Al gade sa k anndan l

Èske gen kèk fim, kèk liv oswa kèk mizik Temwen Jewova yo entèdi?

Èske gen kèk fim, kèk liv oswa kèk mizik Temwen Jewova yo entèdi?

 Non. Òganizasyon nou an pa chèche di moun ki fè pati òganizasyon an ki fim yo dwe gade, ki liv yo dwe li oswa ki mizik yo dwe koute. Poukisa òganizasyon an pa fè sa?

  Bib la ankouraje chak moun pou yo sèvi ak “kapasite yo genyen pou yo konprann” nan pou yo ka distenge sa ki byen ak sa ki mal. — Ebre 5:14.

  Bib la bay bonjan prensip ki ede kretyen yo byen chwazi kalite detant y ap pran a. Pandan tout vi yo, objektif yo se “kontinye verifye sa k ap fè Seyè a plezi.” — Efezyen 5:10.

  Bib la fè konnen chèf fanmi yo gen otorite sou fanmi yo. Donk, yo gen dwa chwazi ki kalite detant yo vle manm fanmi yo pran oubyen yo ka entèdi yo pran yon kalite detant an patikilye (1 Korentyen 11:3; Efezyen 6:1-4). Donk, si se pa anndan yon fanmi, pyès moun nan òganizasyon an pa gen otorite pou l entèdi yon fim, yon mizik oswa yon atis an patikilye. — Galat 6:5.

a Pa egzanp, Bib la kondane tout sa ki gen rapò ak movèzespri, imoralite seksyèl oswa vyolans. — Detewonòm 18:10-13; Efezyen 5:3; Kolosyen 3:8.