Al gade sa k anndan l

Èske Labib anseye ‘depi yon moun sove, li sove nèt’?

Èske Labib anseye ‘depi yon moun sove, li sove nèt’?

Repons Bib la bay

 Non, li pa anseye doktrin ‘depi yon moun sove, li sove nèt’ la. Yon moun ki vin sove grasa lafwa l nan Jezi Kris kapab pèdi ni lafwa sa a ni delivrans ki mache avè l la. Bib la di pou nou toujou gen lafwa, sa mande anpil efò, se “yon gwo lit”. (Jid 3, 5.) Men sa yo te di premye kretyen yo ki te deja aksepte Kris: “Kontinye travay pou pwòp delivrans nou, avèk krent ak anpil respè.” — Filipyen 2:12.

Vèsè nan Bib la ki kontredi ansèyman ‘depi yon moun sove, li sove nèt’ la

  •   Bib la avèti nou kont peche grav yo ki kapab anpeche yon moun antre nan Wayòm Bondye a (1 Korentyen 6:9-11; Galat 5:19-21). Si yon moun pa t ka pèdi delivrans lan, avètisman sa yo pa t ap gen sans. Okontrè, Bib la montre nou yon moun ki sove kapab sispann fè sa ki dwat epi retounen pratike peche ki grav. Pa egzanp, Ebre 10:26 di: “Si nou fè espre n ap pratike peche apre nou fin resevwa konesans egzak sou verite a, pa rete okenn sakrifis ankò pou peche nou yo.” — Ebre 6:4-6; 2 Pyè 2:20-22.

  •   Jezi te montre enpòtans pou nou kontinye gen lafwa lè l te bay yon egzanp kote li te konpare tèt li avèk yon bon pye rezen epi li te konpare moun k ap suiv li yo ak branch ki nan pye rezen an. Kèk nan moun sa yo kapab demontre lafwa nan Jezi grasa aksyon yo fè, men pi devan menm moun sa yo ka sispann fè bon aksyon, konsa ‘y ap voye yo jete antanke branch’, sa vle di y ap pèdi delivrans yo (Jan 15:1-6). Apot Pòl te sèvi ak yon egzanp ki te menm jan ak egzanp Jezi a lè l te di kretyen ki pa t kontinye gen lafwa yo ‘y ap rache yo’. — Women 11:17-22.

  •   Kretyen yo resevwa kòmandman pou yo “kontinye veye”. (Matye 24:42; 25:13.) Moun k ap dòmi nan domèn espirityèl, swa paske y ap pratike “zèv fènwa yo”, swa paske yo pa fè aksyon Jezi te bay lòd pou nou fè yo, yo tout ap pèdi delivrans yo. — Women 13:11-13; Revelasyon 3:1-3.

  •   Anpil vèsè montre pou yon moun sove, li dwe andire e li dwe rete fidèl jiska lafen (Matye 24:13; Ebre 10:36; 12:2, 3; Revelasyon 2:10). Anpil kretyen nan premye syèk la te montre yo te kontan lè yo te aprann lòt kretyen yo t ap andire e yo te demontre yo gen lafwa (1 Tesalonisyen 1:2, 3; 3 Jan 3, 4). Èske sa rezonab pou Bib la montre enpòtans andirans ak fidelite genyen si moun ki pa andire yo ap sove kanmenm?

  •   Se lè apot Pòl te konnen li pa t lwen mouri li te santi delivrans li sèten (2 Timote 4:6-8). Anvan moman sa a nan lavi l, li te rann li kont li te kapab pèdi delivrans lan si l te lage kò l nan dezi lachè. Men sa li te ekri: “Mwen benyen kò m ak kou e mwen mennen l tankou yon esklav. Konsa, lè m fin preche lòt moun, mwen pap vin yon moun Bondye pa apwouve yon fason oswa yon lòt.” — 1 Korentyen 9:27; Filipyen 3:12-14.