Eklezyas 9​:​1-18

  • Menm bagay la rive tout moun (1-3)

  • Menmsi w gen pou w mouri, viv ak kè kontan (4-12)

    • Moun ki mouri yo pa konn anyen (5)

    • Pa gen aktivite nan Tonm nan (10)

    • Move moman ak malè rive sanzatann (11)

  • Yo pa toujou bay moun ki gen sajès valè (13-18)

9  Epi, mwen te reflechi sou tout bagay sa yo e mwen te vin konprann ni moun ki jis ni moun ki gen sajès, ansanm ak sa yo fè, tout nan men vrè Dye a+. Pa gen moun ki konnen lanmou ak rayisman ki te genyen anvan yo te fèt.  Menm bagay la rive tout moun*+, kit se moun ki dwat, kit se moun ki mechan+, kit se moun ki bon e ki pwòp*, kit se moun ki pa pwòp*, kit se moun ki bay sakrifis, kit se moun ki pa bay sakrifis. Moun ki bon moun nan menm jan ak moun k ap fè peche a. Moun ki fè yon sèman san reflechi menm jan ak moun ki pa kouri fè yon sèman.  Men yon bagay ki bay lapenn ki rive sou tè a*: Piske menm bagay la rive tout moun*+, chaje move bagay nan kè yo, e pandan tout lavi yo, yo gen lide moun fou nan kè yo, apre sa yo mouri*.  Gen espwa pou kèlkeswa moun k ap viv la, paske yon chen ki vivan pi bon pase yon lyon ki mouri+.  Anfèt, moun ki vivan yo konnen y ap mouri+, men moun ki mouri yo pa konn anyen ditou+. Epitou, yo pa gen anyen* y ap jwenn ankò, paske yo bliye yo nèt+.  Mete sou sa, yo pa ka ni renmen, ni rayi, ni fè jalouzi ankò, ni yo pa ka patisipe nan anyen k ap fèt anba solèy la+.  Ale, manje manje w ak kè kontan, epi bwè diven w ak kè kontan+, paske vrè Dye a pran plezi nan sa w ap fè yo+.  Se pou rad ou gen sou ou toujou blan* e se pou w toujou pase luil sou tèt ou+.  Jwi lavi w ak madanm ou renmen an+ pandan tout tan nan lavi w k ap pase byen vit la, pandan tout tan Bondye mete w viv sou tè a, pandan tout tan w ap viv la ki se vanite*. Paske sa se lo* pa w nan lavi a pou travay ou redi fè sou tè a+. 10  Tout sa w jwenn fè ak men w, fè l ak tout fòs ou, paske pa gen ni travay, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Tonm*+ kote w prale a. 11  Mwen wè yon lòt bagay ankò sou tè a: se pa ni moun ki rapid yo ki toujou genyen kous la, ni moun ki gen fòs yo ki genyen batay la+, ni moun ki gen sajès yo ki toujou jwenn manje, ni moun ki entèlijan yo ki toujou gen richès+, ni moun ki gen konesans yo ki toujou reyisi+, paske move moman ak malè rive sou yo tout sanzatann*. 12  Paske pèsonn pa konnen ki lè jou pa l ap rive+. Menm jan yo pran pwason nan filè pou touye yo e menm jan yo pran zwazo nan pèlen, se konsa tou moun tonbe nan pyèj lè malè* rive sou yo sanzatann. 13  Epitou, men sa m te wè sou tè a lè m t ap reflechi sou sajès moun genyen, e sa te fè m sezi: 14  Te gen yon ti vil ki pa t gen anpil gason ladan l, e te gen yon gwo wa ki te vin atake vil la. Li te fè yo ansèkle vil la e li te fè yo fè gwo barikad toutotou l. 15  Te gen yon mesye ki malere nan vil la, men li te gen sajès. Grasa sajès li, li te sove vil la. Men, pèsonn pa t sonje malere sa a+. 16  Epi, mwen te di tèt mwen: ‘Sajès gen plis valè pase fòs+. Epoutan, yo pa bay sajès yon moun ki malere valè e yo pa koute pawòl li+.’ 17  Pito yon moun koute sa yon moun ki gen sajès ap di l tou ba pase l koute sa yon chèf k ap fè gwo rèl ap di l nan mitan moun sòt. 18  Sajès pi bon pase zam moun fè lagè, men yon sèl moun k ap fè peche ka kraze yon pakèt bagay+.

Nòt anba paj

Oswa: “Tout moun fini menm jan”.
Oswa: “e ki nan kondisyon pou l fè sèvis Bondye”.
Oswa: “ki pa nan kondisyon pou l fè sèvis Bondye”.
Lit.: “ki fèt anba solèy la”.
Oswa: “Piske tout moun fini menm jan”.
Lit.: “apre sa, y al jwenn mò yo”.
Oswa: “salè”.
Sa vle di rad ki klere ki montre ou gen lajwa, se pa rad ki montre ou nan lapenn.
Oswa: “ki pa vo anyen; k ap pase”.
Oswa: “pòsyon”.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “paske evènman moun pa prevwa rive sou yo tout”.
Oswa: “kalamite”.