Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Jewova ban m plis pase sa m merite

Jewova ban m plis pase sa m merite

Mwen te gen 17 an sèlman e m te gen menm enkyetid ak menm objektif pifò adolesan genyen. M te renmen pase tan ak zanmi m, m te renmen naje ak jwe foutbòl. Men, yon jou swa, lavi m te chanje nèt. M te fè yon gwo aksidan moto e sa te lakòz mwen paralize soti nan kou rive jis nan pye. Sa gen anviwon 30 an, e kounye a, sa fè lontan depi m pran kabann.

Mwen grandi nan vil Alicante ki nan kot lès peyi Espay. Fanmi m te gen gwo pwoblèm, donk, antanke jèn, sa te fè m pase pifò tan m nan lari. Te gen yon chòp kote yo repare kawotchou toupre lakay mwen. Konsa, m te vin zanmi ak José María, youn nan anplwaye yo. Li te amikal, li te ban m atansyon m pa t vrèman jwenn nan pwòp fanmi m. Nan moman detrès yo, li te tankou yon frè toutbon pou mwen, li te yon vrè zanmi, byenke li te gen 20 an anplis mwen.

Temwen Jewova yo te kòmanse etidye Labib avèk José María. M te ka di li renmen Bib la, e souvan li te pataje verite li te aprann nan Bib la avè m. M te konn koute l avèk respè, men m pa t janm vrèman enterese nan sa l te di m yo. Antanke adolesan, se lòt bagay ki te nan lespri m. Sepandan, sa t apral chanje.

YON AKSIDAN KI CHANJE LAVI M

Mwen pa twò renmen pale sou aksidan m te fè a. Sa m ka di sèke m te ensanse e m te neglijan. Nan yon sèl jou, lavi m te chanje konplètman. Alòske m te yon jèn adolesan ki chaje ak enèji, sanzatann, m te vin paralize e m te twouve m nan yon chanm lopital. Li te vrèman difisil pou m aprann aksepte sitiyasyon m. M te kontinye ap mande tèt mwen: ‘Èske sa vrèman enpòtan pou yon moun viv?’

José María te vin wè m, e byen vit, li te fè aranjman pou Temwen Jewova ki nan kongregasyon ki nan zòn nan te vin vizite m lopital la. Vizit sa yo Temwen yo te ban mwen regilyèman te touche kè m. Menm kote m te kite sal ijans lan, m te kòmanse etidye Labib. M te aprann laverite sou rezon ki fè moun soufri e yo mouri, e sou rezon ki fè Bondye kite move bagay rive. Anplis de sa, m te aprann pwomès Bondye fè konsènan lavni kote tout tè a pral ranpli ak moun pafè e pèsòn pap janm di: “Mwen malad.” ​(Izayi 33:24, NW). Se premye fwa nan vi m mwen te wè yon bèl esperans konsa.

Lè m te kite lopital la, m te pwogrese byen vit nan etid la. Grasa yon chèz woulant espesyal, m te menm rive asiste kèk reyinyon Temwen Jewova yo fè e m te patisipe nan travay predikasyon yo fè a. Jou ki te 5 novanm 1988 la, m te fè m batize nan dlo nan yon benywa espesyal. M te gen 20 an lè sa a. Jewova te ede m gen yon pwennvi pozitif sou lavi. Men, ki sa m te ka fè pou m montre m apresye sa?

MWEN FÈ PWOGRÈ MALGRE M ENFIM

M te pran desizyon pou m pa kite sitiyasyon m anpeche m fè tout sa m kapab nan sèvis Jewova. Mwen te vle fè pwogrè (1 Timote 4:15). Okòmansman, sa pa t fasil paske fanmi m te opoze ak nouvo kwayans mwen yo. Men, m te gen kwayan parèy mwen yo ki se frè ak sè espirityèl mwen. Yo te fè yon fason pou m pa janm rate yon reyinyon e m te patisipe avèk zèl nan travay predikasyon an.

Sepandan, ofiramezi tan t ap pase, sa te parèt aklè m t ap toujou bezwen swen lajounen kou lannuit nan men yon espesyalis. Apre m fin fè yon bon tan ap chèche, m te rive jwenn yon sant ki apwopriye pou moun ki enfim nan vil Valence, nan yon distans 160 kilomèt nan nò vil Alicante. Sant sa a te vin tounen kay mwen.

Malgre m pran kabann, m detèmine pou m pataje kwayans mwen ak lòt moun.

Malgre m te pran kabann, m te detèmine pou m kontinye sèvi Jewova. M te pran kòb pansyon yo te ban m akoz mwen enfim ak lòt ti kòb Leta te ban m ankò pou m achte yon òdinatè, e m te fè enstale l toupre kabann mwen. M te achte yon telefòn selilè tou. Kounye a, chak maten, gen yon moun ki responsab pou pran swen m ki limen òdinatè m nan ak telefòn selilè m nan. Pou m sèvi ak òdinatè a, mwen itilize yon manèt mwen dirije ak manton m. Anplis de sa, m gen yon ti baton espesyal m konn kenbe ak bouch mwen ki pèmèt mwen tape lèt yo sou klavye a epi fè nimewo yo sou telefòn nan.

Mwen ka fè nimewo nan yon telefòn selilè ak yon ti baton.

Ki fason teknoloji sa a ede m? Toudabò, li pèmèt mwen ale sou sit Entènèt jw.org la ak sou BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower a. Se pa ti bon zouti sa yo bon pou mwen! Byen souvan, m konn pase plizyè èdtan ap etidye epi ap fè rechèch sou piblikasyon ki baze sou Bib la pou m ka kontinye aprann konnen Bondye ansanm ak bèl kalite li genyen yo. Nenpòt lè m santi m sèl oswa m santi m yon ti jan dekouraje, toujou gen yon bagay sou sit Entènèt la ki rekonfòte m.

Òdinatè m nan pèmèt mwen tande reyinyon yo epi patisipe ladan yo tou. Mwen konn fè kòmantè, priyè, diskou, e m menm konn li Toudegad lè yo asiye m pou sa. Byenke m pa ka ale nan reyinyon sa yo, m toujou santi mwen vrèman fè pati kongregasyon an.

Mete sou sa, lefètke m gen yon telefòn ak yon òdinatè sa pèmèt mwen patisipe avèk zèl nan travay predikasyon an. Se vre mwen pa ka al preche kay an kay, jan pifò Temwen Jewova fè sa. Men, m pa kite sa dekouraje m. Mwen sèvi ak zouti sa yo pou m ka pataje kwayans mwen ak lòt moun. Anfèt, mwen tèlman renmen fè konvèsasyon nan telefòn, ansyen yo te menm mande m pou m kowòdone kèk kanpay predikasyon nan telefòn. Kanpay sa yo te sitou itil pou moun ki nan kongregasyon an ki pa anmezi pou yo kite kay yo.

M ap kondui yon etid biblik.

Sepandan, lavi m pa depann de teknoloji sèlman. Chak jou, m gen zanmi ki renmen m anpil ki vin wè m. Yo konn vin ak manm fanmi yo ak lòt moun yo konnen ki enterese nan Bib la. Byen souvan, yo konn mande m pou m dirije konvèsasyon yo. Pafwa, gen kèk fanmi ki konn vizite m e yo konn envite m patisipe nan sware adorasyon an fanmi yo a. Mwen sitou renmen lè timoun piti yo chita bò kote m sou kabann nan epi y ap esplike poukisa yo renmen Jewova.

M ap asiste yon sware adorasyon an fanmi ak zanmi m.

Mwen kontan akeyi anpil vizitè. Souvan, chanm mwen gen anpil aktivite, e li chaje ak zanmi ki soti toupre oswa byen lwen pou vin wè m. Jan w ka imajine sa, atansyon sa a ki chaje ak lanmou konn siprann moun k ap pran swen m nan sant lan. Chak jou, mwen di Jewova mèsi paske l pèmèt mwen fè pati bèl fanmi entènasyonal sa a.

M AP LITE

Depi yon moun salye m e li mande m kòman m ye, mwen annik di l: “Mwen la, m ap lite!” Se vre, mwen konnen m pa poukont mwen nan batay sa a. Kèlkeswa sitiyasyon nou oubyen kèlkeswa difikilte n ap rankontre, tout kretyen nan yon konba, n ap “konbat nan bèl konba lafwa a”. (1 Timote 6:12.) Ki sa k ede m lite pandan tout ane sa yo? Mwen priye chak jou e m remèsye Jewova paske l bay lavi m yon sans. Epi mwen fè efò pou m rete okipe otank posib nan sèvis Bondye a lè m fikse je m sou esperans mwen an.

José María

Mwen souvan panse ak monn nouvo a kote m ap ka kouri epi sote ankò. Pafwa m konn fè blag ak José María, bon zanmi m nan, ki fè maladi polyo, konsènan yon kous maraton pou n fè ansanm. Mwen di l: “Kiyès ki t ap genyen?” Li reponn mwen: “Se pa moun k ap genyen an ki enpòtan. Sa k pi enpòtan an se pou n la nan Paradi a pou n ka fè kous la.”

Li pa t fasil pou m aksepte sitiyasyon m antanke moun ki enfim. Mwen konnen lè m te adolesan m te fè yon bagay ki sòt, e sa koute m chè anpil. Poutan, se pa ti rekonesan mwen rekonesan dèske Jewova pa t abandone m. Li ban mwen anpil bagay tankou yon gwo fanmi espirityèl, anvi pou m viv, lajwa pou m ede lòt moun ak yon bèl esperans. Si m ta vle rezime santiman m genyen nan yon sèl fraz, mwen t ap di Jewova vrèman ban mwen plis pase sa m merite.