Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ANNOU IMITE LAFWA YO | NOYE

Li te “rete an vi ansanm ak sèt lòt moun”

Li te “rete an vi ansanm ak sèt lòt moun”

NOYE ak fanmi l dwe te chita ansanm youn tou pre lòt lè gwo lapli a te kòmanse tonbe. Jis imajine, gen yon fènwa e gen yon ti lanp ki limen anndan lach la epi w ap gade vizaj Noye ak fanmi l, je yo ouvri byen gran pandan y ap tande lapli a k ap tonbe byen fò sou do lach la e dlo ap frape arebò lach la. Bri a dwe te fò anpil deyò a.

Pa gen dout, kè Noye te ranpli ak rekonesans lè l t ap gade vizaj moun nan fanmi l yo, li renmen anpil, sètadi madanm li ki fidèl, twa pitit gason l yo ki te soutni l fidèlman ansanm ak madanm yo. Nan moman difisil sa a, petèt li te rekonfòte lè l te wè moun li pi renmen yo bò kote l nan lach la. Yo tout te sennesòf. Sandout, Noye te priye Jewova ansanm ak fanmi l pou l te montre jan li rekonesan. Li te pale byen fò yon fason pou yo te ka tande sa l ap di nan priyè a paske te gen gwo bri.

Noye te gen yon lafwa solid. Se sa k fè, Jewova, Bondye l la, te pwoteje l ansanm ak fanmi l (Ebre 11:7). Men yon fwa lapli a te kòmanse tonbe, èske yo pa t bezwen gen lafwa ankò? Okontrè, se nan moman sa a yo te pi bezwen kalite sa a piske l t ap ede yo nan jou ki t ap vini yo, jou ki pa t ap fasil. Se menm bagay la tou pou nou menm k ap viv nan tan difisil sa yo. Donk, ann wè sa nou ka aprann nan egzanp Noye, yon moun ki te gen lafwa.

‘KARANT JOU KARANT NUIT’

Pa deyò lach la, lapli te kontinye tonbe avèk fòs pandan ‘karant jou karant nuit’. (Jenèz 7:4, 11, 12.) Dlo a te kontinye ap monte, li monte, li monte. Li klè, Noye te ka wè Jewova, Bondye l la, ap pwoteje moun ki jis yo pandan l ap pini moun ki mechan yo.

Delij la te mete fen nan rebelyon yon seri zanj te fè. Piske gen zanj ki te kite atitid egoyis Satan genyen an enfliyanse yo, yo te abandone “kote yo te fèt pou yo rete a”, sètadi nan syèl la, pou yo te vin gen relasyon ak fi sou tè a, konsa yo te fè yon pakèt pitit ki pa t ka fè timoun. Yo te rele yo Nefilim (Jid 6; Jenèz 6:4). Pa gen dout nan sa, Satan te kontan lè l wè jan rebelyon te gaye sou tè a, jan lèzòm te vin nan yon move eta, yo menm ki se kreyati ki pi entèlijan Jewova gen sou tè a.

Sepandan, piske dlo delij la t ap monte, zanj rebèl yo te oblije kite kò moun yo te genyen an e yo te retounen nan monn envizib la. Depi lè sa a, yo pa janm ka pran kò moun ankò. Yo te kite madanm ak pitit yo te genyen e moun sa yo te mouri nan delij la ansanm ak tout lòt moun ki t ap viv sou tè a.

Nan jou Enòk yo, prèske sèt syèk anvan sa, Jewova te avèti moun yo li pral detwi mechan yo, moun ki pa t gen respè pou li yo (Jenèz 5:24; Jid 14, 15). Depi lè sa a, lèzòm te vin pi mal, yo te depafini tè a e yo te fè anpil vyolans. Pou rezon sa a, Jewova te detwi yo. Èske Noye ak fanmi l te pran plezi nan destriksyon mechan yo?

Non! Bondye yo a ki gen mizèrikòd pa t pran plezi nan lanmò mechan yo tou (Ezekyèl 33:11). Jewova te fè tout sa l te kapab pou plis moun posib te sove. Li te fè Enòk avèti moun yo e kèk tan apre, li te bay Noye lòd pou l bati yon lach. Pandan yon pakèt ane, Noye ak fanmi l te travay di nan gwo pwojè sa a e yo te fè travay la devan je tout moun. Anplis de sa, Jewova te mande Noye pou l avèti moun yo e konsa Noye te vin yon “moun ki t ap preche sa ki jis”. (2 Pyè 2:5.) Menm jan Enòk te fè sa anvan, Noye te avèti moun yo konsènan jijman ki te gen pou vini an. Men, ki jan moun yo te reyaji? Jezi, ki te temwen evènman sa yo pandan l te nan syèl la, te fè moun yo sonje jou Noye yo kèk tan apre lè l te sou tè a. Men sa l te di: “Yo pa t remake anyen jiskaske delij la vini e li pote yo tout ale.” — Matye 24:39.

Imajine jan sa dwe te ye pou Noye ak fanmi l pandan 40 premye jou yo, apre Jewova te fin fèmen pòt lach la. Kòm gwo lapli a te kontinye tonbe e dlo t ap frape lach la jou apre jou, sanble se menm aktivite yo uit moun yo te konn fè chak jou. Youn t ap pran swen lòt, yo t ap okipe kote yo rete a, epi yo t ap pran swen bèt yo kote yo te fè pou yo a. Rive yon lè, sanzatann lach la t ap souke byen fò, li t ap fè mouvman san kontwòl, l al devan l al dèyè. Dlo a t ap deplase lach la, li fè l monte ti kras pa ti kras, li monte, li monte, jiskaske “[lach la] pèdi tè”. (Jenèz 7:17.) Ala yon kokenn aksyon ki montre pisans Jewova, Bondye Toupisan an genyen!

Noye te rekonesan anpil anvè Jewova paske, nonsèlman Jewova te pwoteje l ak fanmi l, men tou pou mizèrikòd Jewova te demontre lè l te sèvi avèk yo pou l te avèti moun yo ki te peri nan delij la paske yo pa t nan lach la. Pandan tout ane Noye ak fanmi l t ap travay di a, yo te ka pa wè ki byenfè y ap jwenn nan sa nan moman an. Moun yo pa t byen reyaji devan mesaj la. Fè yon ti reflechi, petèt Noye te gen frè, sè, neve ak nyès ki t ap viv anvan delij la men youn pa t koute l, se sèl moun nan fanmi pwòch li ki te koute sa l t ap di (Jenèz 5:30). Se sèten, uit moun ki te nan lach la te rekonfòte lè yo te sonje tout tan yo te pase ap preche moun yo pou yo te ka ba yo posiblite pou yo sove.

Menm Jewova ki te la nan epòk Noye a se li ki la jodi a, li pa chanje (Malaki 3:6). Jezi kris te fè konnen, tan n ap viv kounye a sanble tètkoupe ak “epòk Noye a”. (Matye 24:37.) N ap viv nan yon epòk ki gen gwo latwoublay k ap mennen nan destriksyon monn kòwonpi sa a. Menm jan ak Noye, jodi a, pèp Bondye a ap preche yon mesaj avètisman pou tout moun ki vle tande. Èske w byen reyaji devan mesaj sa a? Si w deja aksepte mesaj sa a ki se laverite, yon mesaj k ap ede moun sove lavi yo, èske w pataje l ak lòt moun? Nan sans sa a, Noye ak fanmi l kite yon bèl egzanp pou nou tout.

‘YO TE RIVE SOVE NAN DLO A’

Pandan lach la t aprale pasipala sou gwo dlo a ki te tankou yon gwo lanmè, petèt moun ki te nan lach la t ap tande pil planch yo k ap krake e k ap fwote, bri a te tankou yon mizik. Èske Noye te pè paske te gen gwo vag k ap frape lach la oubyen èske l te pè pou lach la pa t kraze? Non. Jodi a, moun ki toujou gen dout yo te ka pè si yo te nan plas Noye, men Noye pa t gen okenn dout. Bib la di: “Grasa lafwa Noye te genyen [...] li te konstwi yon lach.” ​(Ebre 11:7). Nan ki sa Noye te gen lafwa? Jewova te fè yon alyans ak Noye, se yon pwomès ki sèten li te fè l, li te di l l ap sove l ak tout fanmi l lè delij la (Jenèz 6:18, 19). Èske Moun ki kreye linivè a, tè a ak tout bagay ki gen lavi ki sou tè a pa t ka pwoteje lach la? Se sèten! Noye te gen konfyans nan Jewova toutbon, li konnen li t ap kenbe pwomès li. E jan Jewova te pwomèt Noye sa, ni li menm ni fanmi l te “sove nan dlo a”. — 1 Pyè 3:20.

Lapli a te sispann tonbe apre 40 jou 40 nuit. Selon kalandriye yo itilize jodi a, evènman sa a te pase bò desanm 2370 anvan epòk nou an. Men bagay yo pa t fini pou fanmi sa a ki te toujou nan lach la. Lach la ki te ranpli ak kreyati vivan t ap flote poukont li sou yon gwo lanmè ki kouvri ata tèt mòn ki pi wo yo (Jenèz 7:19, 20). Imajine Noye k ap òganize gwo travay ki gen pou fèt la, yon fason pou li menm ak pitit gason l yo, Sèm, Kam ak Jafèt, ka kontinye pran swen bèt yo, pou yo rete pwòp e pou yo rete an sante. Pa gen dout nan sa, menm Bondye ki te fè bèt sovaj yo vin dou pou yo te ka antre nan lach la, te kapab fè yo rete byen dosil pandan tout tan delij la t ap dire a a.

Se sèten Noye te rakonte tout evènman ki te pase yo. Li te di ki lè lapli a te kòmanse tonbe ak ki lè l te sispann. Anplis de sa, li te fè konnen dlo a te kouvri tout tè a pandan 150 jou. Finalman, dlo a te kòmanse bese. Gen yon jou ki te enpòtan anpil pou yo, se jou lach la te kanpe tou dousman “sou tèt mòn Arara yo”, ki nan peyi Tiki jodi a. Petèt sa te rive ann avril 2369 anvan epòk nou an. Apre 73 jou, nan mwa jen, moun te ka wè tèt mòn yo. Twa mwa apre, nan mwa septanm, Noye te deside dekouvri yon pati nan lach la. Asireman, travay di li te fè a te itil, piske sa te pèmèt plis limyè antre nan lach la e te gen bon van fre ki t ap vante. San pèdi tan, Noye te kòmanse verifye pou l wè si pa gen danje deyò a e si l posib pou moun abite la. Pou l te fè sa, li voye yon zwazo yo rele kòbo. Zwazo a fè alevini pandan yon tan, petèt li te tounen poze sou lach la chak fwa. Apre sa Noye voye yon pijon ki te retounen vin jwenn li plizyè fwa jiskaske l rive jwenn yon kote pou l poze. — Jenèz 7:24–8:13.

Pa gen dout, Noye te pran latèt nan adorasyon fanmi an t ap bay Jewova malgre yo t ap viv nan tan ki pi difisil nan epòk yo a.

Pa gen dout nan sa, nan aktivite Noye t ap mennen chak jou, li te rete konsantre sou bagay espirityèl yo plis toujou. Nou ka imajine fanmi an ki reyini pou yo priye Jewova ansanm e pou yo pale de Papa selès yo a ki pwoteje yo. Noye te toujou konte sou Jewova nan chak desizyon enpòtan l ap pran. Apre Noye te fin pase plis pase yon ane nan lach la, menm lè li te wè tè a “chèch nèt”, li pa t ouvè pòt lach la pou l soti deyò (Jenèz 8:14). Li te tann pou Jewova di l sa pou l fè.

Jodi a, chèf fanmi yo ka aprann yon bèl leson nan egzanp moun fidèl sa a. Li te byen òganize tout bagay, li te travay di, li te gen pasyans e li te pwoteje tout moun lakay li. Sa k te pi enpòtan pou li se fè volonte Jewova e li te mete l nan premye plas nan lavi l. Si nou imite Noye nan domèn nan, sa vle di si nou gen lafwa menm jan avè l, sa ap pote benediksyon pou tout moun nou renmen yo.

‘SOTI NAN LACH LA’

Finalman, Jewova te fè Noye konnen sa pou l fè. Li di l: “Soti nan [lach la], ou menm, madanm ou, pitit ou yo ansanm ak madanm pitit ou yo.” Avèk obeyisans, fanmi an te soti nan lach la e bèt yo te soti tou. Kòman yo te fè sa? Èske bèt yo te soti vaykevay? Non, dapre sa Noye te di ‘yo tout te soti’ selon espès yo te ye (Jenèz 8:15-19). Yon fwa Noye ak fanmi l fin soti nan lach la, yo t ap respire yon van fre sou tèt mòn nan, e lè yo voye je yo anba mòn nan, yo wè yon tè pwòp k ap gade yo. Pa t gen ni Nefilim ni vyolans ankò. Monn mechan an b te disparèt. E tout zanj rebèl yo te vole gagè. Limanite te gen posiblite pou l byen derape ankò.

Noye te konnen sa pou l fè. Premye bagay li te fè, li te bay Jewova adorasyon. Li konstwi yon lotèl e li sèvi ak kèk nan zannimo ki pwòp nan je Bondye yo pou l fè sakrifis bay Bondye. Yo te mete “sèt” nan chak espès nan zannimo sa yo nan lach la (Jenèz 7:2; 8:20). Èske adorasyon li te bay Jewova a te fè l plezi?

Pou Bib la reponn kesyon sa a, li sèvi ak pawòl sa yo ki ankourajan. Li di: “Lè Bondye pran bon sant lan, sa te fè l’ plezi.” Lapèn Bondye te gen nan kè l lè l te wè mechan yo te ranpli monn nan ak vyolans lan te chanje, se kontantman ak satisfaksyon Bondye te vin genyen paske l te wè fanmi ki t ap adore l sou tè a, se te moun ki fidèl, moun ki te detèmine pou yo fè volonte l. Jewova pa t atann pou yo pafè. Menm vèsè a kontinye, li di: “Depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo.” ​(Jenèz 8:21.) Ann egzamine kòman Jewova te kontinye montre pasyans ak konpasyon pou lèzòm.

Bondye te retire malediksyon an sou tè a. Apre Adan ak Èv te fin rebele, Bondye te pwononse yon malediksyon ki te lakòz tè a vin difisil pou moun kiltive l. Lamèk, papa Noye, te rele pitit li a Noye, petèt non sa a vle di “Repo” oubyen “Konsolasyon”. Lamèk te predi pitit li a t ap gen pou l retire limanite anba malediksyon pou l ka mennen yo nan yon epòk kote yo t apral viv an repo. Noye dwe te kontan anpil lè l te aprann li t apral wè pwofesi sa a akonpli nan epòk li a e l te kontan aprann tè a t apral pwodui plis lè moun fè efò pou yo kiltive l. Sa pa etonan si Noye te kòmanse travay latè san pèdi tan! — Jenèz 3:17, 18; 5:28, 29; 9:20.

Noye ak fanmi l te soti nan lach la, kounye a yo t apral viv sou yon tè ki pwòp.

Anmenmtan, Jewova te bay tout desandan Noye yo kèk lwa ki klè e ki senp pou gide yo nan lavi a. Nan lwa sa yo, yo te entèdi yo touye moun e yo pa t dwe mal sèvi ak san. Anplis de sa, Bondye te fè yon alyans avèk limanite, li te pwomèt li pap janm fè yon delij ankò pou l detwi lavi sou latè. Jewova te bay limanite yon siy pou l ba yo garanti l ap kenbe pwomès li fè a. Li te fè lèzòm wè yon lakansyèl, yon premye apèsi sou yon fenomèn natirèl ki reflete glwa l. Depi lè sa a, lè nou wè lakansyèl, sa ban nou rekonfò e sa fè nou sonje pwomès Jewova te fè a, yon pwomès ki montre lanmou li gen pou nou. — Jenèz 9:1-17.

Si istwa Noye a se te yon senp lejann, yon fwa yo wè lakansyèl la, istwa a t ap tou fini la. Men Noye te egziste toutbon e lavi l pa t si senp pase sa. Nan epòk Noye a, moun te konn viv anpil tan, se sa k fè Noye, yon moun ki te fidèl, te viv 350 an. Pandan tout tan li t ap viv yo gen anpil bagay ki te ba l lapèn. Yon lè li te fè yon gwo erè. Sa l te fè a te vin pi grav lè pitit pitit li, Kanaran, te fè yon peche ki pi grav toujou, yon peche ki te gen gwo konsekans sou fanmi l. Noye te viv ase lontan pou l te wè jan desandan l yo te tonbe nan peche, tankou idolatri ak vyolans, peche moun yo t ap pratike nan epòk Nimwod. Yon lòt bò, Noye te wè jan Sèm youn nan pitit gason l yo te bay fanmi l bon egzanp lefètke l te gen lafwa. — Jenèz 9:21-28; 10:8-11; 11:1-11.

Menm jan ak Noye, nou bezwen rete fidèl malgre pwoblèm nou rankontre nan lavi a. Tankou Noye te fè, nou bezwen rete nan kous pou lavi a menmsi moun k ap viv nan antouraj nou yo pa gen respè pou vrè Dye a oubyen menmsi yo sispann sèvi l. Aksyon sa yo moun fè ki demontre andirans gen anpil valè nan je Jewova. Jan Jezi te di sa, “moun ki andire jiska lafen an, se li k ap sove”. — Matye 24:13.

a Gen kèk moun ki di Bondye genlè te fè bèt yo gaga, li te fè yo plede dòmi, konsa yo pa t ap bezwen anpil manje. Kit sa yo di a se vre, kit se manti, li te kenbe pwomès li te fè pou l pwoteje tout kreyati ki nan lach la e pou l sove yo.

b Tout tras jaden Edenn nan te disparèt sou tè a. Sanble jaden an te detwi nèt lè delij la. Si se sa, cheriben ki t ap siveye jaden an te lib pou yo retounen nan syèl la. Finalman misyon yo te genyen an ki te dire 1600 ane te fini. — Jenèz 3:22-24.