Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ANNOU IMITE LAFWA YO | ENÒK

“Li te fè Bondye plezi”

“Li te fè Bondye plezi”

ENÒK te viv anpil tan. Sa ka difisil pou n konprann sa, men Enòk te viv anviwon 365 an, sa vle di kat fwa pi lontan pase tan moun viv an jeneral jodi a! Sepandan, li pa t vrèman granmoun pou epòk li t ap viv la. Alepòk, sa vle di sa gen plis pase 5 000 an, moun yo te konn viv plis tan toujou pase kantite tan moun viv jodi a. Pa egzanp Adan, premye gason an, te gen plis pase 600 an lè Enòk te fèt, e Adan te fè 300 an ankò ap viv apre sa! Gen kèk nan desandan Adan yo ki te menm viv pi lontan pase sa. Kidonk, lè Enòk te gen 365 an, li dwe te gen tout fòs li sou li toujou e li dwe te tankou yon moun ki te gen anpil ane devan l toujou. Men, se pa t sa k te rive.

Sanble lavi Enòk te vrèman an danje. Eseye imajine l k ap kouri, ki pa ka anpeche tèt li panse ak fason moun yo te reyaji apre l te fèk fin ba yo yon mesaj Bondye te mande l pou l ba yo. Yo te move kou kong e yo te rayi l. Yo te meprize mesaj li a e yo pa t vle wè Bondye ki te voye l la. Yo pa t ka frape Jewova, Bondye Enòk t ap sèvi a, sepandan, se sèten yo te ka frape Enòk. Petèt, Enòk t ap mande tèt li si l t ap janm rewè fanmi l ankò. Èske li t ap panse ak madanm li ansanm ak pitit fi l yo? Oubyen èske l t ap panse ak Metouchela, pitit gason l, oswa Lamèk pitit pitit li (Jenèz 5:21-23, 25)? Èske se konsa sa t ap fini pou Enòk?

Bib la pa di anpil bagay sou Enòk. Se sèlman twa kote nan Bib la yo pale de li (Jenèz 5:21-24; Ebre 11:5; Jid 14, 15). Sepandan, vèsè ki pale de li yo sifi pou ede n konprann li te yon nonm ki te gen anpil lafwa. Èske w gen yon fanmi sou kont ou? Èske sa te rive w yon lè pou w te oblije pran pozisyon pou w defann yon bagay ou konnen ki dwat? Si se sa, ou gendwa gen anpil bagay pou w aprann konsènan lafwa Enòk.

‘ENÒK TE KONTINYE MACHE AVÈK VRÈ DYE A’

Nan epòk Enòk te fèt la, se sa k mal ase lèzòm t ap fè. Soti nan Adan, Enòk te setyèm jenerasyon an. Etandone lèzòm te pi pre lapèfeksyon Adan ak Èv te pèdi a, yo te viv pi lontan. Men, yo pa t bon menm ni nan domèn moral ni nan domèn espirityèl. Vyolans te fè kenken. Tandans sa a te kòmanse avèk dezyèm jenerasyon an apre Kayen te fin touye Abèl, pwòp frè l. Sanble te gen youn nan zansèt Kayen yo ki te santi l fyè de tèt li dèske l te menm pi vyolan toujou pase Kayen. Sou twazyèm jenerasyon an, te gen yon lòt bagay moun yo te kòmanse fè ki te mal. Yo te kòmanse envoke non Jewova, men se pa adore yo t ap adore l paske yo te gen lakrentif pou li. Pa gen dout, yo te sèvi ak non Bondye ki sakre pou yo te ka sal non sa a epi derespekte l. — Jenèz 4:8, 23-26.

Sanble, vye relijyon sa a t ap vale teren nan epòk Enòk la. Kidonk, lè Enòk te vin gran, li te gen pou l fè yon chwa. Èske l t ap suiv foul la nan epòk li a? Oubyen èske li t ap chèche konnen Jewova, vrè Dye a, Sila a ki fè syèl la ak tè a? Sa dwe te fè l mal anpil lè l te aprann fason Abèl te mouri paske l te vle adore Jewova jan Jewova te vle a. Enòk te deside suiv egzanp Abèl. Men sa nou li nan Jenèz 5:22: “Li [Enòk] te kontinye mache avèk vrè Dye a.” Bèl pawòl sa yo montre Enòk te yon moun ki te gen lakrentif pou Bondye nan yon monn kote moun yo te vrèman ap viv lwen Bondye. Se premye moun Bib la pale de li nan sans sa a.

Nan menm vèsè a, yo fè konnen Enòk te kontinye mache ak Jewova apre l te fin fè Metouchela, pitit gason l. Donk, nou konprann Enòk te gen yon fanmi sou kont li lè l te gen anviwon 65 an. Li te gen yon madanm e li te gen “plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi” tou, men Bib la pa bay non yo. Pou yon papa rive mache ak Bondye toutpandan l ap pran swen fanmi l, li dwe fè efò pou l fè sa jan Bondye vle a. Enòk te konprann Jewova te atann pou l atache ak madanm li epi rete fidèl anvè l (Jenèz 2:24). E se sèten li te fè tout sa l kapab pou l aprann timoun li yo konnen Jewova Dye. Ki rezilta sa te bay?

Se apèn si yo pale de sa nan istwa ki konsène l la. Yo pa di anyen sou lafwa Metouchela, youn nan pitit gason Enòk yo, ki te moun ki te viv pi lontan selon sa Bib la fè konnen. Li te mouri ane delij la te vini an. Sepandan, Metouchela te vin gen yon pitit gason ki te rele Lamèk. Lamèk te viv nan menm epòk ak Enòk, granpapa l, pandan plis pase 100 an. Fason yo te elve Lamèk te dwe fè l gen yon lafwa solid. Jewova te fè l anonse yon pwofesi konsènan Noye, yon pitit gason Lamèk, e pwofesi sa a te reyalize apre delij la. Yo pale de Noye kòm yon moun ki te mache ak Bondye, menm jan ak Enòk, granpapa l. Noye pa t gentan konn Enòk. Men Enòk te kite yon gwo eritaj pou li. Petèt se Lamèk, pwòp papa l, ki te pale l de eritaj sa a, oswa se te Metouchela, granpapa l, ki te fè sa oubyen ankò se te Jarèd, papa Enòk, paske Jarèd te mouri lè Noye te gen 366 an. — Jenèz 5:25-29; 6:9; 9:1.

Reflechi sou jan Enòk te diferan ak Adan. Aktout Adan te pafè li te peche kont Jewova, e sa vin lakòz desandan l yo vin rebèl e yo lage nan mizè. Sepandan, byenke Enòk te enpafè, li te mache ak Bondye e li te kite yon bèl eritaj pou desandan l yo anpalan de lafwa l. Adan te mouri lè Enòk te gen 308 an. Èske fanmi Adan te nan gwo lapèn pou zansèt yo sa a ki te egoyis? Nou pa konnen. Kèlkeswa jan sa te ye, Enòk “te kontinye mache avèk vrè Dye a”. — Jenèz 5:24.

Si w gen yon fanmi sou kont ou, ann wè sa w ka aprann konsènan lafwa Enòk te genyen an. Se vre, li vrèman enpòtan pou w ba yo sa yo bezwen nan domèn fizik, sepandan, pa gen anyen ki pi enpòtan pase ba yo sa yo gen bezwen nan domèn espirityèl (1 Timote 5:8). E se pa sa w di sèlman k ap rive satisfè bezwen sa a, men se sa w fè tou. Si w chwazi mache ak Bondye menm jan Enòk te fè sa lè w kite prensip Bondye enspire yo gide lavi w, ou menm tou w ap bay fanmi w yon bèl eritaj, yon bèl egzanp pou yo imite.

ENÒK TE “PWOFETIZE SOU YO”

Antanke yon moun ki te gen lafwa, petèt Enòk te santi l poukont li nan monn sa a ki pa t gen lafwa. Men, èske Jewova, Bondye l t ap sèvi a, te remake sa? Wi, li te remake sa. Jou a te rive pou Jewova te pale ak sèvitè l sa a ki te fidèl. Bondye te bay Enòk yon mesaj pou l bay moun yo nan epòk li a. Konsa, Enòk te vin yon pwofèt, se premye pwofèt mesaj li te bay la parèt nan Bib la. Nou konnen sa paske Bondye te fè Jid, yon frè Jezi bò kot manman, ekri pawòl Enòk te anonse yo plizyè syèk annapre *.

Ki sa pwofesi Enòk la te ye? Men sa nou li: “Gade! Jewova vini ak plizyè dizèn milye zanj li yo ki sen, pou l egzekite jijman l sou tout moun, e pou l deklare tout moun ki pa gen respè pou Bondye yo koupab poutèt tout zak derespektan yo te fè, e poutèt tout bagay chokan pechè sa yo ki pa gen respè pou Bondye te di sou li.” (Jid 14, 15). Petèt, premye bagay ou remake sèke fason Enòk te pale a se kòmsi Bondye te deja reyalize pwofesi a. Gen anpil pwofesi yo te anonse annapre ki te ale nan menm sans lan. Sa montre nou pwofèt la t ap pale konsènan yon bagay ki t ap gen pou rive san mank, se sa k fè, li te ka pale yon fason ki montre sa l te di a te deja reyalize. — Ezayi 46:10.

Enòk te anonse mesaj Bondye te ba li a nan yon monn ki pa t vle koute.

Ki jan Enòk te santi l lè l t ap bay mesaj sa a, petèt, lè l t ap preche tout moun ki te vle koute l? Remake fòs avètisman li t ap bay la te genyen. Pandan kat fwa, li te itilize ekspresyon “moun ki pa gen respè pou Bondye yo” pou l te denonse moun yo, aksyon yo ak fason yo te kontinye ap fè aksyon sa yo. Donk, pwofesi a te fè moun sa yo konnen monn yo te fè depi lè yo te fin met Adan ak Èv deyò nan jaden Edenn nan pa t bon menm. Gen yon gwo destriksyon ki t ap vin sou monn sa a lè Jewova t ap vini ak “plizyè dizèn milye zanj avèk li ki sen”, sa vle di plizyè rejiman zanj ki pisan anpil ki byen ranje pou yo pase alaksyon. Enòk te avèti moun yo poukont li san l pa t pè. Petèt Lamèk, ki te jèn lè sa a, te wè sa e sa te fè l vin gen anpil respè pou kouraj granpapa l te demontre. Si se konsa sa te pase, nou ka byen konprann li te gen rezon pou l santi l konsa.

Lafwa Enòk kapab pouse nou mande tèt nou si n wè monn n ap viv ladan l jodi a jan Bondye wè l. Jijman Enòk te pwononse avèk kouraj la toujou gen plas li. Li konsène monn jodi a menm jan ak monn nan epòk Enòk la. Jan Enòk te avèti sa, Jewova te fè yon gwo delij vin sou moun nan epòk Noye a ki pa t gen respè pou Jewova. Men, destriksyon sa a montre gen yon pi gwo destriksyon toujou ki gen pou vini (Matye 24:38, 39; 2 Pyè 2:4-6). Jodi a, menm jan ak nan epòk sa a, Bondye ansanm ak plizyè dizèn milye zanj ki sen ki avèk li yo pare pou yo jije moun ki san respè pou li yo, e y ap fè sa yon fason ki jis. Nou chak bezwen pran avètisman Enòk la trèzoserye epi pataje l ak lòt moun. Fanmi nou ak zanmi nou gendwa pran distans yo ak nou. E pafwa, nou gendwa santi nou poukont nou. Jewova pa t janm lage Enòk, e jodi a tou, li pap lage sèvitè l yo ki fidèl!

“BONDYE TE TRANSFERE L POU L PA T WÈ LANMÒ”

Ki jan Enòk te mouri? Nan yon sans, li pi difisil toujou pou yon moun konprann fason Enòk te mouri pase fason l te viv. Liv Jenèz la annik di: “Enòk te kontinye mache avèk vrè Dye a. Apre sa, yo pa t wè l ankò, paske Bondye te pran l.” (Jenèz 5:24). Nan ki sans Bondye te pran Enòk? Apot Pòl te vin esplike: “Grasa lafwa Enòk te genyen, Bondye te transfere l pou l pa t wè lanmò, e yo pa t jwenn li okenn kote, paske Bondye te transfere l. Men, anvan Bondye te transfere l, li te resevwa temwayaj pou fè l konnen li fè Bondye plezi.” (Ebre 11:5). Ki sa Pòl te vle di menm lè l te di “Bondye te transfere l pou l pa t wè lanmò” a? Gen tradiksyon Labib ki di Bondye te fè Enòk monte nan syèl. Men sa pa posib, piske Labib fè konnen Jezi Kris se premye moun ki te resisite ki t al nan syèl. — Jan 3:13.

Donk, nan ki sans menm ‘Bondye te transfere Enòk pou l pa t wè lanmò’? Sanble Jewova te fè Enòk mouri tou dousman, li pa t pèmèt Enòk soufri anba men opozan l yo. Men anvan Enòk mouri, “li te resevwa temwayaj pou fè l konnen li fè Bondye plezi”. Ki jan sa te fèt? Yon ti tan anvan Enòk mouri, petèt Bondye te fè l wè yon vizyon, petèt se te yon vizyon kote l te wè tè a tounen yon paradi. Se ak bonjan siy sa a ki montre li te gen apwobasyon Jewova Enòk te dòmi nan lanmò. Apot Pòl te ekri konsènan Enòk ansanm ak plizyè lòt gason ak fi ki te fidèl. Men sa l te di: “Tout moun sa yo te kontinye gen lafwa jiskaske yo mouri.” (Ebre 11:13). Annapre, petèt ènmi Enòk yo t ap chèche kò l, men “yo pa t jwenn li okenn kote”, petèt Jewova te sere l pou yo pa t mal sèvi avè l oswa itilize l pou yo soutni fo relijyon *.

Apre tout rezònman nou fin fè sou sa Bib la di sou Enòk, ann eseye imajine ki jan petèt lavi l te fini. Imajine sèn nan toutpandan w ap sonje gendwa se pa konsa sa te pase egzakteman. Enòk ap kouri, li bouke jis li pa kapab ankò. Ènmi l yo ap pousuiv li. Mesaj kondanasyon Enòk te ba yo a te fè yo move kou kong. Enòk jwenn yon kote pou l kache e pou l rale yon souf. Men, li te konnen sa pa t ap pran tan pou yo jwenn li. E lè sa a yo t ap touye l ak raj. Pandan l t ap reprann souf li, li priye Bondye. Annapre, li santi yon gwo lapè anvayi l. Se lè sa a Enòk fè yon vizyon, kòmsi l t ap viv sa l te wè a toutbon, e vizyon an te mennen l byen lwen.

Lè Jewova te pran Enòk la, li posib pou ènmi Enòk yo t ap chèche touye l ak raj.

Imajine l k ap gade yon monn ki diferan nèt ak sa l t ap viv ladan l lan. Sanble, pou li menm li te bèl menm jan ak jaden Edenn nan, e pa t gen okenn cheriben ki t ap veye pou moun pa t antre ladan l. Li te chaje ak gason ak fi ki te an sante e yo tout nèt te jèn. Yo tout te anpè youn ak lòt. Pa t gen rayisman ak pèsekisyon li t ap sibi poutèt relijyon ankò. Enòk bò kote pa l te santi Jewova rekonfòte l, li te santi lanmou l ak apwobasyon l. Li te gen asirans se kote sa a plas li te ye, li t ap gen pou l viv la yon jou. Toutpandan lapè t ap anvayi Enòk, li fèmen je l, epi, yon gwo dòmi pran l.

Jis jounen jodi a, Enòk ap dòmi nan lanmò, li an sekirite nan memwa Jewova Dye e memwa Jewova pa gen limit. Jan Jezi te pwomèt sa annapre, gen yon jou k ap rive kote tout moun ki nan memwa Bondye yo ap tande vwa Kris e y ap sot nan tonm yo, y ap ouvri je yo e y ap wè yon monn tounèf ki bèl anpil kote lapè blayi. — Jan 5:28, 29.

Èske w ta renmen la? Imajine jan sa ap bèl pou w rankontre Enòk. Reflechi ak tout bèl bagay nou ka aprann nan men l! L ap kapab di nou si fason nou te imajine l mouri a se konsa sa te pase vre. Sepandan, gen yon bagay nou bezwen aprann nan men l depi kounye a. Apre Pòl te fin pale konsènan Enòk, li te ajoute: “San lafwa, li enposib pou yon moun fè Bondye plezi.” (Ebre 11:6). Kidonk, se pa ti rezon nou genyen pou nou chak imite lafwa Enòk, yon nonm ki te gen anpil kouraj!

^ § 14 Gen kèk biblis ki fè konnen Jid te fè referans ak yon liv, ki pa fè pati Bib la, ki gen tit Liv Enòk la, yon liv ki gen lejann ladan l, e okenn moun pa konn kiyès ki te fè l, men yo fè konprann se Enòk ki ekri l. Ladan l yo fè referans ak pwofesi Enòk la e sa yo di sou li a kòrèk. Petèt yo te jwenn sa yo te di a nan yon dokiman ki te ekri, oswa nan yon tradisyon moun yo te konn repete, men yo pa egziste jodi a. Petèt Jid te itilize menm referans sa a, oubyen se Jezi ki te pale l de Enòk, paske detan Jezi te nan syèl la, li te wè ki jan Enòk te viv.

^ § 20 Menm jan an tou, sanble Bondye te asire l moun pa t sèvi ak kò Moyiz e ak kò Jezi nan sans sa a tou. — Detewonòm 34:5, 6; Lik 24:3-6; Jid 9.