Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ANNOU IMITE LAFWA YO

Yo te ‘deklare l jis pou sa l te fè’

Yo te ‘deklare l jis pou sa l te fè’

RAHAB te nan fenèt lakay li, li t ap gade limyè solèy la ki fèk ap parèt nan plèn ki toutotou vil Jeriko a. Gen yon lame ki rasanble nan plèn nan ki pral anvayi vil la. Se fòs lame Izrayèl la. Kòm yo rekòmanse mache toutotou vil la yon lòt fwa ankò, lè yo fin pase yo kite yon pakèt pousyè dèyè e moun yo t ap tande bri kòn yo t ap soufle yo byen fò.

Jeriko se te peyi Rahab. Li te byen konnen ri yo, kay yo, mache yo ki te chaje ak moun ansanm ak magazen yo. Li te konn moun yo trè byen. Li te ka santi jan laperèz ki te anvayi yo a t ap ogmante tank Izrayelit yo t ap kontinye fè seremoni etranj yo t ap fè a. Yo te mache toutotou vil la yon fwa pa jou. Son kòn yo t ap soufle yo te fè eko nan tout ri ak nan tout kwen nan Jeriko. Sepandan, Rahab pa t pè ni li pa t pèdi espwa menm jan ak lòt moun yo.

Rahab t ap gade lame a ki te kòmanse mache toutotou vil la byen bonè nan setyèm jou a. Nan mitan sòlda izrayelit yo, li te wè prèt yo ki t ap soufle kòn e yo t ap pote lach la ki sakre ki te reprezante prezans Jewova, Bondye yo a. Nou ka imajine men Rahab ki te sou kòd ki gen koulè wouj vif ki te nan fenèt li a. Kòd sa a te pandye pa deyò gwo miray Jeriko a. Kòd la te fè Rahab sonje pwomès espyon yo te fè l kote yo te di l ni li menm ni fanmi l t ap chape lè yo t apral detwi vil la. Èske Rahab te yon trèt? Non, pou Jewova li pa t yon trèt. Jewova te konsidere l kòm yon moun ki te gen yon lafwa remakab. Ann al nan kòmansman istwa Rahab la pou n ka wè sa nou ka aprann nan egzanp li.

RAHAB, PWOSTITYE A

Rahab te yon pwostitye. Enfòmasyon sa a tèlman te choke kèk moun ki fè kòmantè sou Bib la nan tan lontan, yo te di Rahab se te yon senp mèt otèl. Sepandan, Bib la klè sou sa e li pa kache laverite sou kesyon an (Jozye 2:1; Ebre 11:31; Jak 2:25). Petèt nan sosyete Kanaran an, metye Rahab t ap fè a te akseptab nan je moun yo. Sepandan, kilti yon peyi pa ka toufe konsyans moun toutan. Konsyans lan se yon sans nou gen lakay nou e se Jewova ki ban nou l. Li pèmèt nou distenge sa ki byen ak sa ki mal (Women 2:14, 15). Rahab ka te wont akoz jan de vi l t ap mennen an. Petèt, menm jan ak kèk moun k ap mennen jan de vi sa a jodi a, Rahab ka te santi l pran nan pyèj, li ka te santi l pa t gen lòt chwa si l te vle pran swen fanmi l.

Pa gen dout, Rahab te anvi gen yon lavi miyò. Zòn kote l te abite a te chaje ak vyolans. Moun yo te pèvèti, yo te konn gen relasyon seksyèl ak fanmi pwòch yo e yo te konn kouche ak bèt (Levitik 18:3, 6, 21-24). Se relijyon moun yo t ap pratike ki te fè move bagay sa yo gaye toupatou nan peyi a. Moun ki te nan tanp yo te konn fè seremoni kote yo te ankouraje moun pratike pwostitisyon. Yo te pouse moun yo adore fo dye, tankou Baal ak Molèk e yo te konn fè sakrifis ak pitit yo, yo te boule yo tou vivan.

Jewova pa t fèmen je sou sa k t ap pase nan peyi Kanaran. Anfèt, poutèt Kananeyen yo t ap pratike anpil bagay mal, men sa Jewova te di: “Yo te mete tout peyi a nan move kondisyon ak sa yo t’ap fè a. Se konsa mwen menm Seyè a, m’ap pini peyi a, m’ap fè l’ voye moun ki rete sou li yo jete deyò.” ​(Levitik 18:25). Ki pinisyon Bondye te ba yo pou erè yo te fè a? Men pwomès Bondye te fè pèp Izrayèl la an jeneral: “[Jewova], Bondye nou an, va mete nasyon sa yo deyò devan nou, yonn apre lòt.” ​(Detewonòm 7:22). Plizyè syèk anvan, Jewova te pwomèt fanmi Abraram l ap ba yo peyi a e ‘Bondye pa ka bay manti’. — Tit 1:2; Jenèz 12:7.

Sepandan, Jewova te fè konnen gen kèk gwoup moun nan peyi a li t ap aneyanti nèt (Detewonòm 7:1, 2). Antanke “Bondye k’ap jije tout moun sou tè a”, yon Bondye ki jis, li te li nan kè tout moun e li te byen konnen jan mechanste ak pèvèsyon te anrasinen byen fon nan kè yo (Jenèz 18:25; 1 Kwonik 28:9). Kòman lavi a t apral ye pou Rahab nan vil sa a yo te kondane a? Nou ka jis imajine jan l te santi l lè l te tande bagay moun yo t ap rakonte sou pèp Izrayèl la. Li te aprann jan Bondye pèp Izrayèl la te fè l ranpòte yon viktwa total sou lame Ejipsyen an, pi gwo fòs lame ki te egziste nan monn nan nan epòk sa a, alòske nasyon Izrayèl la te nan esklavaj e se yon nasyon yo t ap toupizi. Kounye a Izrayelit yo te pare pou yo atake Jeriko! Men moun nan vil la te kontinye ap fè mechanste pi rèd. Nou ka konprann poukisa Bib la pale de Kananeyen yo, moun peyi Rahab yo, kòm ‘moun ki te dezobeyisan’. — Ebre 11:31.

Rahab pa t menm moun avè yo. Ofiramezi ane t ap pase, li te sonje tout sa l te tande moun yo te rakonte sou pèp Izrayèl la ak sou Jewova, Bondye yo a. Ala diferan Jewova diferan parapò ak dye Kananeyen yo! Jewova se yon Bondye ki te konn batay pou pèp li a olye pou l te maltrete yo. Li te bay sèvitè l yo prensip moral wo nivo pou yo suiv olye l te rabese yo. Se yon Bondye ki bay fi anpil valè nan fason l trete yo. Li pa konsidere yo kòm yon senp objè ki la pou satisfè dezi seksyèl gason, kòm yon bagay pou moun achte, pou moun vann, e pou moun imilye nan fo adorasyon y ap bay. Lè Rahab te aprann pèp Izrayèl la te tabli kan yo lòt bò rivyè Jouden an e yo te pare pou yo anvayi peyi a, sa dwe te boulvèse l paske l te konnen sa sa t ap vle di pou pèp li a. Men, èske Jewova te wè Rahab? Èske tout bon bagay Rahab te gen nan kè l yo te gen valè pou Jewova?

Jodi a, gen anpil moun ki tankou Rahab. Yo santi yo pran nan pyèj, yo vin esklav fason y ap viv la ki fè yo pèdi diyite yo e yo pa viv ak kè kontan. Yo santi moun pa wè yo nan sosyete a e yo pa ba yo valè. Lè nou egzamine sitiyasyon Rahab la, sa rekonfòte nou, sa fè nou sonje pa gen moun Bondye pa wè. Kèlkeswa jan nou santi nou, “li pa lwen okenn nan nou”. (Travay 17:27.) Li toupre nou. Li prèt pou l bay tout moun ki mete lafwa nan li espwa e li vle ede yo. Èske Rahab te met konfyans li nan Bondye?

LI TE BYEN AKEYI ESPYON YO

Yon jou, kèk tan anvan Izrayelit yo te kòmanse mache toutotou Jeriko, te gen de etranje ki te vin kay Rahab. De mesye yo te swete pou lòt moun pa wè yo. Men nan vil sa a kote moun yo te sou tansyon, anpil moun t ap veye pou yo te ka detekte nenpòt espyon ki ta soti pami pèp Izrayèl la. Tousuit Rahab te ka rann li kont ki moun mesye yo te ye. Gen gason etranje ki konn vin kay Rahab, men de mesye sa yo te bezwen yon kote pou yo rete sèlman. Yo pa t bezwen sèvis Rahab t ap bay antanke pwostitye a.

Anfèt, de mesye yo se te espyon ki te soti nan kan Izrayelit yo. Jozye, chèf yo a, te voye yo Jeriko pou yo te ka wè pwen fò vil la ak pwen fèb li. Se te premye vil nan Kanaran yo t apral anvayi e petèt se vil ki te pi pisan pase tout lòt vil yo. Jozye te bezwen konnen ki sa ki t ap tann li menm ak mesye ki te avè l yo. Pa gen dout, espyon yo te chwazi pou y al kay Rahab toutespre. Plis pase tout lòt kote, se lakay yon pwostitye li te ka pi fasil pou de etranje pase san moun pa remake yo. Petèt, espyon yo te espere jwenn enfòmasyon k ap itil yo nan nenpòt konvèsasyon moun t ap fè vaykevay.

Bib la di Rahab te “byen resevwa mesaje yo”. (Jak 2:25.) Li te pran yo lakay li. Menmsi li te sispèk ki moun mesye yo te ye e poukisa yo te vin lakay li, li te kite yo rete. Petèt, li te swete aprann plis bagay sou Jewova, Bondye yo a.

Sepandan, sanzatann, gen kèk mesaje wa Jeriko a te voye ki rive kay Rahab! Pawòl la te gentan gaye toupatou, yo fè konnen gen espyon ki soti nan kan Izrayelit yo ki vin kay Rahab. Ki sa Rahab t apral fè? Si l te pwoteje de etranje yo, èske l pa t ap mete lavi l ak lavi tout moun lakay li an danje? Èske moun Jeriko yo pa t ap masakre yo tout si l te bay ènmi sa yo fè ladesant lakay li? Yon lòt bò, kounye a Rahab ka pa t gen okenn dout, li te konnen kiyès mesye yo te ye. Si l te deja konnen Jewova pi bon lontan pase dye li t ap sèvi a, èske se pa t okazyon pa l la ki te rive pou l pran pozisyon pou Jewova?

Rahab te gen yon vyepti tan pou l reflechi, se yon moun ki te fò nan rezoud pwoblèm e li te konn aji vit. Li te kache espyon yo anba yon pakèt branch len li te met seche sou do kay li a ki te plat. Apre sa, li te pale ak mesaje wa a te voye yo. Men sa l te di yo: “Wi, te gen kèk mesye ki te vin lakay mwen. Mwen pa t’ konnen ki bò yo soti. Men, lè yo t apral fèmen pòtay la apre solèy fin kouche, mesye yo soti, y’ ale fè wout yo. Mwen pa konn ki wout yo fè. Si nou fè vit rapouswiv yo, n’a jwenn yo.” ​(Jozye 2:4, 5). Imajine Rahab k ap gade figi reprezantan wa a te voye yo? Èske l t ap mande tèt li si yo te wè kè l ap sote?

Rahab te pwoteje de sèvitè Jewova yo lè l te kache yo anba yon pakèt branch len, konsa li te riske lavi l.

Plan Rahab la te mache! Mesaje wa a te voye yo te kouri al nan direksyon Jouden an kote dlo a te plat la (Jozye 2:7). Rahab dwe te fè yon gwo soupi tèlman l te soulaje. Li te sèvi ak yon estrateji tou senp pou l te pèdi mesye asasen sa yo ki pa t gen dwa konn laverite. Konsa, Rahab te sove lavi sèvitè Jewova yo ki te inosan.

Rahab te kouri al sou do kay la ankò, li t al di de espyon yo sa l te sot fè. Anplis de sa, li te ba yo kèk enfòmasyon ki te vrèman enpòtan. Li te di yo pèp li a te pèdi fòs e yo te pè lame ki t apral anvayi yo a. Se pa ti kontan espyon yo dwe te kontan tande bon nouvèl sa a! Kananeyen mechan sa yo te vin pè anpil akoz pisans Jewova, Bondye Izrayèl la genyen! Konsa, Rahab fè nou konnen yon bagay ki gen anpil enpòtans. Men sa l te di: “[Jewova], Bondye nou an, se li menm vre ki Bondye anwo nan syèl la ak sou latè.” ​(Jozye 2:11). Pawòl Rahab te tande moun yo t ap rakonte sou Jewova te sifi pou aprann li omwen yon bagay: Bondye Izrayèl la merite pou l fè l konfyans. Li te mete lafwa nan Jewova.

Rahab pa t gen okenn dout Jewova t ap fè pèp Li a ranpòte laviktwa. Se sa k fè l te mande espyon yo pou yo gen pitye pou li e li te sipliye yo pou yo epaye ni li menm ni fanmi l. Espyon yo te dakò, yo te bay Rahab enstriksyon pou l kenbe sa yo te di l la sekrè e yo te mande l pou l pandye yon kòd wouj vif nan fenèt lakay li ki te sou miray vil la yon fason pou sòlda yo te ka pwoteje ni li menm ni fanmi l. — Jozye 2:12-14, 18.

Nou ka aprann yon verite ki enpòtan sou lafwa nan men Rahab. Jan Bib la di sa, “yon moun gen lafwa apre l fin tande pawòl la”. (Women 10:17.) Rahab te tande anpil bagay moun ka fè konfyans sou pisans Jewova genyen ak sou jistis li, se sa k fè li te mete lafwa nan Jewova e li te fè l konfyans. Jodi a, nou ka jwenn plis konesans lontan sou Jewova pase epòk Rahab la. Èske nou chèche konnen Jewova e èske nou mete lafwa nan li, yon lafwa ki baze sou Pawòl li a, Labib?

YON GWO FÒTRÈS TE TONBE

De espyon yo te koute konsèy Rahab te ba yo. Yo te sèvi ak yon kòd yo te pandye nan fenèt kay Rahab la pou yo glise desann sou miray la epi san pèdi tan yo kouri al nan mòn yo. Te gen anpil gwòt nan flan mòn ki nan nò Jeriko yo kote espyon yo te ka kache jiskaske yo te santi pa gen danje pou yo ka retounen nan kan Izrayelit yo. Yo te pote yon pakèt bon nouvèl yo te aprann nan men Rahab.

Rahab te mete lafwa nan Bondye Izrayelit yo.

Se sèten apre sa, moun Jeriko yo t ap tranble tèlman yo te pè lè yo te aprann Jewova te fè yon mirak, li te bare dlo nan rivyè Jouden an e li te pèmèt Izrayelit yo travèse rivyè a kote ki te sèch la (Jozye 3:14-17). Nouvèl sa a te bay Rahab plis prèv ki montre li te byen fèt met lafwa nan Jewova.

Apre sa, Izrayelit yo t apral kòmanse sis long jounen, kote yo t apral mache toutotou vil Jeriko, yo t ap fè tou vil la yon fwa chak jou. Kounye a setyèm jou a te rive, e li pa t menm ak lòt jou yo. Jan nou te deja di sa nan kòmansman atik la, Izrayelit yo te kòmanse mache toutotou vil la lè solèy la t ap leve. Apre lame a te fin ansèkle vil Jeriko yon premye fwa, li te kontinye mache toutotou vil la e li te fè sa plizyè fwa (Jozye 6:15). Men, ki sa Izrayelit yo t ap fè menm?

Finalman nan setyèm jou a, yo te mache toutotou vil la sèt fwa, apre sa lame a te sispann mache. Yo pa t soufle kòn yo ankò. Te vin gen yon gwo silans. Moun ki te nan vil la dwe te panike anpil. Apre sa, lè Jozye fè yon jès, tout moun nan lame Izrayèl la te rele byen fò, se premye fwa yo tande vwa yo, yo te fè yon gwo bri. Èske gad ki te sou tèt miray Jeriko yo te panse senp bri sa a yo te tande a se te yon atak dwòl Izrayelit yo te fè kont yo? Si se sa yo te panse, sa pa t ap dire lontan. Gwo miray la te pran tranble anba pye yo. Li souke, li krake, epi li tonbe plat atè. Men lè pousyè yo te bese, Izrayelit yo te wè yon ti pati nan miray la ki rete entak. Se kote kay Rahab te ye a, li pa t kraze. Etandone Rahab te gen lafwa nan Jewova yo pa t detwi kay li a. Imajine jan Rahab te santi l lè l te wè jan Jewova te pwoteje l *! Jewova te sove tout fanmi l! — Jozye 6:10, 16, 20, 21.

Pèp Jewova a te gen anpil estim pou Rahab poutèt lafwa l te gen nan Jewova. Lè yo te wè miray la kraze e se yon sèl kay ki te rete byen djanm nan mitan pil debri yo, yo te konnen Jewova te avèk Rahab. Li menm ak fanmi l te sove nan destriksyon vil sa a ki te chaje ak mechanste. Apre destriksyon an, yo te kite Rahab abite toupre kan Izrayelit yo. Avèk letan, Rahab te vin fè pati pèp Juif la. Li te marye ak yon mesye ki te rele Salmòn. Yo te fè yon pitit gason ki te rele Bowaz. Bowaz te gen yon kokenn lafwa nan Jewova. Li te marye ak Rit ki te yon Mowabit * (Rit 4:13, 22). Wa David, epi kèk tan apre Jezi Kris, Mesi a, te soti nan fanmi Rahab, yon fanmi ki te gen yon lafwa remakab nan Jewova. — Jozye 6:22-25; Matye 1:5, 6, 16.

Istwa Rahab la montre pa gen youn nan nou ki san enpòtans pou Jewova. Li wè nou tout, li li sa ki nan kè nou e li kontan lè l wè nou gen lafwa nan li, menm jan ak Rahab. Lafwa Rahab te gen nan Jewova te pouse l aji. Jan Bib la di sa, yo ‘te deklare l jis pou sa l te fè’. (Jak 2:25.) Se pa ti sajès n ap montre nou genyen lè nou imite lafwa Rahab!

^ § 27 Li enteresan pou nou konnen, Jewova te respekte pwomès de espyon yo te fè Rahab la.

^ § 28 Si w vle aprann plis bagay sou Rit ak Bowaz, gade ribrik “Annou imite lafwa yo” ki nan Toudegad 1ye oktòb 2012, paj 27-32 ak 1ye oktòb 2012, paj 19-24, fransè.