Al gade sa k anndan l

Èske lè pou n mouri a deja ekri?

Èske lè pou n mouri a deja ekri?

Repons Bib la bay

 Non, nou pa gen yon lè ki deja ekri pou n mouri. Labib pa soutni ide desten an, okontrè li fè konnen byen souvan moun mouri paske “malè rive sou yo tout sanzatann”. — Eklezyas 9:11.

Èske Bib la pa di gen “yon lè pou moun mouri”?

 Wi, Eklezyas 3:2 di gen “lè pou ou fèt, lè pou ou mouri, lè pou ou plante, lè pou ou rekòlte”. (Bib la.) Men, kontèks vèsè a montre Bib la t ap pale de fason bagay yo ye nan lavi a an jeneral (Eklezyas 3:1-8). Bondye pa deja ekri lè pou chak moun mouri menm jan li pa egzije pou moun plante nan yon moman egzak. Anfèt, sa pou n konprann sèke nou pa dwe kite bagay lavi a pran tèt nou nan pwen pou n bliye Sila a ki kreye nou an. — Eklezyas 3:11; 12:1, 13.

Nou ka fè yon fason pou n viv pi lontan

 Malgre gen anpil bagay ki pa sèten nan lavi a, byen souvan, nou ka viv pi lontan si nou pran bon desizyon. Labib fè konnen: “Ansèyman moun ki gen sajès yo bay se yon sous ki bay lavi. Li ede moun evite pyèj ki bay lanmò yo.” ​(Pwovèb 13:14). Moyiz te fè Izrayelit yo konnen tou yo te “ka viv lontan” si yo te obeyi kòmandman Bondye yo (Detewonòm 6:2). Yon lòt bò, nou kapab fè lavi nou pi kout si nou aji san reflechi. — Eklezyas 7:17.

 Sepandan, menmsi nou aji ak sajès oswa nou pridan anpil, nou pa ka chape anba lanmò (Women 5:12). Men, sitiyasyon sa a pral chanje, paske Labib pwomèt gen yon lè k ap rive kote “pap gen lanmò ankò”. — Revelasyon 21:4.