1 Korentyen 7​:​1-40

  • Konsèy pou moun ki pa marye ak konsèy pou moun ki marye (1-16)

  • Ret nan sitiyasyon Bondye te rele w la (17-24)

  • Konsèy pou moun ki pa marye yo ak konsèy pou vèv yo (25-40)

    • Avantaj ki genyen lè yon moun selibatè (32-35)

    • Marye ‘sèlman ak moun ki nan Seyè a’ (39)

7  Kounye a, konsènan bagay nou te ekri yo, li pi bon pou yon gason pa manyen yon fi*.  Sepandan, akoz imoralite seksyèl* ki fin gaye, se pou chak gason gen pwòp madanm li+, e se pou chak fi gen pwòp mari l+.  Se pou mari a bay madanm li sa l dwe l la, e se pou madanm nan fè menm jan an tou pou mari l+.  Se pa madanm nan ki gen pouvwa sou pwòp kò l, men se mari a. Menm jan an tou, se pa mari a ki gen pouvwa sou pwòp kò l, men se madanm nan.  Pinga youn refize lòt, sof si nou antann nou sou sa pou yon tan nou fikse, yon fason pou nou ka konsakre tan pou nou lapriyè, e apre sa pou nou tounen ansanm ankò, dekwa pou Satan pa kontinye tante nou poutèt nou pa ka kontwole tèt nou.  Sepandan, lè m di sa a, se pa lòd m ap pase nou, men se pèmisyon mwen ban nou.  Men, mwen ta renmen pou tout moun tankou m. Men, Bondye bay chak moun don pa yo+, youn jwenn li yon jan, lòt la jwenn li yon lòt jan.  Kounye a, m ap di moun ki pa marye yo ak vèv yo, li pi bon pou yo si yo rete menm jan avè m+.  Men, si yo pa ka kontwole tèt yo, pito yo marye, paske li pi bon pou yon moun marye pase pou l kite anvi pote l ale+. 10  Men sa m ap di moun marye yo, e se pa mwen menm ki di l, se Seyè a: Yon madanm pa dwe separe ak mari l+. 11  Men, si li separe avè l, se pou l rete san l pa marye, oubyen se pou l rekonsilye ak mari l. E yon mari pa dwe kite madanm li+. 12  Men, pou lòt moun yo, men sa m ap di, wi, mwen menm, se pa Seyè a+: Si yon frè gen madanm li ki pa kwayan, e madanm nan dakò rete ak li, li pa dwe kite l. 13  E si yon madanm gen mari l ki pa kwayan, e mari a dakò rete ak li, li pa dwe kite mari a. 14  Paske, mari ki pa kwayan an vin sen parapò ak madanm li, e madanm ki pa kwayan an vin sen parapò ak frè a. Si se pa t sa, pitit nou yo pa t ap pwòp, men kounye a, yo sen. 15  Men, si moun ki pa kwayan an vle separe, li mèt separe. Nan ka sa a, frè a oswa sè a pa gen okenn obligasyon ankò. Bondye te rele nou pou nou viv anpè+. 16  Anfèt, ou menm madanm, ki jan w fè konnen si w pap sove mari w+? Oubyen, ou menm mari, ki jan w fè konnen si w pap sove madanm ou? 17  Piske Jewova* bay chak moun pòsyon pa yo, se pou chak moun rete jan Bondye te rele l la+. E se lòd sa a mwen bay nan tout kongregasyon yo. 18  Èske yon moun te deja sikonsi lè Bondye te rele l+? Li mèt ret jan l ye a. Èske yon moun pa t sikonsi lè Bondye te rele l? Li pa bezwen fè yo sikonsi l+. 19  Sikonsi pa vle di anyen, pa sikonsi pa vle di anyen+, men, sa ki enpòtan, se obeyi kòmandman Bondye yo+. 20  Nan kèlkeswa sitiyasyon yon moun te ye lè Bondye te rele l, li mèt ret ladan l+. 21  Èske w te yon esklav lè Bondye te rele w la? Pa chaje tèt ou pou sa+. Men, si w ka vin lib, ou mèt pwofite okazyon an. 22  Paske, kèlkeswa moun ki nan Seyè a ki te esklav lè Bondye te rele l, li vin yon moun lib ki pou Seyè a+. Menm jan an tou, yon moun ki te lib lè Bondye te rele l, li vin yon esklav Kris. 23  Yo te peye yon pri pou yo achte nou+. Sispann fè tèt nou tounen esklav lèzòm. 24  Frè m yo, nan kèlkeswa sitiyasyon yon moun te ye lè Bondye te rele l, li mèt ret ladan l, toutpandan l kenbe relasyon l ak Bondye. 25  Kanta pou moun ki vyèj yo*, Seyè a pa ban m lòd pou yo, men m ap bay opinyon pa m+ antanke moun Seyè a fè mizèrikòd pou m ka fidèl. 26  Se sa k fè, mwen panse akoz sitiyasyon difisil n ap fè fas la a, li pi bon pou yon moun rete jan l ye a. 27  Èske w gen madanm? Sispann chèche separe avè l+. Èske w san madanm? Sispann chèche yon madanm. 28  Men, menmsi w ta marye, ou pa t ap peche. E si yon moun ki vyèj ta marye, moun sa a pa t ap peche. Sepandan, moun ki marye yo ap jwenn tribilasyon nan lavi yo*. Men, se epaye m ap eseye epaye nou sa. 29  Anplis, frè m yo, men sa m ap di nou: Tan ki rete a vin pi kout+. Depi kounye a, se pou moun ki gen madanm fè tankou yo pa t genyen. 30  Epitou, se pou moun k ap kriye yo tankou moun ki pap kriye. Se pou moun k ap rejwi yo tankou moun ki pap rejwi. Se pou moun k ap achte yo tankou moun ki pa posede anyen. 31  E se pou moun k ap sèvi ak monn nan tankou moun ki pap sèvi avè l nèt. Paske, monn sa a se chanje l ap chanje tankou sèn nan pyès teyat. 32  An reyalite, mwen pa vle nou enkyete nou ditou. Gason ki pa marye a enkyete l pou bagay Seyè a, ki jan pou l fè Seyè a plezi. 33  Men, gason ki marye a enkyete l pou bagay monn nan+, ki jan pou l fè madanm li plezi, 34  e li vin gen de okipasyon. Menm jan an tou, fi ki pa marye a ak fi ki vyèj la enkyete yo pou bagay Seyè a+, pou yo ka sen ni nan kò yo ni nan lespri yo. Sepandan, fi ki marye a enkyete l pou bagay monn nan, ki jan pou l fè mari l plezi. 35  Men, m ap di nou sa nan avantaj nou. Se pa pou m mare pye nou, men se pou m ankouraje nou pou nou fè sa ki kòrèk e pou nou toujou sèvi Seyè a san nou pa distrè. 36  Men, si yon moun panse l ap aji yon fason ki pa kòrèk lè l rete san l pa marye* e si l pa twò jèn, men sa k dwe fèt: Li mèt marye+ si se sa l vle. Li pa peche. 37  Men, si yon moun byen deside nan kè l, si li pa gen okenn nesesite, si li kontwole pwòp volonte l e si li pran desizyon nan kè l pou l rete san l pa marye*, li byen fè+. 38  Yon lòt bò, yon moun ki marye* byen fè tou, men, yon moun ki pa marye ap fè pi byen toujou+. 39  Yon fi ini ak mari l toutotan mari a vivan+. Men, si mari l ta vin mouri, li lib pou l marye ak moun li vle, men se sèlman si moun sa a nan Seyè a+. 40  Sepandan, dapre mwen menm, l ap viv ak plis kè kontan si l rete jan l ye a. E se sèten, mwen panse mwen menm tou, mwen gen lespri Bondye.

Nòt anba paj

Anpalan de relasyon seksyèl ak yon fi.
Se fòm pliryèl mo grèk pòneya a yo itilize la a. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “Kanta pou moun ki pa janm marye yo”.
Lit.: “nan chè yo”.
Oswa: “ki pa kòrèk anrapò ak vijinite l”.
Oswa: “pou l kenbe vijinite l”.
Oswa: “yon moun ki bay vijinite l nan maryaj”.