Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

JW LIBRARY

Aprann sèvi ak JW Library sou Androyid

Aprann sèvi ak JW Library sou Androyid

Nou kontan w ap itilize JW Library. Yo fè aplikasyon sa a pou moun kapab li epi etidye Labib. Ou ka jwenn opsyon prensipal aplikasyon sa a nan meni prensipal la. Pou w ka jwenn meni prensipal la, pase dwèt ou soti agoch nan kwen ekran an pou al adwat oubyen chwazi twa ti ba ki pa anlè ekran an sou bò goch.

 Bib

Lè w chwazi kote ki make Bib la, ou ka li oswa telechaje divès tradiksyon Labib. Chwazi yon liv nan Bib la epi chwazi chapit ou vle li a. Pandan w ap li, ou gen posiblite gade nòt yo, referans yo ak lòt tradiksyon Labib yo nan kolòn Lòt enfòmasyon an.

Si w vle li yon lòt vèsè, ale nan meni prensipal la epi chwazi Bib la ankò pou w ka retounen nan lis liv yo.

 Piblikasyon

Lè w chwazi kote ki make Piblikasyon an, ou ka wè piblikasyon ekri, piblikasyon ki nan fòma odyo oubyen videyo. Chwazi yon piblikasyon epi chwazi sijè ou ta renmen li a. Pandan w ap li l, ou gen posiblite gade vèsè yo site yo. Chwazi youn ladan yo epi l ap parèt nan kolòn Lòt enfòmasyon an. Si w chwazi vèsè a ankò nan kolòn Lòt enfòmasyon an, l ap fè w wè vèsè a nan Bib la.

Si w vle ouvri yon lòt piblikasyon, ale nan meni prensipal la epi chwazi Piblikasyon pou w ka retounen nan lis tout piblikasyon yo.

 Tèks pou jounen

Nan meni prensipal la, chwazi Tèks pou jounen an pou w ka wè tèks la.k

 Sou Entènèt

Seksyon Sou Entènèt la ki nan meni prensipal la gen lyen ki voye w tou dwat sou sit ofisyèl nou yo.

 Jwenn dènye opsyon yo

Toujou fè mizajou pou w ka jwenn dènye opsyon yo pou aplikasyon JW Library a.

Li bon pou w toujou gen dènye vèsyon Androyid ki disponib pou aparèy ou a. Ale sou lyen ki vin apre a pou w jwenn plis esplikasyon: https://support.google.com/nexus/answer/4457705.

Si w vle tou, ou ka pwograme aparèy ou a pou l fè mizajou yo poukont li depi yo disponib. Ale sou lyen ki vin apre a pou w jwenn plis esplikasyon: https://support.google.com/googleplay/answer/113412.