Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

JW LIBRARY

Telechaje epi jere piblikasyon yo sou iOS

Telechaje epi jere piblikasyon yo sou iOS

Gen plizyè santèn liv, bwochi, feyè ak videyo ou ka li oswa gade sou JW Library menmsi w pa konekte sou Entènèt.

Suiv enstriksyon ki vin apre yo pou w ka telechaje epi jere piblikasyon yo:

 Telechaje yon piblikasyon

Ou ka telechaje valè piblikasyon w vle pou w li oubyen pou w etidye. Ou ka li yo oswa etidye yo menmsi w pa konekte sou Entènèt.

  • Ale nan meni an epi chwazi Piblikasyon pou w ka wè lis tout piblikasyon yo.

  • Chwazi opsyon Lang nan pou w ka wè lis tout lang ki gen piblikasyon ki disponib. Chwazi lang ou vle a. Lang ou plis itilize yo ap parèt pa anlè nan lis la. Oubyen tou, ou ka tape non lang ou bezwen an pou w ka jwenn yon lang ki nan lis la.

Gen plizyè fason ou ka jwenn yon piblikasyon nan JW Library.

Seksyon ki rele Selon kategori a pèmèt ou wè piblikasyon ki nan lang ou chwazi a. Yo gwoupe tout piblikasyon ki nan menm kategori, tankou Liv, Feyè ak Videyo. Lè w chwazi youn nan kategori yo, l ap ba ou lòt opsyon anplis. Pa egzanp, si w chwazi Toudegad, w ap wè yo ranje yo pa ane, si se Videyo ou chwazi, w ap wè plizyè kategori videyo ki genyen. Pou w retounen nan kòmansman lis la, chwazi Tout kategori.

Seksyon Fèk ajoute a montre ki piblikasyon ki fèk parèt nan lang ou chwazi a.

Piblikasyon ou poko telechaje yo gen yon ti desen nyaj bò kote yo. Chwazi yon piblikasyon pou w ka telechaje l. Kou w fin telechaje l, ou pap wè ti desen nyaj la ankò. Chwazi piblikasyon an ankò pou w li l.

Seksyon Sa m telechaje a ap montre w tout piblikasyon ou te deja telechaje yo nan kèlkeswa lang nan. Ou ka chwazi ranje seksyon sa a nan lòd Sa k plis itilize, Sa k pa itilize souvan oubyen ou ka ranje l selon Gwosè fichye yo.

Efase yon piblikasyon

 Ou ka efase yon piblikasyon si w bezwen jwenn plis espas oubyen si w pap itilize l ankò.

Chwazi Piblikasyon, apre sa chwazi yon kategori (pa egzanp Liv) pou w ka wè lis piblikasyon yo. Ale nan Chwazi epi pran piblikasyon ou ta renmen efase yo. Ou ka fè yon ti kite dwèt ou tou sou yon piblikasyon pou w seleksyone l. Chwazi Efase epi chwazi Wi pou w ka efase piblikasyon ou vle a.

Si w bezwen plis espas, ou ka efase piblikasyon ou pa itilize souvan yo oubyen sa ki pran anpil espas yo. Ale nan Piblikasyon, chwazi Sa m telechaje epi fè yo parèt selon Sa k pa itilize souvan oubyen selon Gwosè fichye yo. Efase piblikasyon ou pap itilize ankò yo.

Jwenn dènye mizajou pou yon piblikasyon

 Detanzantan, ou ka jwenn mizajou pou yon piblikasyon ou te telechaje.

Si gen mizajou pou yon piblikasyon, w ap wè ti desen de flèch la toupre l. Si w chwazi piblikasyon an, w ap jwenn yon mesaj ki di gen yon mizajou. Chwazi Telechaje pou w ka fè mizajou piblikasyon an. Ou ka chwazi fè l Yon lòt fwa pou w ka kontinye li piblikasyon an jan l ye a.

Si w bezwen konnen si gen mizajou pou nenpòt nan piblikasyon ou te telechaje yo, ale nan meni an epi chwazi Piblikasyon. Si gen mizajou ki disponib, gen yon seksyon ki rele Mizajou ki poko fèt k ap parèt. Chwazi l pou w ka wè tout mizajou ou poko fè yo. Chwazi yon piblikasyon pou w ka fè yon mizajou pou piblikasyon sa a oubyen si w vle fè mizajou pou tout piblikasyon yo, chwazi Fè mizajou pou yo tout.

Tout opsyon sa yo te vin disponib lè JW Library 1.4 la te soti nan mwa fevriye 2015. JW Library 1.4 la mache sou iOS 6.0 pou pi piti. Si w pa jwenn opsyon sa yo sou aparèy ou a, tanpri gade enstriksyon yo nan atik “Kòmanse sèvi ak JW Library sou iOS yo” nan pati Jwenn dènye mizajou yo.