Efezyen 4​:​1-32

  • Inite ki gen nan kò Kris la (1-16)

    • Gason kòm kado (8)

  • Ansyen pèsonalite a ak nouvo pèsonalite a (17-32)

4  Se sa k fè, mwen menm ki se yon prizonye+ pou Seyè a, m ap sipliye nou pou nou mache yon fason ki konfòm+ ak apèl nou te resevwa a,  avèk yon imilite+ ak yon dousè ki konplè, avèk pasyans+, toutpandan youn ap sipòte lòt nan lanmou+,  e toutpandan n ap fè gwo efò pou nou kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè a+.  Gen yon sèl kò+ e gen yon sèl lespri+, menm jan yo te rele nou pou nou vin gen yon sèl esperans+.  Gen yon sèl Seyè+, yon sèl lafwa, yon sèl batèm.  Gen yon sèl Bondye ki Papa nou tout, ki sou tèt nou tout, ki aji nan nou tout e ki nan nou tout.  Men, nou chak resevwa favè san parèy la selon jan Kris mezire kado li bay la+.  Paske, men sa ki di: “Lè li monte anwo a, li mennen anpil prizonye avèk li, e li bay gason kòm kado+.”  Bon, ki sa ekspresyon “li monte” a vle di? Sa vle di li te desann tou nan zòn ki pi ba yo, sètadi, sou tè a. 10  Sila a ki te desann nan se li menm tou ki monte+ pi wo pase tout syèl ki genyen+, pou l ka fè tout bagay vin konplè. 11  E li bay kèk ladan yo kòm apot+, kèk kòm pwofèt+, kèk kòm moun k ap evanjelize*+, kèk kòm bèje ak anseyan+, 12  pou redrese* moun ki sen yo, pou fè travay ki gen rapò ak sèvis Bondye, pou konstriksyon kò Kris la+, 13  jiskaske nou tout nou rive fè yon sèl* nan lafwa ak nan konesans egzak sou Pitit Bondye a, pou nou fin grandi nèt*+, jis nou rive nan nivo Kris ye a, pou nou vin konplè, menm jan avè l. 14  Konsa, nou pap tankou timoun ankò, pou n ap fè ale vini tankou se lanm lanmè k ap balanse nou, pou tout van ansèyman+ ap pote nou ale adwat agoch poutèt n al koute moun ki sèvi ak trik ak riz pou twonpe nou. 15  Men, etan n ap di laverite, annou grandi nan tout bagay grasa lanmou, ann amoni ak sila a ki se tèt la, anpalan de Kris+. 16  Grasa li, tout kò a+ byen kole ansanm, e li fèt pou l kolabore ansanm grasa tout jwenti k ap founi sa ki nesesè. Lè chak manm fonksyone nòmalman, sa vin pèmèt kò a devlope pou l bati tèt li nan lanmou+. 17  Donk, men sa m ap di nan Seyè a, e men sa m ap temwaye nan li, sèke nou pa dwe kontinye mache menm jan nasyon yo ap mache+, dapre panse yo ki pa itil anyen+. 18  Lespri yo nan fènwa e yo lwen lavi ki soti nan Bondye a, akoz inyorans ki nan yo e akoz kè yo ki ensansib. 19  Kesyon moralite a, yo pa gen sa menm ankò e yo lage kò yo nan konduit derespektan*+ pou yo fè tout kalite salte avèk vorasite. 20  Men, se pa yon moun konsa nou te aprann Kris te ye, 21  si vrèmanvre nou te tande l k ap pale e si li te anseye nou ann amoni ak laverite ki nan li a. 22  Yo te aprann nou pou nou voye ansyen pèsonalite a*+ jete, pèsonalite ki ann akò ak konduit nou te genyen anvan an, e ki vin kòwonpi selon dezi li genyen ki chaje twonpri+. 23  E nou dwe kontinye renouvle mantalite k ap domine nan nou an*+, 24  e nou dwe abiye ak nouvo pèsonalite a+ ki te kreye selon volonte Bondye e ki konfòm ak sa vrè jistis ak vrè fidelite a mande. 25  Donk, piske kounye a nou kite afè bay manti a, se pou nou chak di pwochen nou laverite+, paske nou se manm yon sèl kò+. 26  Menmsi nou an kòlè, pinga nou peche+. Pa kite solèy la kouche sou nou tou an kòlè+, 27  e pa kite jwen pou Dyab la*+. 28  Se pou moun k ap vòlè a sispann vòlè, men se pou l travay di pito, pou l fè bon travay ak men l+, dekwa pou l ka gen kichòy pou l pataje ak moun ki nan nesesite+. 29  Pa kite okenn pawòl pouri sot nan bouch nou+, men sèl pawòl ki dwe sot nan bouch nou se pawòl ki bon pou fòtifye moun lè sa nesesè, yon fason pou pawòl sa a pote sa ki bon pou moun ki tande l yo+. 30  Epitou, pa fè lespri sen Bondye lapenn+. Se avèk li yo te mete yon so sou nou+ pou jou liberasyon nou grasa ranson an+. 31  Se pou nou retire tout kalite rankin malveyan lakay nou+ ansanm ak kòlè ak move san. Sispann rele sou moun, sispann joure moun+ e sispann fè kèlkeswa mechanste a+. 32  Men, se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen kè sansib ak tandrès+, se pou youn padone lòt ak tout kè l, menm jan Bondye padone nou ak tout kè l grasa Kris+.

Nòt anba paj

Oswa: “moun k ap anonse bon nouvèl la”.
Oswa: “pou fòme”.
Oswa: “nou rive ini”.
Oswa: “pou nou gen matirite”.
Oswa: “konduit ki montre yon moun pa konn wont”. Mo grèk la se aseljeya. Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “ansyen moun nan”.
Oswa: “renouvle fòs k ap fè lespri nou aji a”. Lit.: “renouvle lespri panse nou”.
Oswa: “pa kite plas pou Dyab la”.