Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ANNOU IMITE LAFWA YO | DEBORA

“Mwen te vin tankou yon manman pou pèp Izrayèl la”

“Mwen te vin tankou yon manman pou pèp Izrayèl la”

DEBORA t ap gade sòlda yo ki rasanble toupatou sou tèt Mòn Tabò. Li te vrèman enpresyone lè l wè yo. Nan maten, l ap kontanple kouraj ak lafwa lidè yo a genyen, anpalan de Barak. Byenke yo te 10 000 gason ki fò, lafwa ak kouraj yo te genyen an t apral sibi yon gwo eprèv nan jou sa a. Yo t apral goumen ak yon ènmi ki pisan anpil, kantite yo ye a te pi piti e yo pa t gen gwo zam. Men, yo te vini kanmenm, sitou akoz ankourajman dam sa a te ba yo.

Imajine Debora, rad li ap fè yon ti bri akoz van an toutpandan li menm ak Barak ap gade panorama a. Mòn Tabò te sanble ak yon gwo kòne e tèt mòn nan te plat. Piske tèt mòn nan te plat e li te anviwon 400 m wotè, yon moun te ka wè plèn Esdrelon an ki te nan sidwès. Rivyè Kichòn te travèse plèn nan ki te gen anpil zèb, epi li pase sou mòn Kamèl pou l ale nan Gwo Lanmè a. Jou sa a, sanble rivyè a te sèch nan maten, men, te gen yon lòt bagay ki te klere sou gwo plèn sa a. Lame Sisera a t ap pwoche, gen yon limyè metal ki fè moun panse gen yon move bagay ki pral rive. Limyè sa a te soti sou anviwon 900 charyo ki te gen epe nan wou yo meyè sòlda Sisera yo t ap kondui. Sisera te gen entansyon koupe Izrayelit ki te mal ekipe yo an de menm jan ak ble li t ap rekòlte.

Debora te konnen Barak ansanm ak mesye l yo t ap tann li di yo yon pawòl oubyen yo t ap tann li ba yo yon siyal. Èske se sèl fi ki te la nan moman an? Kòman l te santi l lefètke l te gen tout responsablite sa a nan yon sitiyasyon konsa? Èske l te mande sa l t ap fè la? Se sèten li pa t di sa! Jewova, Bondye l la, te di l pou l kòmanse gè sa a, mete sou sa, Jewova te menm fè l konnen li t ap sèvi ak yon fi pou l mete fen nan gè a (Jij 4:9). Ki leson Debora ansanm ak sòlda sa yo ki te gen kouraj ka aprann nou konsènan lafwa?

“ALE, MACHE AL SOU MÒN TABÒ”

Lè Bib la pale de Debora pou premye fwa, li fè referans avè l antanke “yon fi ki te pwofèt”. Fason sa a Bib la rele Debora a montre li te yon moun ki estrawòdinè, men se pa li sèl ki te konsa *. Debora te gen yon lòt responsablite. Li te konn rezoud kont moun te gen antre yo tou lè l te ba yo repons Jewova bay sou pwoblèm moun yo te genyen. — Jij 4:4, 5.

Debora t ap viv nan yon zòn ki chaje mòn ki rele Efrayim, yon zòn ki ant vil Betèl ak vil Rama. Se nan zòn sa a li te konn chita anba yon pye palmye e li te konn sèvi pèp la, jan Jewova te mande l sa. Se sèten asiyasyon l lan te gen defi ladan l, men Debora pa t kite sa fè l pè. Moun yo te vrèman bezwen èd li. Anfèt, apre sa, li te patisipe nan ekri yon chante Bondye te enspire l, e li te fè kòmantè sa a konsènan pèp li a ki pa t fidèl: “Yo te chwazi sèvi lòt dye. Apre sa te vin gen lagè nan vil yo.” ​(Jij 5:8, NW). Piske Izrayelit yo te kite Jewova pou y al sèvi lòt dye, Jewova te abandone yo nan men ènmi yo. Yabin, yon wa kananeyen, te sèvi ak yon jeneral ki pisan ki rele Sisera pou l domine sou yo.

Sisera! Non mesye sa a sèlman lakòz moun pè e li fè yo panike nan peyi Izrayèl. Kananeyen yo te gen yon relijyon ak yon kilti ki sovaj. Yo te konn sakrifye timoun piti e yo te konn fè pwostitisyon nan tanp yo. Ki jan peyi a te ye lè se yon jeneral kananeyen ansanm ak lame l ki t ap domine sou li? Chante Debora te fè a montre li te prèske enposib pou moun vwayaje nan peyi a, epi yo pa t viv nan vil yo ankò (Jij 5:6, 7). Nou ka imajine moun yo ki do ba nan bwa yo ak nan mòn yo, yo pè fè jaden oubyen yo pè al viv nan vil ki pa gen miray, yo pè vwayaje sou gran wout paske y ap atake yo, y ap pran pitit yo e y ap vyole medam yo *.

Laperèz te blayi sou peyi a pandan 20 an jiskaske Jewova te gen prèv pèp li a ki rebèl te pare pou l chanje, oubyen jan Debora ak Barak te di nan chante Bondye te enspire yo fè a: “Jiskaske mwen menm, Debora, mwen te parèt, e jiskaske mwen te vin tankou yon manman pou pèp Izrayèl la.” Nou pa konnen si Debora, ki te madanm yon mesye ki rele Lapidòt, te yon manman nan yon sans literal, men, yo itilize mo sa a nan yon sans senbolik. Annefè, Jewova te bay Debora asiyasyon pou l pwoteje nasyon an menm jan ak yon manman. Jewova te ba l misyon pou l voye chèche jij Barak, yon mesye ki gen yon lafwa ki solid e pou l dirije mesye sa a pou l leve kont Sisera. — Jij 4:3, 6, 7; 5:7, NW.

Debora te ankouraje Barak pou l leve pou l delivre pèp Bondye a.

Jewova te sèvi ak Debora pou l bay lòd sa a: “Ale, mache al sou Mòn Tabò.” Barak te dwe rasanble 10 000 gason ki te soti nan de tribi Izrayèl. Debora te fè yo konnen Bondye fè pwomès y ap venk Sisera ki pisan ansanm ak 900 charyo l yo! Se sèten, pwomès sa a te fè Barak sezi anpil. Izrayèl pa t gen okenn lame, konsa, yo pa t prèske gen okenn zam. Malgre sa, Barak te dakò pou l al nan batay la, men sèlman si Debora t ap vin sou Mòn Tabò avèk yo tou. — Jij 4:6-8, NW; 5:6-8.

Gen kèk moun ki panse Barak pa t gen lafwa paske l te mande Debora vin avè l, men, se pa vre. Dayè, Barak pa t mande pou Bondye ba l plis zam. Olye de sa, antanke yon moun ki gen lafwa, Barak te wè sa gen anpil valè pou yon reprezantan Jewova te la pou fòtifye ni li menm ni mesye l yo (Ebre 11:32, 33). Jewova te reponn li yon fason ki pozitif. Jan Barak te mande sa, Jewova te kite Debora ale avè l. Sepandan, pa mwayen Debora, Jewova te bay yon pwofesi, li te fè konnen se pa yon gason ki t ap jwenn glwa nan fen batay sa a (Jij 4:9). Bondye te deside se yon fi ki t ap egzekite mechan ki rele Sisera a!

Jodi a, nan monn nan, fi yo sibi anpil enjistis, vyolans ak abi. Li ra pou moun trete yo avèk diyite, jan Bondye vle sa. Sepandan, ni fi ni gason gen menm valè devan Bondye, e yo tout ka jwenn apwobasyon l (Women 2:11; Galat 3:28). Egzanp Debora a fè n sonje Bondye beni fi yo lè l ba yo privilèj ak siy ki montre li fè yo konfyans e yo gen apwobasyon l. Li enpòtan pou n pa janm gen prejije, yon bagay ki kouran anpil nan monn nan.

“LATÈ TE TRANBLE, LAPLI TE TONBE SOT NAN SYÈL LA”

Barak t al rasanble lame l la. Li te rasanble 10 000 gason ki te ase brav pou yo monte kont lame Sisera a ki te fè moun pè anpil. Pandan Barak t ap monte ak mesye l yo sou Mòn Tabò, li te kontan ba yo plis kouraj. Men sa nou li: “Debora te ale avè l tou.” ​(Jij 4:10, NW). Imajine jan sòlda sa yo te santi yo ankouraje lè yo te wè dam sa a ki brav ki t ap mache avèk yo pou al sou Mòn Tabò e ki te pare pou l riske lavi l bò kote yo paske l te gen lafwa nan Jewova!

Sisera te aji byen vit lè l te aprann Izrayèl te oze rasanble yon gwoup sòlda kont li. Gen yon kantite wa kananeyen ki te met ansanm ak lame wa Yabin nan, ki te sanble pi fò pase yo. Apre sa, gwo eskadron charyo Sisera yo te fè tè a tranble pandan yo t ap deplase dousman pou yo ranje yo pou konba a nan plèn nan. Kananeyen yo te panse yo t ap fini byen vit ak sòlda izrayelit yo. — Jij 4:12, 13; 5:19.

Ki sa Barak ak Debora t ap fè pandan ènmi an t ap pwoche? Si yo te rete sou pant Mòn Tabò yo, yo te ka gen yon avantaj sou lame Kananeyen yo ki t ap pwoche, paske charyo sa yo te bezwen nan yon savann ki pla pou sòlda yo te ka byen itilize yo. Men, Barak t apral goumen fason Jewova te mande l la, konsa, Barak te ret tann pawòl Debora t ap di l la. Finalman, moman an te rive. Men sa Debora te di: “Ann ale, paske jodi a se jou Jewova ap lage Sisera nan men w lan. Jewova ap mache devan w.” Apre sa, men sa nou li: “Barak desann Mòn Tabò avèk 10 000 sòlda k ap suiv li.” — Jij 4:14 *, NW.

Sòlda izrayelit yo te rasanble anba mòn nan ak nan savann nan, sou teren ki pla a, y ap vanse byen dwat sou charyo de gè sa yo ki bay laperèz. Èske Jewova t ap mache devan yo, jan Debora te pwomèt sa? Yo te jwenn repons lan byen vit. Men sa nou li: “Latè te tranble, lapli te tonbe sot nan syèl la.” Lame Sisera a ki te fyè de tèt li te tonbe nan konfizyon. Wi, lapli te tonbe sot nan syèl la! Lapli te tèlman tonbe byen vit, sanble tè a te inonde. San pèdi tan, charyo ki fèt ak fè ki byen lou yo te plis yon dezavantaj pase yo te yon avantaj. Yo te antre nan labou e yo te kole ladan l. — Jij 4:14, 15; 5:4, NW.

Tanpèt la pa t twouble Barak ak mesye l yo. Yo te konnen ki kote l soti. Yo kouri tou dwat sou lame Kananeyen yo. Antanke moun k ap egzekite jijman Bondye, Izrayelit yo pa t kite okenn moun nan lame Sisera a an vi. Dlo rivyè Kichòn nan te monte anpil, li desann ak kadav yo al nan Gwo Lanmè a. — Jij 4:16; 5:21.

Jan Debora te predi sa, Jewova te goumen pou pèp li a, li te venk lame Sisera a.

Jodi a, Jewova pa voye sèvitè l yo nan lagè ankò. Men, li mande pèp li a pou yo lite nan lagè espirityèl la (Matye 26:52; 2 Korentyen 10:4). Depi kounye a, si nou fè efò pou n obeyi Bondye nan monn nan, nou pran pozisyon nou nan lagè sa a. Nou bezwen gen kouraj paske moun ki pran pozisyon pou Bondye jodi a ap jwenn gwo opozisyon. Sepandan, Jewova pa chanje. Li toujou pran defans moun ki met lafwa yo ak konfyans yo nan li, menm jan l te fè sa pou Debora, Barak ak sòlda brav nan Izrayèl tan lontan an.

“SE FI KI JWENN PLIS BENEDIKSYON”

Gen yon ènmi kananeyen ki sove, se li ki pi move ènmi an! Se Sisera, pi gwo ènmi pèp Bondye a, ki te sove kite batay la apye. Li kite mesye l yo ap mouri nan labou a, li file nan mitan sòlda izrayelit yo pou l al sou tè ki fèm, l al chèche alye ki te ka pi pwòch li. Li kouri plizyè kilomèt nan savann nan, li pè pou sòlda izrayelit yo pa jwenn li, li pran direksyon tant Ebè yo, yon Kenit ki te separe ak rès pèp li a ki nomad, pou l al nan sid e l te fè yon akò ak wa Yabin. — Jij 4:11, 17.

Sisera te rive nan kan Ebè a tou fatige. Li pa jwenn Ebè. Men, Jayèl, madanm Ebè, te la. Se sèten, Sisera te panse Jayèl t ap onore akò mari l te fè ak wa Yabin nan. Petèt, li te panse yon madanm pa ka aji oswa menm panse yon fason ki diferan de mari l. Li klè, Sisera pa t konn Jayèl byen! Jayèl te wè aklè mechanste dominasyon Kananeyen yo te pote nan peyi a. Petèt, li te panse li gen yon chwa devan l. Li te ka swa ede mesye sa a ki mechan, swa pran pozisyon pou Jewova epi frape mesye sa a ki se ènmi pèp Jewova a. Men, ki sa l te ka fè? Ki jan yon fi te ka venk yon gèrye konsa, ki pisan e ki gen eksperyans?

Jayèl te dwe reflechi vit. Li bay Sisera yon kote pou l repoze. Sisera te ba l lòd pou l pa kite okenn gason ki gendwa ap chèche l konnen l la. Lè Sisera kouche, Jayèl kouvri l, e lè Sisera mande l dlo, li ba l yon lèt ki fè krèm. Sa pa t pran tan pou Sisera tonbe nan yon pwofon somèy. Lè sa a, Jayèl pran yon pikèt tant ak yon mato, de zouti medam ki t ap viv nan tant yo te konn byen itilize. Li bese toupre tèt Sisera. Bon, li anfas yon gwo desizyon ki se aji antanke moun k ap egzekite jijman Jewova. Menm yon ti dout oubyen yon ti ezitasyon te ka lakòz gwo dezas. Èske l te panse ak pèp Bondye a, ak fason mesye sa a te maltrete yo pandan plizyè dizèn ane? Oubyen èske l te reflechi ak privilèj li genyen pou l pran pozisyon pou Jewova? Istwa a pa di anyen sou sa. Sèl sa n konnen li te aji byen vit. Li te touye Sisera! — Jij 4:18-21; 5:24-27.

Annapre, Barak vin chèche Sisera. Lè Jayèl montre kadav Sisera avèk pikèt la nan tanp li, Barak te wè pwofesi Debora te bay la te reyalize. Yon fi te touye Sisera, yon gèrye ki pisan! Nan epòk nou an, gen kèk kritik ak kèk moun ki gen dout ki bay Jayèl tout vye non pote, men Barak ak Debora te pi byen konnen Jayèl. Nan chante yo te fè a, Bondye te enspire yo pou yo fè lwanj pou Jayèl antanke “fi ki jwenn plis benediksyon” paske li te aji avèk kouraj (Jij 4:22; 5:24, NW). N ap remake Debora pa t montre l egoyis e li pa t fache paske yo te fè lwanj pou Jayèl, okontrè, sa k te pi enpòtan pou li se pou pawòl Jewova reyalize.

Etandone Sisera mouri, wa Yabin pa t yon menas pou Izrayelit yo ankò. Finalman, dominasyon Kananeyen yo te fini. Lapè te blayi sou peyi a pandan 40 an (Jij 4:24; 5:31). Se pa ti benediksyon Debora, Barak ak Jayèl te jwenn paske yo te met lafwa yo nan Jewova! Si nou imite lafwa Debora, nou pran pozisyon pou Jewova avèk kran, e nou ankouraje lòt moun fè menm jan an, Jewova ap ban nou anpil viktwa ak lapè pou toutan.

^ § 7 Pami lòt fi ki te pwofèt, nou ka site Miryam, Oulda ansanm ak madanm Izayi. — Egzòd 15:20; 2 Wa 22:14; Izayi 8:3.

^ § 9 Chante Debora te fè a montre Sisera te konn retounen sot nan kanpay militè l yo ak yon pakèt bagay li pran, e pami yo, te gen fi. Pafwa, li te konn vin ak plis pase yon fi pou chak sòlda (Jij 5:30). Mo “fi” yo itilize nan vèsè sa a vle di “matris”. Yon mo konsa fè nou sonje fi sa yo te gen valè sitou pou ògàn repwodiksyon yo. Vyòl te yon bagay ki kouran.

^ § 17 Nan Bib la, yo dekri batay ki t ap fèt annapre a pandan de fwa. Premye fwa a, nan istwa yo rapòte nan liv Jij la, nan chapit 4 la, e dezyèm fwa a, nan chante Debora ak Barak te fè a, nan chapit 5 lan. Chak istwa sa yo konplete youn lòt, yo chak bay kèk detay ki pa nan lòt la.