Galat 5​:​1-26

  • Libète kretyen yo genyen an (1-15)

  • Fason pou nou viv selon lespri a (16-26)

5  Se pou n te ka jwenn yon libète konsa Kris te libere nou. Se poutèt sa, kenbe fèm+, e pa kite yo mete nou anba jouk esklavaj ankò+.  Gade! Mwen menm Pòl, m ap di nou sa: Si nou fè yo sikonsi nou, Kris pap gen okenn itilite pou nou+.  M ap repete sa pou tout moun ki fè yo sikonsi yo, m ap fè yo konnen yo nan obligasyon pou yo fè tout sa Lalwa mande+.  Nou separe ak Kris, nou menm k ap chèche pou yo deklare nou jis grasa lalwa+. Nou pa nan favè san parèy li a ankò.  Nou menm bò kote pa nou, se avèk enpasyans n ap tann jistis nou espere grasa lespri a, paske nou gen lafwa.  Paske, pou moun ki ann inyon ak Kris Jezi, sikonsi pa sikonsi, sa pa gen okenn valè+, men, sa ki gen valè, se lafwa k ap travay grasa lanmou.  Nou t ap kouri nan kous la trè byen+. Kiyès ki anpeche nou kontinye obeyi verite a?  Se pa Sila a ki te rele nou an ki eseye konvenk nou pou nou pa fè sa.  Yon tikras ledven fè tout pat la leve+. 10  Mwen gen asirans, nou menm ki ann inyon ak Seyè a+, nou pap panse yon lòt jan. Men, moun k ap ban nou pwoblèm nan+, kèlkeswa moun li ye a, l ap jwenn kondanasyon li merite a. 11  Kanta pou mwen menm, frè m yo, si m toujou ap preche an favè sikonsizyon, poukisa m ap jwenn pèsekisyon toujou? Nan ka sa a, poto soufrans* lan+ pa t ap yon obstak ankò. 12  Poukisa mesye sa yo k ap eseye boulvèse nou yo pa tou fè chatre yo*? 13  Frè m yo, yo te rele nou pou nou ka gen libète. Sèlman, pa sèvi ak libète sa a kòm yon ankourajman pou nou satisfè dezi lachè+, men se pou nou youn sèvi lòt avèk amou+. 14  Paske, tout Lalwa jwenn akonplisman l* nan yon sèl kòmandman: “Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou+.” 15  Men, si youn kontinye ap mòde lòt, e si youn kontinye ap devore lòt+, fè atansyon pou youn pa elimine lòt+. 16  Sepandan, men sa m di: Kontinye viv selon lespri a+, e nou pap akonpli okenn dezi lachè+. 17  Paske, lachè, nan dezi li genyen, kont lespri, e lespri kont lachè. Bagay sa yo opoze youn ak lòt, e konsa, menm sa nou ta vle fè, nou pa fè yo+. 18  Anplis de sa, si se lespri a k ap gide nou, nou pa anba lalwa. 19  Zèv lachè yo parèt aklè: se imoralite seksyèl*+, konduit ki pa pwòp, konduit derespektan*+, 20  idolatri, pratik ki gen rapò ak movèzespri*+, rayisman, fè kont, jalouzi, kòlè san kontwòl, chirepit, divizyon, fè klan, 21  anvye sò moun, bwè pou sou+, banbòch ak lòt bagay menm jan an. Kanta pou bagay sa yo+, m ap avèti nou, jan m te deja avèti nou an, moun k ap pratike bagay sa yo pap benefisye* Wayòm Bondye a+. 22  Men, fwi lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, byenveyans, bonte+, lafwa, 23  dousè, metriz+. Pa gen lwa ki kont bagay sa yo. 24  Anplis de sa, moun ki pou Kris Jezi yo kloure lachè ansanm ak pasyon l yo ak dezi l yo sou poto a+. 25  Si n ap viv selon lespri a, annou kontinye mache nan lòd tou selon lespri a+. 26  Pinga nou chèche pase pou pi bon+, pou nou nan konpetisyon youn ak lòt+, e pou youn ap rayi sò lòt.

Nòt anba paj

Sa vle di yo t ap vin pa kalifye ankò pou yo obeyi Lalwa yo fè konnen y ap soutni an.
Se kapab tou: “tout Lalwa rezime”.
Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “konduit ki montre yon moun pa konn wont”. Mo grèk la se aseljeya. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “maji”.
Lit.: “pap eritye”.