Matye 15​:​1-39

  • Jezi fè konnen tradisyon lèzòm yo pa bon (1-9)

  • Se sa ki sot nan kè yon moun ki sal li (10-20)

  • Gwo lafwa yon dam ki moun peyi Fenisi genyen (21-28)

  • Jezi geri anpil maladi (29-31)

  • Jezi bay plis pase 4 000 moun manje (32-39)

15  Apre sa, gen kèk Farizyen ak kèk espè nan Lalwa ki sot Jerizalèm vin kot Jezi+. Yo di l:  “Poukisa disip ou yo pase tradisyon moun nan tan lontan yo anba pye? Pa egzanp, yo pa lave men yo* lè yo pral manje+.”  Li reponn yo, li di: “Poukisa tou nou menm nou pase kòmandman Bondye anba pye poutèt tradisyon nou genyen+?  Pa egzanp, Bondye di: ‘Onore papa nou ak manman nou+.’ E li di: ‘Moun ki di yon move pawòl sou* papa l oswa manman l, se pou yo touye l+.’  Men nou menm, nou di: ‘Yon moun ki di papa l oswa manman l: “Kèlkeswa sa m genyen mwen ta ka ede w avèk li, mwen deja mete l la kòm kado pou Bondye+”,  moun sa a pa gen pou l onore papa l ditou.’ Konsa, nou fè pawòl Bondye a vin san valè akoz tradisyon nou genyen+.  Bann ipokrit! Pwofesi Ezayi te bay sou nou an byen tonbe. Li te di+:  ‘Se nan bouch pèp sa a onore m, men kè yo byen lwen m.  Se pou granmesi yo kontinye ap adore m, paske doktrin y ap anseye yo se kòmandman lèzòm yo ye+.’” 10  Lè l fin di sa, li rele foul moun yo vin pi pre, li di yo: “Koute sa m pral di a, epi chèche konprann+: 11  Se pa sa ki antre nan bouch yon moun ki sal moun nan. Men, se sa ki soti nan bouch li ki sal li+.” 12  Apre sa, disip yo vini e yo di l: “Èske w konnen Farizyen yo estomake lè yo tande sa w di a+?” 13  Li reponn, li di: “Tout plant Papa m ki nan syèl la pa t plante, l ap derasinen yo. 14  Pinga nou okipe yo. Yo se yon bann gid je pete. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, yo toule de ap tonbe nan twou+.” 15  Pyè di l konsa: “Esplike n egzanp ou te bay anvan an.” 16  Lè sa a, li di: “Èske nou menm tou nou san konprann toujou+? 17  Èske nou pa konnen tout sa ki antre nan bouch yon moun, yo pase nan vant li, epi apre sa, se nan twalèt y al tonbe? 18  Men, sa ki sot nan bouch yon moun se nan kè l yo soti, e se bagay sa yo ki sal moun nan+. 19  Pa egzanp, bagay tankou move rezònman+, zak asasinay, adiltè, imoralite seksyèl*, vòl, fo temwayaj, vye pawòl, se nan kè a yo soti. 20  Se bagay sa yo ki sal yon moun. Men, si yon moun manje san l pa lave men l*, sa pap sal li.” 21  Kounye a, Jezi kite kote l te ye a, li ale nan rejyon Ti ak Sidon+. 22  Epi, gen yon dam ki moun zòn nan, yon moun peyi Fenisi, ki vin parèt, e l ap di byen fò: “Gen pitye pou mwen, Seyè, Pitit David! Pitit fi m nan gen yon demon sou li k ap malmennen l+.” 23  Men, li pa di dam nan yon mo. Epi, disip li yo vini, yo sipliye l, yo di l: “Voye l ale non, paske l ap plede fè bri dèyè nou an.” 24  Li reponn yo: “Bondye pa t voye m pou lòt moun, li te voye m sèlman pou mouton ki pèdi ki nan pèp Izrayèl la+.” 25  Men, dam nan vini, li pwostène devan l, li di l: “Seyè, ede m!” 26  Li reponn dam nan, li di l: “Li pa bon pou yo pran pen timoun yo pou yo voye l bay ti chen.” 27  Dam nan di: “Wi, Seyè. Men, ti chen yo konn manje kras pen ki tonbe sot sou tab mèt yo+.” 28  Lè sa a, Jezi reponn li: “Madanm, ou gen anpil lafwa. Se pou sa rive pou ou jan w swete l la.” Epi menm lè a pitit fi l la geri. 29  Apre sa, Jezi kite zòn nan, l al toupre Lanmè Galile+, e lè l fin monte mòn nan, li chita. 30  Epi, gen yon gwo foul moun ki pwoche bò kote l, yo vin ak moun ki bwete, ki estwopye, ki avèg, ki bèbè ak anpil lòt malad, e yo lage yo bò pye l, e li geri yo+. 31  Konsa, foul moun yo te sezi lè yo wè bèbè ap pale, moun ki estwopye geri, moun ki enfim nan pye ap mache dwat e moun ki avèg wè, e sa te fè yo bay Bondye Izrayèl la glwa+. 32  Epi, Jezi rele disip li yo vin jwenn li, li di yo: “Mwen gen pitye pou foul moun yo+, paske sa deja fè twa jou depi yo la avè m, e yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa vle voye yo ale tou grangou, paske yo ka tonbe feblès nan wout la+.” 33  Men, disip yo di l: “Nan zòn izole sa a, kote n ap jwenn ase pen pou nou bay gwosè foul moun sa a manje vant plen+?” 34  Lè sa a, Jezi di yo: “Konbyen pen nou gen la a?” Yo di: “Sèt pen ak kèk ti pwason.” 35  Apre l fin mande foul moun yo pou yo chita atè, 36  li pran sèt pen yo ak pwason yo. Lè l fin di Bondye mèsi, li kase yo e li bay disip yo, e disip yo yo menm separe yo bay foul moun yo+. 37  Tout moun manje vant plen, e disip yo plen sèt gwo pànye* ak rès ki te rete yo+. 38  Twouve, te gen 4 000 gason ki te manje, san konte fi ak timoun. 39  Alafen, Jezi voye foul moun yo ale, epi li monte nan bato a, li ale nan zòn Magadan+.

Nòt anba paj

Se pa t lave men paske men yo sal, men se te lave men dapre tradisyon Juif yo te genyen.
Oswa: “ki joure”.
Se fòm pliryèl mo grèk pòneya a yo itilize la a. Gade Lis mo yo esplike yo.
Se pa t lave men paske men yo sal, men se te lave men dapre tradisyon Juif yo te genyen.
Oswa: “plen sèt pànye yo konn met pwovizyon”.