Al gade sa k anndan l

Poukisa moun mouri?

Poukisa moun mouri?

Repons Bib la bay

 Li nòmal pou nou chèche konnen poukisa moun mouri, sitou lè nou gen yon moun ki pwòch avè nou ki mouri. Men sa Bib la di: “Pikan ki bay lanmò a, se peche.” — 1 Korentyen 15:56.

Poukisa tout moun peche e yo mouri?

 Adan ak Èv, de premye moun yo, te pèdi lavi yo paske yo te peche kont Bondye (Jenèz 3:17-19). E lanmò se konsekans rebelyon yo te fè kont Bondye a, paske se li ki “sous lavi a”. — Sòm 36:9; Jenèz 2:17.

 Adan te pase peche bay tout desandan l yo. Bib la di: “Akoz yon sèl moun peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun paske yo tout te peche.” (Women 5:12). Tout moun mouri paske yo tout peche. — Women 3:23.

Fason lanmò pral disparèt

 Bondye pwomèt gen yon lè l ap “anglouti lanmò pou toutan”. (Ezayi 25:8.) Pou Bondye retire lanmò, li dwe disparèt koz lanmò a, ki se peche. Bondye pral fè sa pa mwayen Jezi Kris, sila a “k ap retire peche monn nan”. — Jan 1:29; 1 Jan 1:7.