Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

JW LIBRARY

Fason pou m make kote m rive sou Androyid yo

Fason pou m make kote m rive sou Androyid yo

Gen yon opsyon nan JW Library ki pèmèt ou sonje kote w ye nan yon piblikasyon, menm jan ou ta ka make ki kote w rive nan yon liv enprime w ap li. Lè w ap li yon piblikasyon nan aplikasyon JW Library a, ou gen posiblite pou w make 10 kote pou pi plis nan piblikasyon an.

Suiv enstriksyon ki vin apre yo pou w ka make kote w rive:

 Make yon tèks pou w jwenn li apre

Ou ka make yon atik oubyen yon chapit, konsa tou ou ka make yon paragraf nan yon chapit oubyen ou ka make yon vèsè.

Pou w make yon chapit oswa yon atik, chwazi ti desen Sa m sere. Gen yon lis k ap parèt, ladan l w ap jwenn tout sa w make nan piblikasyon ou ouvè a. Chwazi youn ki vid pou w ka make chapit oubyen atik ou ladan l lan.

Si w vle make yon paragraf oubyen yon vèsè nan Bib la, chwazi paragraf la oubyen vèsè a, apre sa, chwazi ti desen Sa m sere ki vin parèt la.

 Jwenn yon tèks ou deja make

Pou w ka wè kote w rive nan yon piblikasyon, ouvri piblikasyon w te make a, apre sa chwazi ti desen Sa m sere a. Chwazi kote w te make a pou w ouvri kote w rive nan piblikasyon an.

 Jere sa w make yo

Ou ka efase oswa ranplase yon kote w te make.

Men sa pou w fè si w ta vle efase yon kote w te make: Chwazi ti desen Sa m sere a, epi chwazi opsyon Plis ki toupre kote w vle efase a. Chwazi Efase.

Men sa pou w fè si w vle ranplase yon kote w te make: Chwazi ti desen Sa m sere, apre chwazi opsyon Plis la ki toupre kote w vle ranplase a. Chwazi Ranplase. Se dènye kote w make a k ap la kounye a. Se yon opsyon ki vrèman itil paske li pèmèt ou sonje ki kote w rive nan yon piblikasyon toutpandan w ap li l. Pa egzanp, li ede w sonje kote w rive nan lekti Labib w ap fè chak jou.

Tout opsyon sa yo te vin disponib lè JW Library 1.2 a te soti nan mwa me 2014. JW Library 1.2 a mache sou Androyid 2.3 pou pi piti. Si w pa jwenn opsyon sa yo sou aparèy ou a, tanpri gade enstriksyon yo nan atik “Kòmanse sèvi ak JW Library sou Androyid yo” nan pati Jwenn dènye mizajou yo.