Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

JW LIBRARY

Fason pou w souliye tèks sou Windows

Fason pou w souliye tèks sou Windows

Nan aplikasyon JW Library a ou kapab souliye mo oubyen fraz pandan w ap li oubyen w ap etidye yon piblikasyon.

Suiv enstriksyon ki vin apre yo pou w wè fason pou w souliye tèks:

 Souliye yon tèks

Gen de fason ou kapab souliye yon tèks.

Ou ka fè yon ti kite dwèt ou sou yon mo pou w seleksyone l. Apre sa, w ap wè de ti boul ki parèt, ou ka itilize yo pou w kontinye seleksyone tèks ou vle a. Nan meni ki parèt la, chwazi koulè w vle souliye tèks la.

Ou ka itilize yon plim yo fè pou sa pou w souliye yon mo oswa yon fraz. Ou ka souliye yon tèks menm jan ou ta ka souliye nan yon liv enprime w ap li. Lè w fini, gen yon meni k ap parèt. Nan meni ki parèt la, ou ka chanje koulè sa w souliye a oswa efase koulè ki la deja a.

 Chanje koulè oswa efase souliye a

Pou w chanje koulè sa w souliye a, mete dwèt ou sou tèks ki souliye a, epi chwazi yon lòt koulè. Si w bezwen retire souliye a, ou ka mete dwèt ou kote w souliye a, epi chwazi Efase.

Tout opsyon sa yo te vin disponib lè JW Library 1.6 la te soti nan mwa novanm 2015. JW Library 1.6 la mache sou Windows 8.1 pou pi piti. Si w pa jwenn opsyon sa yo sou aparèy ou a, tanpri gade enstriksyon yo nan atik “Kòmanse sèvi ak JW Library sou Windows yo” nan pati Jwenn dènye mizajou yo.