Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi

Fason pou n rezoud pwoblèm yo

Fason pou n rezoud pwoblèm yo

Mari a di : “ Kote ti medam yo ? ”

Madanm nan di : “ Yo soti, y al achte kèk rad nan magazen. ”

Mari a di : [Yon fason ki montre li pa kontan e li wose vwa l.] “ Mwen pa konprann, ‘ achte rad ’ ? Te kwè yo t achte rad mwa pase a ! ”

Madanm nan di : [Sa fè l mal paske li santi mari a ap akize l e l ap defann tèt li.] “ Gen yon likidasyon. Antouka, yo te mande m anvan e mwen te di yo yo mèt ale. ”

Mari a di : [Li pèdi kontwòl li, li kòmanse pale pi fò.] “ Ou konnen m pa renmen lè ti medam yo ap depanse kòb san yo pa di m sa ! Ki jan w fè kouri pran yon desizyon konsa san w pa pale avè m ? ”

KI PWOBLÈM ou panse de moun marye sa yo bezwen rezoud ? Sa ki parèt klè, sèke mari a pa gen metriz. Anplis, sanble yo pa dakò sou kantite libète pitit fi yo dwe genyen. E sanble tou yo gen yon pwoblèm nan fason yo kominike youn ak lòt.

Pa gen yon maryaj ki pafè. Tout koup ki marye ap jwenn pwoblèm kanmenm. Sepandan, kit pwoblèm yo gwo, kit yo piti, li enpòtan pou mari ak madanm aprann rezoud yo. Poukisa ?

Avèk letan, pwoblèm koup yo pa rezoud yo kapab vin tankou yon baryè ki anpeche yo kominike. Salomon, yon wa ki te saj, te di “ gen diskisyon ki tankou ba fè ki nan pòtay yon chato. ” ​(Pwovèb 18:19, NW). Ki sa w ka fè pou gen bon kominikasyon ant ou menm ak konjwen w lè nou gen pwoblèm ?

Nan yon maryaj, kominikasyon se tankou san ki esansyèl pou lavi yon moun, e lanmou ak respè se tankou kè a ak poumon yo k ap travay ansanm pou fè gen bon san ki rive tout kote nan kò moun nan (Efezyen 5:33). Lè n ap rezoud pwoblèm yo, lanmou ap ede nou pase sou erè ki te fèt anvan ki te blese nou e l ap ede nou konsantre sou pwoblèm nou genyen nan moman an (1 Korentyen 13:4, 5 [1 Korent] ; 1 Pyè 4:8). Yon konjwen ki gen respè pou mari l oswa pou madanm li ap kite l pale san li pa entèwonp li. Nonsèlman l ap koute sa l di, men tou, l ap eseye konprann sa l vle di.

Men kat etap k ap ede nou rezoud pwoblèm yo

Egzamine kat etap yo pale de yo pi ba a pou nou wè ki jan prensip biblik yo ka ede nou rezoud pwoblèm yo nan lanmou ak respè.

Fikse yon lè pou n pale sou pwoblèm nan.

“ Gen yon lè pou chak bagay [...], lè pou ou rete san pale, lè pou ou pale. ” ​(Eklezyas 3:1, 7). Jan sa te parèt nan diskisyon ki nan kòmansman atik sa a, gen pwoblèm ki kapab fè moun eksite. Si sa ta rive w, ou bezwen metrize tèt ou pou w kanpe sou diskisyon an pandan yon ti moman, sa vle di ou bezwen “ rete san pale ”, anvan youn nan nou fè kòlè. Nou kapab anpeche relasyon nou deteryore si nou suiv konsèy Bib la bay ki di : “ Lè yon kont pete, se tankou dlo ki kase dig kannal. Anvan batay mete pye, chape kò ou. ” — Pwovèb 17:14.

Sepandan, gen yon lè tou ‘ pou nou pale ’. Menm jan ak move zèb, pwoblèm yo ogmante lè nou pa derasinen yo. Donk, pinga nou annik pase sou pwoblèm nan nan espwa l ap disparèt poukont li. Si w te kanpe sou yon diskisyon ou te genyen ak konjwen w, w ap montre respè pou li lè w chwazi ansanm avè l yon lè pou nou repale sou pwoblèm nan. Pwomès sa a ou fè l pou nou repale sou pwoblèm nan ap ede nou de a aplike konsèy Bib la bay pou nou “ pa al dòmi ak kòlè nan kè nou ”. (Efezyen 4:26.) Nòmalman, w ap bezwen kenbe pwomès ou.

MEN SA W KA FÈ : Nou kapab chwazi yon lè chak semèn pou nou pale sou pwoblèm fanmi an genyen. Si nou remake gen yon lè nan jounen an nou plis gen tandans fè kont, pa egzanp, lè nou fèk sot travay oswa lè nou poko manje, se pou nou mete nou dakò pou nou pa pale sou pwoblèm yo nan moman sa yo. Okontrè, chwazi yon lè nou panse nou gen mwens strès.

Di sa nou santi vrèman e fè sa avèk respè.

“ Se pou nou di verite lè n’ap pale ak frè nou [“ pwochen nou ”, NW]. ” ​(Efezyen 4:25). Si w marye, pwochen ki pi pwòch ou a se konjwen w. Donk, se pou w onèt e se pou w presi lè w ap di konjwen w sa w santi. Margareta * marye depi 26 an, men sa li di : “ Lè m te fèk marye, mwen te panse, lè nou gen pwoblèm, mari m t ap konnen sa m santi otomatikman. Mwen te vin reyalize sa pa t reyalis. Kounye a, mwen eseye di sa m panse ak sa m santi yon fason ki klè. ”

Sonje sa, objektif nou lè n ap pale sou pwoblèm yo, se pa pou nou ranpòte laviktwa sou yon ènmi, men se pou nou fè konjwen nou konnen fason nou wè bagay yo. Pou nou ka fè sa yon fason ki efikas, toudabò, se pou nou di ki sa pwoblèm nan ye, apre sa, nou kapab di ki lè li konn parèt epi nou kapab esplike ki jan sa fè nou santi nou. Pa egzanp, si w santi ou gen pwoblèm ak konjwen w paske li pa gen lòd, avèk respè, ou kapab di l : ‘ Lè w sot nan travay epi w kite rad ou yo atè a [sa se aspè ki sa ak ki lè pwoblèm nan te parèt], mwen santi ou pa apresye efò m fè pou m pran swen kay la [sa se aspè esplike egzakteman ki jan sa fè w santi w la]. Apre sa, avèk tak, bay yon sijesyon ou panse ki ka rezoud pwoblèm nan.

MEN SA W KA FÈ : Yon bagay ki ka ede w konnen egzakteman ki sa w pral di konjwen w lè moman an rive pou w pale avè l, se lè w ekri sou papye sa w panse pwoblèm nan ye e ki fason ou ta renmen rezoud li.

Koute konjwen w lè l ap di w sa l santi e montre l ou konprann li.

Disip Jak te di kretyen yo pou yo “ prese louvri zòrèy yo pou yo ka tande. Men, pa kouri pale, pa prese fè kòlè ”. (Jak 1:19.) Lè yon konjwen gen enpresyon mari l oswa madanm li pa konprann pwennvi l sou yon pwoblèm, sa ka fè l tris anpil. Donk, se pou nou detèmine pou n pa bay konjwen nou enpresyon sa a ! — Matye 7:12.

Wolfgang gen 35 an depi l marye. Men sa l di : “ Lè m ap diskite yon pwoblèm ak madanm mwen, nan lespri m mwen santi m malalèz sitou lè m gen enpresyon li pa konprann fason m wè bagay yo. ” Dianna gen 20 an depi l marye e men sa li admèt : “ Souvan, mwen konn plenyen bay mari m pou m di l li pa vrèman koute m lè m ap pale avè l konsènan yon pwoblèm nou genyen. ” Ki jan w ka rezoud pwoblèm sa a ?

Pinga w met nan tèt ou konnen sa moun ou marye avè l la panse oswa ou konnen sa l santi. Pawòl Bondye a di : “ Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy [“ dyaloge ansanm ”, NW], se moun ki gen bon konprann. ” ​(Pwovèb 13:10). Pèmèt konjwen w eksprime opinyon l avèk diyite san ou pa entèwonp li. Apre sa, pou asire w ou konprann sa l te vle di, repete fraz li te di a pou li nan mo pa w. Fè sa san ou pa pase l nan rizib e san ou pa fè kòlè. Kite l korije w si w te mal konprann sa l te di a. Youn dwe kite lòt pale. Kontinye konsa jiskaske nou konprann sa lòt la panse ak sa l santi sou kesyon an.

Se vre, sa mande imilite ak pasyans pou yon mari oswa yon madanm koute konjwen l avèk atansyon pou l rive konprann pwennvi l. Sepandan, si w pran devan nan onore konjwen w, l ap pi dispoze onore w anretou. — Matye 7:2 ; Women 12:10.

MEN SA W KA FÈ : Lè w ap repete sa konjwen w lan te di a, pa fè sa motamo. Avèk jantiyès, eseye esplike l sa w konprann li te vle di ak sa w konprann li santi. — 1 Pyè 3:8.

Antann nou sou yon solisyon.

“ Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou. Si yonn tonbe, lòt la va ba l’ men pou l’ leve. ” ​(Eklezyas 4:9, 10). Si de konjwen yo pa travay ansanm e yo pa soutni youn lòt, yo pap rive rezoud pifò nan pwoblèm yo genyen yo.

Se vre, Jewova di se gason an ki chèf fanmi an (1 Korentyen 11:3 ; Efezyen 5:23). Sepandan, chèf pa vle di diktatè. Yon mari ki saj pap pran desizyon san li pa teni kont de sa madanm li panse. David gen 20 an depi l marye, men sa li di : “ Mwen eseye chèche yon pwen mwen menm ak madanm mwen dakò sou li e mwen eseye pran yon desizyon nou toule de ap kapab soutni. ” Tanya gen setan depi l marye e li di : “ Sa ki pi enpòtan, se pa kiyès ki gen rezon oswa kiyès ki gen tò. Pafwa, pwoblèm nan se lefètke nou pa gen menm opinyon sou fason pou nou rezoud pwoblèm yo. Pou mwen menm, sa ki pèmèt nou antann nou se lè nou dispoze sede e nou rezonab. ”

MEN SA W KA FÈ : Nou kapab favorize tèt ansanm lè nou toule de ekri tout fason nou panse nou kapab rezoud pwoblèm nan. Lè nou fin ekri tout ide nou yo, egzamine lis nou an epi aplike solisyon nou toule de dakò sou li a. Apre sa, nou kapab chwazi ki lè n ap verifye pou n wè si desizyon an te aplike e pou n wè ki jan sa mache.

Met tèt nou ansanm

Jezi te konpare maryaj ak yon jouk (Matye 19:6, NW). Nan epòk pa l la, yon jouk se te yon moso bwa ki te kenbe de bèt ansanm pou yo travay. Si bèt yo pa t travay ansanm, yo pa t ap rive akonpli anpil bagay e jouk la t ap blese kou yo. Si yo te travay ansanm, yo t ap kapab rale nenpòt gwo chay oswa yo t ap kapab vire tè nenpòt jaden.

Menm jan an tou, yon mari ak yon madanm ki pa travay ansanm kapab soufri anba jouk maryaj la. Yon lòt bò, si yo aprann travay ansanm, y ap rive rezoud prèske tout pwoblèm yo genyen e y ap rive akonpli anpil bagay. Gen yon mesye marye ki gen kè kontan nan maryaj li ki rele Kalala ki rezime bagay yo konsa : “ Mwen menm ak madanm mwen nou gen 25 an depi nou marye e nou toujou rezoud pwoblèm nou genyen paske nou di youn lòt sa nou panse toutbon, nou eseye mete nou nan plas lòt la, nou priye Jewova pou l ede nou e nou aplike prensip biblik yo. ” Èske nou pa ka fè menm jan an tou ?

MANDE TÈT OU...

  • Ki pwoblèm mwen ta plis renmen diskite ak konjwen m ?

  • Ki jan m kapab asire m mwen konprann sa konjwen m santi vrèman anrapò ak pwoblèm nou genyen an ?

  • Si mwen toujou vle pou bagay yo fèt jan m vle a, ki pwoblèm sa ka bay ?

^ § 17 Gen non moun yo chanje.