1 Korentyen 11​:​1-34

  • “Se pou nou imite m” (1)

  • Kesyon otorite a ak kesyon kouvri tèt la (2-16)

  • Fason pou nou selebre Soupe Seyè a (17-34)

11  Se pou nou imite m, menm jan mwen menm, mwen imite Kris+.  M ap fè nou konpliman, paske nou sonje m nan tout bagay e nou byen kenbe tout sa mwen te transmèt nou.  Men, mwen vle nou konnen chèf* tout gason se Kris+, chèf fi se gason+, e chèf Kris se Bondye+.  Yon gason k ap priye oswa k ap pwofetize* ak yon bagay kouvri tèt li fè chèf li wont.  Yon fi k ap priye oswa k ap pwofetize+ ak tèt li san kouvri fè chèf li wont, paske se egzakteman kòmsi tèt li te kale.  Paske, si yon fi pa kouvri tèt li, li dwe koupe cheve l raz tou. Men, si se yon wont pou yon fi koupe cheve l raz oswa pou l kale tèt li, li dwe kouvri tèt li.  Paske, yon gason pa dwe kouvri tèt li, etandone li se pòtre Bondye+ e li se glwa Bondye. Men, fi se glwa gason.  Paske, gason pa soti nan fi, se fi ki soti nan gason+.  Mete sou sa, Bondye pa t kreye gason pou fi, men se fi li te kreye pou gason+. 10  Se sa k fè, poutèt zanj yo+, yon fi dwe gen yon siy sou tèt li ki montre li soumèt li. 11  Men, anrapò ak Seyè a, fi pa egziste san gason, e gason pa egziste san fi. 12  Paske, menm jan fi soti nan gason+, se konsa tou gason fèt grasa fi, men tout bagay soti nan Bondye+. 13  Gade byen pou nou wè: Èske li kòrèk pou yon fi priye Bondye ak tèt li san kouvri? 14  Nòmalman, si yon gason gen cheve long, èske se pa yon dezonè sa ye pou li? 15  Men, si se yon fi ki gen cheve long, èske se pa yon glwa sa ye pou li? Paske, Bondye bay fi cheve pou kouvri tèt li. 16  Antouka, menmsi yon moun ta vle suiv lòt koutim, nou menm nou pa gen lòt, ni kongregasyon Bondye yo nonplis. 17  Men, pandan m ap ban nou enstriksyon sa yo, mwen pa fè nou konpliman. Paske, lè nou rasanble, nou fè plis mal pase byen. 18  Pou kòmanse, mwen tande lè nou reyini nan yon kongregasyon, gen divizyon nan mitan nou. E mwen yon ti jan kwè sa m tande a. 19  Paske, se sèten pral gen klan tou nan mitan nou+, pou moun Bondye apwouve yo ka parèt aklè tou nan mitan nou. 20  Lè nou reyini yon kote, nou pa vrèman fè sa pou nou manje Soupe Seyè a+. 21  Paske, lè lè a rive pou nou manje l, gen nan nou ki gentan soupe anvan, konsa, yon moun grangou, men yon lòt sou, tèlman l bwè. 22  Èske nou pa gen kay kote pou nou manje e pou nou bwè? Oubyen, èske se respekte nou pa respekte kongregasyon Bondye a ki fè n ap fè moun ki pa gen anyen yo santi yo wont? Ki sa m ka di nou? Èske m ta dwe fè nou konpliman? Mwen pa fè nou konpliman pou jan nou aji a. 23  Paske, menm sa m te resevwa nan men Seyè a, se sa tou mwen transmèt nou: Nan nuit+ yo t apral trayi Seyè Jezi a, li te pran yon pen, 24  e apre l fin di Bondye mèsi, li kase l, epi li di: “Sa a reprezante kò m+ ki pou nou. Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m+.” 25  Li te fè menm bagay la ak koup la+ tou, apre yo te fin soupe. Li di: “Koup sa a reprezante nouvo alyans lan+ ki fèt grasa san m+. Kontinye fè sa, chak fwa n ap bwè ladan l, pou nou montre nou sonje m+.” 26  Paske, chak fwa n ap manje pen sa a e n ap bwè nan koup sa a, se kontinye n ap kontinye anonse lanmò Seyè a jiskaske l vini. 27  Se sa k fè, nenpòt moun ki manje nan pen an oswa ki bwè nan koup Seyè a yon fason ki pa konvnab, l ap koupab anrapò ak kò Seyè a e anrapò ak san l. 28  Se pou yon moun byen egzamine tèt li anvan pou l wè si l diy+, e se sèlman apre sa, li mèt manje nan pen an e li mèt bwè nan koup la. 29  Paske, yon moun ki manje nan pen an e ki bwè nan koup la san l pa rive konprann sa kò a reprezante, l ap rale kondanasyon sou tèt li. 30  Se sa k fè gen anpil nan nou ki fèb e ki malad, e yon bonkou nan nou ap dòmi nan lanmò*+. 31  Men, si nou te rive konprann sa nou menm nou ye, yo pa t ap jije nou. 32  Sepandan, lè yo jije nou, se yon disiplin Jewova*+ ban nou, pou nou ka pa kondane avèk monn nan+. 33  Kidonk, frè m yo, lè nou reyini pou nou manje manje sa a, se pou youn tann lòt. 34  Si yon moun grangou, se pou l manje lakay li, dekwa pou lè nou reyini se pa pou kondanasyon nou reyini+. Men, kanta pou rès bagay yo, m ap regle yo lè m vini.

Nòt anba paj

Mo grèk la siyifi “tèt” tou. Nan tout chapit sa a, li vle di ni “chèf”, ni “tèt”.
Sa gen ladan l anonse sa k pral pase alavni, anonse mesaj ki soti nan Bondye, oswa fè konnen volonte Bondye oubyen anonse l.
Sanble lanmò y ap pale la a se pa yon lanmò toutbon, men se pèdi yon moun pèdi relasyon li gen ak Bondye.