Ebre 11​:​1-40

  • Sa lafwa ye (1, 2)

  • Egzanp moun ki te gen lafwa (3-40)

    • Li enposib pou moun fè Bondye plezi san lafwa (6)

11  Lafwa se tann yon moun ap tann sa li espere a avèk asirans+, se prèv klè* li genyen sou yon seri bagay reyèl li pa wè.  Se paske moun nan tan lontan yo* te gen lafwa ki fè yo te resevwa temwayaj ki pèmèt yo konnen yo fè Bondye plezi.  Grasa lafwa nou genyen, nou vin konprann se pawòl Bondye ki mete sistèm yo* anplas. Konsa, bagay nou wè yo soti nan bagay ki pa vizib.  Grasa lafwa Abèl te genyen, li te bay Bondye yon sakrifis ki gen plis valè pase pa Kayen an+, e grasa lafwa li te genyen an, yo te ba l temwayaj pou fè l konnen li se yon moun ki jis+, paske Bondye te aksepte* ofrann li te fè yo. E grasa lafwa li te genyen an, byenke l mouri, li kontinye ap pale+.  Grasa lafwa Enòk te genyen+, Bondye te transfere l+ pou l pa t wè lanmò, e yo pa t jwenn li okenn kote, paske Bondye te transfere l. Men, anvan Bondye te transfere l, li te resevwa temwayaj pou fè l konnen li fè Bondye plezi.  Dayè, san lafwa, li enposib pou yon moun fè Bondye plezi, paske yon moun k ap pwoche kot Bondye dwe kwè li egziste e li dwe kwè li tounen Sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre+.  Grasa lafwa Noye te genyen+, apre Bondye te fin avèti l konsènan bagay moun potko wè+, li te demontre li gen krent pou Bondye, e li te konstwi yon lach+ pou l sove moun lakay li. E grasa lafwa li te genyen an, li te kondane monn nan+, e li te vin jwenn jistis moun benefisye grasa lafwa.  Grasa lafwa Abraram te genyen+, li te obeyi lè Bondye te rele l, e li te deplase pou l al yon kote li t ap gen pou l resevwa kòm eritaj. Li te deplase, byenke l pa t konn kote l prale a+.  Grasa lafwa li te genyen an, li te viv kòm etranje sou tè Bondye te pwomèt la, tankou se nan yon peyi etranje li te ye+, e li te viv anba tant+ avèk Izarak ak Jakòb, yo menm ki te vin resevwa menm pwomès avè l+. 10  Paske, li t ap tann vil ki gen vrè fondasyon an, yon vil se Bondye ki fè plan l e se li ki bati l+. 11  Grasa lafwa Sara te genyen tou, li te resevwa pisans pou l te vin ansent yon pitit* aktout li te gentan pase laj pou l fè pitit+, piske li te konsidere Sila a ki fè pwomès la fidèl. 12  Se pou rezon sa a, apati yon sèl moun, ki te tou fin granmoun*+, gen pitit ki vin fèt+, e yo tèlman anpil, yo tankou zetwal nan syèl la, e yo tankou sab bò lanmè, moun pa t ka konte yo+. 13  Tout moun sa yo te kontinye gen lafwa jiskaske yo mouri, kwak yo pa t resevwa sa Bondye te pwomèt yo+. Men, yo te wè yo delwen+, sa te fè yo kontan, e yo te deklare aklè yo se etranje e yo se moun ki depasaj nan peyi a. 14  Paske, moun ki di bagay sa yo montre aklè yo vrèman ap chèche yon kote ki t ap vin pa yo. 15  Epoutan, si yo te toujou ap sonje kote yo te soti a+, yo t ap jwenn posiblite pou yo retounen. 16  Men kounye a, y ap chèche jwenn yon pi bon kote, sètadi yon kote ki pou syèl la. Se poutèt sa Bondye pa wont yo, li pa wont lè yo rele l antanke Bondye yo+, paske li prepare yon vil pou yo+. 17  Grasa lafwa Abraram te genyen, se kòmsi li te bay Izarak kòm sakrifis lè Bondye te teste l la+ (mesye sa a, ki te byen kontan resevwa pwomès yo, te eseye bay sèl pitit gason l lan kòm sakrifis+), 18  alòske yo te gentan di l: “Se nan Izarak ‘desandans*’ mwen pwomèt ou a ap soti+.” 19  Men, li te kwè Bondye te ka menm leve l sot nan lanmò. E se la pitit li a te soti lè l te resevwa l la, e gen yon siy nan sa+. 20  Grasa lafwa Izarak te genyen tou, li te beni Jakòb+ ak Ezaou+ anrapò ak bagay ki ta gen pou vini. 21  Grasa lafwa Jakòb te genyen, li te beni chak pitit gason Jozèf yo+ lè l t apral mouri+, e li te adore Bondye pandan li te apiye sou tèt baton l+. 22  Grasa lafwa Jozèf te genyen, lè l te rive nan fen lavi l, li te pale de pitit Izrayèl yo ki t ap gen pou yo kite peyi Ejip, e li te bay enstriksyon sou sa pou yo fè ak zosman l*+. 23  Grasa lafwa paran Moyiz yo te genyen, yo te sere l pandan twa mwa lè l te fin fèt+, paske yo te wè tibebe a te bèl+, e paske yo pa t pè lòd wa a te bay la+. 24  Grasa lafwa Moyiz te genyen, li te refize yo rele l pitit gason pitit fi Farawon an+ lè l te vin gran+. 25  Li te pito yo maltrete l ansanm ak pèp Bondye a, olye pou l te pran plezi pou yon ti tan nan peche, 26  paske li te konsidere dezonè l te jwenn antanke sila a Bondye chwazi a* kòm yon richès ki pi gran pase trezò peyi Ejip yo, piske li te kite je l fikse sou rekonpans li t apral jwenn nan. 27  Grasa lafwa l te genyen, li te kite peyi Ejip+, san li pa t pè kòlè wa a+, paske li te rete tennfas, kòmsi li te wè Sila a ki envizib la+. 28  Grasa lafwa l te genyen, li te selebre fèt Pak la, e li te pase san sou chanbrann pòt yo, dekwa pou sila a ki t ap fè destriksyon an pa t touye* premye pitit Izrayelit yo+. 29  Grasa lafwa Izrayelit yo te genyen, yo te travèse Lanmè Wouj tankou se sou tè sèk+, men, lè Ejipsyen yo te eseye pase, lanmè a te anglouti yo+. 30  Grasa lafwa Izrayelit yo te genyen, miray Jeriko yo te tonbe apre yo te fin mache toutotou miray sa yo pandan sèt jou+. 31  Grasa lafwa pwostitye ki te rele Rahab la te genyen, li pa t peri avèk moun ki te dezobeyi yo, paske li te byen akeyi espyon yo+. 32  Ki sa m ta di ankò? Paske, mwen pa t ap gen tan si m ta vle pale konsènan Jedeyon+, Barak+, Samson+, Jefte+, David+ ansanm ak Samyèl+ ak lòt pwofèt yo. 33  Grasa lafwa yo te genyen, yo te rive pot laviktwa sou yon seri wayòm+, yo te soutni sa ki jis, yo te resevwa pwomès+, yo te fèmen bouch lyon+, 34  yo te bloke fòs dife+, yo te chape anba kout epe+, yo menm ki te fèb, yo te vin pisan+, yo te vin vanyan nan lagè+, yo te fè lame ki te vin atake yo kouri+. 35  Gen medam ki te gen moun pa yo ki mouri e ki resisite+. Men, gen lòt moun yo te matirize, paske yo pa t aksepte bay yon ranson kèlkonk pou yo jwenn liberasyon, yon fason pou yo ka benefisye yon pi bon rezirèksyon. 36  Wi, gen lòt menm ki te jwenn eprèv pa yo: yo te pase yo nan rizib, yo te ba yo kout fwèt. E yo te menm fè yo plis pase sa toujou: yo te mete yo nan chenn+ e yo te mete yo nan prizon+. 37  Yo te kalonnen yo ak kout wòch+, yo te pase yo anba eprèv, yo te siye yo an de, yo te touye yo ak epe+. Genyen ki te konn ap mache abiye ak po mouton ak po kabrit+, alòske yo te nan nesesite, yo te nan tribilasyon+, e yo te konn sibi move tretman+. 38  E monn nan pa t merite gen moun sa yo ladan l. Yo te monte desann nan dezè, sou tèt mòn, yo t al viv nan gwòt+ ak nan twou. 39  Epoutan, tout moun sa yo pa t jwenn sa Bondye te pwomèt yo a, byenke yo te resevwa bon temwayaj grasa lafwa yo 40  dekwa pou yo pa vin pafè san nou, etandone Bondye te prevwa yon pi bon bagay pou nou+.

Nòt anba paj

Oswa: “se bonjan prèv”.
Oswa: “Se paske zansèt nou yo”.
Oswa: “ki mete tan yo”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “Bondye te bay temwayaj pou l te montre li rekonèt”.
Lit.: “yon semans”.
Lit.: “ki te mouri”.
Lit.: “semans”.
Oswa: “sou antèman l”.
Lit.: “antanke Kris”.
Lit.: “pa t manyen”.