Jenèz 18​:​1-33

  • Twa zanj vizite Abraram (1-8)

  • Bondye pwomèt l ap fè Sara fè yon pitit gason; Sara ri (9-15)

  • Abraram sipliye Bondye pou vil Sodòm (16-33)

18  Annapre, Jewova*+ parèt devan Abraram pami gwo pyebwa Mamre yo+, pandan l te chita nan antre tant li an nan moman l te fè pi cho nan jounen an.  Abraram voye je l li wè twa mesye ki kanpe nan yon distans+. Lè l wè yo, li kouri al rankontre yo e li koube jis atè.  Epi li di: “Jewova*, si m fè w plezi, tanpri, pa pase bò kot sèvitè w la san w pa rete.  Tanpri, kite m fè yo pote yon ti dlo pou yo lave pye nou+, epi fè yon repoze anba pyebwa a.  Piske nou vin lakay sèvitè nou an, kite m pote yon ti manje pou nou pou n ka soutni kè nou. Apre sa, n a kontinye wout nou.” Lè sa a, yo di l: “Oke! Ou mèt fè sa w di a.”  Konsa, Abraram kouri al nan tant lan kot Sara, li di l: “Fè vit! Pran twa mezi* farin bon kalite, petri pat la epi fè kèk ti pen*.”  Apre sa, Abraram kouri al nan patiraj la e li chwazi yon bèl jenn towo bèf, vyann li byen fen. Li bay sèvitè l la li e li kouri al prepare vyann nan.  Epi, li pran bè ak lèt ak vyann li t al prepare a, li sèvi yo manje. Apre sa, li kanpe bò kote yo anba pyebwa a pandan y ap manje+.  Epi, yo mande l: “Kote Sara, madanm ou+?” Li reponn yo: “Li anndan tant lan.” 10  Lè sa a, youn nan mesye yo di l: “Ane k ap vini an, m ap retounen kote w san mank, nan menm epòk sa a, epi gade! Sara, madanm ou, ap gen yon pitit gason+.” Twouve, Sara te nan antre tant lan, dèyè mesye a, e li t ap koute sa l t ap di. 11  Abraram ak Sara te granmoun anpil, yo te gen bon ti laj+. Sara te pase laj pou l fè pitit+. 12  Se sa k fè Sara t ap ri poukont li, li t ap di: “Kounye a mwen fin granmoun, e mèt mwen an fin granmoun, ou kwè se mwen ki ta jwenn sa vre+?” 13  Men, Jewova di Abraram: “Poukisa Sara ri epi l di: ‘Èske se toutbon m ap fè pitit pandan m fin granmoun nan?’ 14  Èske gen yon bagay ki enposib pou Jewova+? M ap retounen kote w ane k ap vini an nan menm epòk sa a, e Sara ap gen yon pitit gason.” 15  Men, Sara te nye sa, li te di: “Mwen pa ri non!” Li te di sa paske li te pè. Lè sa a, Bondye di: “Se vre! Ou ri.” 16  Lè mesye yo leve pou y ale e yo met tèt yo nan direksyon Sodòm+, Abraram t ap mache avèk yo pou l al kondui yo. 17  Epi, Jewova di: “Èske m ap kache Abraram sa m pral fè a+? 18  Paske, san mank, Abraram ap vin yon gwo nasyon ki pisan, e tout nasyon sou tè a ap jwenn benediksyon grasa li+. 19  Paske mwen konnen l byen e mwen gen konfyans l ap bay pitit gason l yo ak tout desandan l yo lòd pou yo kontinye mache nan chemen Jewova, sètadi pou yo fè sa ki byen ak sa ki jis+, pou mwen menm, Jewova, ka reyalize pwomès mwen te fè l la.” 20  Apre sa, Jewova di: “Rèl k ap fèt kont Sodòm ak Gomò a fò anpil+, e peche yo fè a grav anpil+. 21  M ap desann pou m al wè si yo fè sa m tande a vre. E si se pa sa, m a konnen+.” 22  Annapre, mesye yo kite zòn nan y al Sodòm. Men, Jewova+ te rete ansanm ak Abraram. 23  Epi, Abraram pwoche, li di l: “Èske toutbonvre w ap detwi moun ki jis ansanm ak moun ki mechan+? 24  Ann sipoze gen 50 moun ki jis nan vil la. Èske w ap detwi yo kanmenm e w pap epaye vil la pou 50 moun ki jis ki ladan l yo? 25  Li enposib pou w ta aji konsa, pou w ta touye moun ki jis ansanm ak moun ki mechan, pou moun ki jis ta gen menm sò ak moun ki mechan+! Li enposib pou w fè yon bagay konsa+! Èske Jij tout tè a pap fè sa ki jis+?” 26  Apre sa, Jewova di: “Si m jwenn 50 moun ki jis nan vil Sodòm, m ap epaye tout vil la poutèt yo.” 27  Men, Abraram reponn ankò, li di l: “O Jewova, gade ki jan m ap pale avè w, alòske se pousyè ak sann mwen ye. 28  Ann sipoze nan 50 lan manke senk, èske w ap detwi tout vil la pou senk moun ki manke yo?” Lè sa a, li di: “Mwen pap detwi l si m jwenn 45 moun ki jis ladan l+.” 29  Abraram pale avè l yon lòt fwa ankò, li di l: “Ann sipoze ou jwenn 40 moun.” Li reponn: “Mwen pap detwi l pou 40 moun yo.” 30  Men, Abraram kontinye pale, li di: “Jewova, tanpri, pa fache+. Kite m pale avè w toujou. Ann sipoze w jwenn 30 moun sèlman.” Li reponn: “Mwen pap detwi l si m jwenn 30 moun.” 31  Li kontinye pale toujou, li di: “O Jewova, gade ki jan m ap pale avè w! Ann sipoze w jwenn 20 moun sèlman nan vil la.” Li reponn: “Mwen pap detwi l pou 20 moun yo.” 32  Finalman, Abraram di: “Jewova, tanpri, pa fache. Kite m pale avè w yon dènye fwa. Ann sipoze w jwenn dis moun sèlman nan vil la.” Li reponn: “Mwen pap detwi l poutèt dis moun yo.” 33  Lè Jewova fin pale ak Abraram, l ale+ e Abraram tounen kote l rete a.

Nòt anba paj

Anpalan de yon zanj ki te reprezante Jewova.
Abraram pale ak zanj Jewova te voye a tankou se ak Jewova dirèkteman li t ap pale.
Lit.: “twa seya”. Yon seya egal 7,33 lit. Gade Apendis B14.
Se pen won ki plat.