (Jowèl 2:32). Men sa Bondye te pouse yon salmis pou l ekri: “Se pou moun konnen ou menm, ki rele Jewova, ou se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a.” (Sòm 83:18). Anfèt, non Bondye parèt anviwon 700 fwa nan liv Sòm nan sèlman, yon liv ki gen powèm pèp Bondye a te konn chante e yo te konn resite. Donk, poukisa nou pa jwenn non Bondye nan anpil tradiksyon Labib? Poukisa tradiksyon sa a gen non “Jewova” ladan l? E ki sa non Jewova a vle di?

Yon pati nan liv Sòm nan ki nan yon woulo yo te jwenn toupre Lanmè Mòt, yon woulo yo di ki egziste depi ozanviwon ane 50 e. n. Yo ekri tèks sa a nan lang ebre, jan pifò moun te konn ekri ebre apre Juif yo t al ann egzil nan Babilòn, men Tetragram nan parèt plizyè fwa nan lèt yo te konn ekri nan lang ebre tan lontan an.

Poukisa gen anpil tradiksyon Labib ki pa gen non Bondye ladan yo? Gen anpil rezon ki fè sa. Gen kèk moun ki panse Bondye Toupisan an pa bezwen yon non espesyal pou idantifye l. Sanble gen lòt moun ki kite yon tradisyon Juif yo genyen enfliyanse yo, yon tradisyon ki fè konprann moun dwe evite sèvi ak non Bondye. Petèt, yo pè pou moun pa derespekte non sa a. Gen lòt moun menm ki kwè pa gen okenn moun ki konn egzakteman ki fason yo te konn pwononse non Bondye, se sa k fè yo panse li pi bon pou moun annik sèvi ak tit tankou “Seyè” oswa “Bondye”. Sepandan, sa yo di yo manke pwa. Men pou ki rezon nou di sa:

  • Moun ki di Bondye Toupisan an pa bezwen gen yon non espesyal fèmen je yo sou prèv ki montre ansyen maniskri ki gen pawòl Bondye ladan yo, sa gen ladan yo maniskri ki te la anvan epòk Kris la, te gen non Bondye ladan yo. Jan sa parèt pi wo a, Bondye te fè yo mete non l anviwon 7 000 fwa nan Pawòl li a. Sa klè, li vle nou konnen non l e li vle nou sèvi avè l.

  • Tradiktè ki retire non Bondye nan Pawòl li a paske y ap suiv tradisyon Juif yo pa rekonèt yon bagay ki enpòtan. Byenke eskrib ki te Juif yo te refize pwononse non Bondye, yo pa t retire non sa a nan kopi Bib yo te fè yo. Non Bondye parèt anpil kote nan ansyen woulo yo te jwenn nan zòn Koumran, toupre Lanmè Mòt. Gen kèk tradiktè Labib ki mete tit “SEYÈ” a an lèt majiskil nan plas non Bondye, e se yon fason pou yo fè konprann non Bondye te parèt nan tèks orijinal la. Men, gen kesyon ki toujou bezwen jwenn repons. Poukisa tradiktè Labib sa yo santi yo alèz pou yo mete yon tit nan plas non Bondye oswa pou yo retire non Bondye nan Bib la, alòske yo rekonèt non Bondye parèt plizyè milye fwa nan Bib la? Kiyès yo kwè ki ba yo dwa pou yo fè sa? Se yo menm sèl ki konnen.

  • Moun ki di yo pa dwe sèvi ak non Bondye poutèt yo pa konn egzakteman fason yo te konn pwononse non sa a pa gen okenn pwoblèm pou yo sèvi ak non Jezi. Sepandan, fason disip Jezi yo nan premye syèk la te konn pwononse non Jezi diferan nèt ak fason pifò kretyen jodi a pwononse non sa a. Petèt, kretyen ki te Juif yo te konn di Yechwa pou yo pwononse non Jezi. E yo te konn di Machiya, ki vle di “Mesi”, pou yo pwononse tit “Kris” la. Kretyen ki te pale grèk yo te konn di Yèsous Kristos pou pwononse non Jezi, e kretyen ki te pale laten yo te konn di Yesous Kristous pou pwononse non Jezi. Anba direksyon lespri sen, kretyen ki t ap viv nan premye syèk la e ki te patisipe nan ekri Bib la te mete non Jezi nan lang grèk nan Ekriti yo, sa ki montre kretyen sa yo te itilize non pifò moun te konnen nan lang yo a. E li te lojik pou yo fè sa. Menm jan an tou, nou wè li rezonab pou nou mete non “Jewova”, menmsi se pa fason sa a yo te konn pwononse non Bondye egzakteman nan lang ebre yo te konn pale nan tan lontan an.

Poukisa Tradiksyon monn nouvo a itilize non “Jewova” a? An kreyòl, se YHWH ki reprezante kat lèt ki nan Tetragram nan (יהוה). Menm jan sa te ye pou tout mo nan lang ebre yo te konn ekri nan tan lontan yo, Tetragram nan pa gen vwayèl ladan l. Nan epòk moun te konn pale lang ebre tan lontan an chak jou, li te fasil pou lektè yo konnen ki vwayèl pou yo itilize.

Anviwon 1 000 an apre yo te fin ekri Liv ki te ekri ann ebre yo, gwo save Juif yo te itilize pwen oswa siy pou mete sou pye yon metòd pou pèmèt lektè yo konnen ki vwayèl pou yo itilize lè y ap li tèks ebre yo. Men, rive nan epòk sa a, akoz sipèstisyon, anpil Juif te panse li pa t bon pou moun pwononse non Bondye. Se sa k fè yo te konn itilize yon seri tit nan plas non Bondye. Sanble, lè yo t ap rekopye Tetragram nan, yo te pran vwayèl ki nan tit yo te mete nan plas non Bondye a e yo te mete vwayèl sa yo ak kat konsòn ki reprezante non Bondye a. Kidonk, maniskri ki te gen pwen ak siy ki te pèmèt lektè yo konnen ki vwayèl pou yo itilize yo pa ede moun konnen bon fason yo te konn pwononse non Bondye nan lang ebre. Gen kèk moun ki panse se “Yawe” yo te konn di pou pwononse non Bondye, tandiske gen lòt moun ki di gen lòt jan yo te konn pwononse non sa a. Gen yon woulo yo te jwenn bò Lanmè Mòt ki gen yon pati nan liv Levitik la yo tradui nan lang grèk. Nan woulo sa a, yo mete Yawò pou non Bondye. Anplis Yawò, gen ekriven grèk nan tan lontan ki fè konnen se Yawè oswa Yawouwe yo te konn di pou pwononse non Bondye. Men, pa gen rezon pou yon moun kategorik sou fason moun dwe pwononse non Bondye. An reyalite, pèsonn pa konnen fason sèvitè Bondye nan tan lontan yo te konn pwononse non sa a nan lang ebre (Jenèz 13:4; Egzòd 3:15). Men, nou konnen Bondye te konn itilize non l souvan lè l t ap pale ak pèp li a. Se non sa a pèp la te konn itilize pou yo pale avè l, e pèp la pa t pè fè lòt moun konnen non sa a. — Egzòd 6:2; 1 Wa 8:23; Sòm 99:9.

Donk, poukisa tradiksyon sa a itilize non “Jewova” a? Ebyen, se paske non sa a egziste nan plizyè lang depi byen lontan.

Non Bondye nan Jenèz 15:2 nan tradiksyon senk premye liv nan Bib la William Tyndale te fè a nan ane 1530.

Premye kote nou jwenn non Bondye nan yon bib ann anglè se nan tradiksyon senk premye liv nan Bib la William Tyndale te fè ki te parèt an 1530. Li te mete “Iehouah” pou non Bondye. An 1535, Pierre Robert Olivétan te sèvi ak non “Iehouah” a tou plizyè kote nan tradiksyon Labib an fransè li te fè a. Pi devan, etandone te vin gen chanjman ki fèt nan lang fransè a, fason yo te vin ekri non Bondye te chanje tou. Se sa k fè, an 1824, yo te mete “Jéhovah” pou Tetragram nan plizyè kote nan tradiksyon ki rele Bible de Genoude la. E nan tradiksyon ki rele Bible de Crampon an (1894-1904), yo te mete non “Jéhovah” toupatou nan Liv ki te ekri ann ebre yo.

An 1923, Paul Joüon, yon pwofesè jezuit, te ekri yon liv gramè (Grammaire de l’hébreu biblique) yon enstiti nan Wòm te pibliye (Institut biblique pontifical). Nan liv sa a, li te esplike rezon ki fè yo pi pito mete “Jéhovah” pase “Yahweh”. Men sa l te di: “Nan tradiksyon nou yo, olye nou mete Yahweh (fason kèk moun panse yo te konn pwononse non Bondye), nou pito mete Jéhovah [...], fòm yo plis itilize nan lang fransè a.” Nan ane 1930, Alexander F. Kirkpatrick, yon biblis, te fè menm remak la konsènan non Jewova a. Men sa l te di: “Jodi a, espesyalis nan kesyon gramè yo kore lide kòmkwa non Bondye se Yahveh oswa Yahaveh. Men, JEHOVAH sanble byen anrasinen nan lang anglè a, e sa k pi enpòtan se pa vrè fason yo te konn pwononse non an, men se rekonèt non sa a se yon non pwòp li ye, se pa yon senp tit tankou ‘Seyè’.”

Tetragram nan, YHWH: “Li fè vin tounen.”

Vèb HWH: “vin tounen”.

Ki sa non Jewova vle di? Nan lang ebre, non Jewova a soti nan yon vèb ebre ki vle di “vin tounen”. Se pou rezon sa a komite tradiksyon monn nouvo a dakò pou l di non Bondye vle di: “Li fè vin tounen.” Tout biblis yo pa wè kesyon sa a menm jan, se sa k fè nou pa ka kategorik sou sa non Bondye vle di egzakteman. Men, definisyon sa a byen mache ak Jewova ki se Sila a ki kreye tout bagay e k ap reyalize objektif li. Li pa sèlman kreye linivè a ansanm ak kreyati entèlijan yo, men tou, kèlkeswa sitiyasyon ki prezante, Jewova kontinye ap travay pou l reyalize volonte l ak objektif li.

Se sa k fè, vèb ebre kote non Bondye soti a ki nan Egzòd 3:14 la pa bay tout siyifikasyon non Bondye genyen. Men sa nou li nan vèsè sa a: “M ap tounen sa m chwazi tounen” oubyen “M ap tounen sa m ap tounen”. Si n byen egzamine pawòl sa yo, nou ka wè yo pa bay tout sa non Bondye vle di. Men pito, yo montre yon aspè nan pèsonalite Bondye. Yo montre, nan chak sitiyasyon, l ap tounen nenpòt sa ki nesesè a pou l reyalize objektif li. Sepandan, menm lè non Jewova a gen sans sa a ladan l, sans non sa a pa gen rapò sèlman ak sa li menm li chwazi vin tounen. Li gen rapò tou ak sa Jewova fè kreyasyon l lan vin tounen pou l kapab reyalize objektif li.