Women 13​:​1-14

  • Soumèt devan otorite yo (1-7)

  • Moun ki gen lanmou obeyi Lalwa (8-10)

  • Mache tankou se gran jounen (11-14)

13  Se pou tout moun* soumèt devan otorite yo+, paske pa gen otorite san pèmisyon Bondye+. Otorite ki egziste yo, se Bondye ki etabli yo nan pozisyon yo ye a youn parapò ak lòt+.  Se sa k fè, moun ki opoze ak otorite opoze ak dispozisyon Bondye pran. Moun ki opoze ak dispozisyon sa a ap rale kondanasyon sou tèt yo.  Paske, moun k ap fè bon aksyon pa pè moun k ap gouvène yo, se moun k ap fè move aksyon ki pè yo+. Èske w ta renmen pa pè otorite? Kontinye aji byen+, e w ap jwenn lwanj nan men yo,  paske se sèvis Bondye y ap fè pou byen w. Men, si w ap fè sa ki mal, ou mèt pè, paske se pa pou granmesi yo pot epe. Anfèt, se sèvis Bondye y ap fè, yo la kòm moun k ap vanje, k ap lage kòlè Bondye* sou moun k ap pratike sa ki mal.  Kidonk, li nesesè pou nou soumèt, nonsèlman akoz kòlè sa a, men tou akoz konsyans nou+.  Se poutèt sa tou nou peye enpo, paske se sèvis Bondye y ap fè, e yo toujou la ap fè sèvis sa a.  Se pou nou bay tout moun sa nou dwe ba yo: yon moun ki egzije enpo, ba li enpo; yon moun ki egzije taks, ba li taks+; yon moun ki egzije krent, gen krent pou li+; yon moun ki egzije onè, ba li onè+.  Pinga nou dwe pèsonn anyen, sof lanmou nou dwe genyen youn pou lòt+. Paske, yon moun ki renmen pwochen l obeyi Lalwa kòrèkteman+.  Paske, Lalwa di: “Nou pa dwe fè adiltè+, nou pa dwe asasinen moun+, nou pa dwe vòlè+, nou pa dwe gen tanta+”, e li gen lòt kòmandman ankò. Men, pawòl sa a ki di: “Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou” an rezime tout sa ki nan Lalwa+. 10  Yon moun ki gen lanmou pa fè pwochen l mal+. Donk, yon moun ki gen lanmou obeyi Lalwa kòrèkteman+. 11  Se pou nou aji konsa paske nou rekonèt epòk la, nou konnen li deja lè pou nou leve nan dòmi+, piske kounye a, delivrans nou pi pre pase lè nou te vin kwayan an. 12  Nou fon nan nuit lan, li prèt pou l jou. Kidonk, annou retire zèv fènwa yo sou nou+, epi annou mete zam limyè yo sou nou+. 13  Annou mache yon fason ki kòrèk+, tankou se gran jounen. Nou pa dwe ni nan banbòch, ni fè eksè nan bwè bwason, ni nan relasyon seksyèl imoral, ni nan konduit derespektan*+, ni nan goumen, ni nan jalouzi+. 14  Men, se pou nou abiye nou ak Seyè a, Jezi Kris+, e pinga nou fè pwojè pou nou satisfè dezi lachè+.

Nòt anba paj

Oswa: “nanm”.
Oswa: “k ap rale pinisyon”.
Oswa: “konduit ki montre yon moun pa konn wont”. Se fòm pliryèl mo grèk aseljeya yo itilize la a. Gade Lis mo yo esplike yo.