Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 8

KANTIK 123 Annou soumèt anba direksyon Bondye

Ann kontinye suiv direksyon Jewova bay

Ann kontinye suiv direksyon Jewova bay

“Mwen menm, Jewova, mwen se [...] Sila a k ap mennen w nan wout ou dwe mache a.”EZA. 48:17.

PWEN KLE

Atik sa a ap ede nou wè ki jan Jewova gide pèp li a jodi a ak benediksyon nou jwenn lè nou suiv direksyon li bay.

1. Bay yon egzanp ki montre rezon ki fè nou dwe suiv Jewova antanke gid nou.

 IMAJINE W nan yon rakbwa. Danje toupatou: bèt sovaj, ensèk ki ka bay maladi, plant ki gen pwazon ak gwo dan wòch. Se pa ti kontan w t ap kontan gen yon gid ki konn zòn nan pou ede w evite danje sa yo. Monn nan tankou rakbwa sa a. Li chaje ak danje ki kapab kraze relasyon nou ak Bondye. Men, nou gen pi bon gid nou ta kapab genyen an, Jewova. L ap mennen nou lwen danje e l ap mennen nou kote nou vle ale a ki se lavi ki pap janm fini an nan monn nouvo a.

2. Ki jan Jewova ban nou direksyon?

2 Ki jan Jewova ban nou direksyon? Li fè sa sitou pa mwayen Pawòl li te fè ekri a, Labib. Epitou, li itilize moun kòm reprezantan l. Pa egzanp, li itilize “esklav fidèl ki prevwayan an” pou ban nou manje espirityèl k ap ede nou pran desizyon ki saj (Mat. 24:45). Jewova sèvi tou ak lòt gason ki fidèl pou gide nou. Pa egzanp, siveyan sikonskripsyon yo ak ansyen nan kongregasyon yo ankouraje nou e yo ban nou enstriksyon k ap ede nou nan moman difisil yo. Se pa ti kontan nou kontan jwenn bonjan enstriksyon nan dènye jou sa yo ki difisil anpil! Enstriksyon sa yo ede n kontinye rete zanmi Jewova e yo ede n kontinye rete sou wout lavi a.

3. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

3 Malgre sa, pafwa li ka difisil pou n suiv direksyon Jewova bay, sitou lè se moun ki enpafè ki ban nou yo. Sa k fè sa? Rezon an se paske pafwa nou ka pa renmen konsèy yo ban nou yo oswa nou ka santi yo pa saj e nou ka panse se pa Jewova ki bay yo. Se sitou nan moman sa yo nou bezwen gen asirans se Jewova k ap dirije pèp li a, e lè nou suiv direksyon sa yo, n ap jwenn benediksyon. Pou ede nou vin gen plis konfyans nan direksyon Jewova bay, nan atik sa a nou pral wè 1) fason Jewova te bay pèp li a direksyon nan tan lontan, 2) fason l ap bay pèp li a direksyon jodi a e 3) jan sa bon lè nou kontinye suiv direksyon li bay.

Depi nan tan lontan rive jis jodi a, Jewova sèvi avèk moun sou tè a pou dirije pèp li a. (Gade paragraf 3.)


FASON JEWOVA TE GIDE NASYON IZRAYÈL LA

4-5. Ki jan Jewova te montre li t ap sèvi ak Moyiz pou gide pèp Izrayèl la? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

4 Jewova te chwazi Moyiz pou l fè nasyon Izrayèl la kite peyi Ejip. E li te bay bonjan prèv se ak Moyiz l ap sèvi pou l gide yo. Pa egzanp, li te ba yo yon nyaj ki te gen fòm poto pou gide yo lajounen ak yon dife ki te gen fòm yon poto pou gide yo nan nuit (Egz. 13:21). Moyiz te suiv poto a e se poto sa a ki te gide li menm ak Izrayelit yo al nan Lanmè Wouj. Pèp la te vin pè, yo te panse yo te pran nan pyèj piske yo te gen lanmè a sou yon bò ak lame peyi Ejip la sou lòt bò a. Yo te panse Moyiz te fè yon erè lè l te mennen yo bò Lanmè Wouj. Men, se pa t yon erè. Se Jewova menm ki te fè Moyiz mennen nasyon an la (Egz. 14:2). Annapre, Bondye te delivre yo yon fason ki te fè yo te ret bouch ouvè. — Egz. 14:​26-28.

Moyiz te konte sou nyaj ki gen fòm poto a pou l dirije pèp Bondye a nan dezè a. (Gade paragraf 4-5.)


5 Pandan 40 an ki te vin apre yo, Moyiz te kontinye konte sou poto a pou gide pèp Bondye a nan dezè a a. Yon lè, Jewova te mete poto a sou tèt tant Moyiz la pou tout pèp la ka wè l (Egz. 33:​7, 9, 10). Jewova te pale ak Moyiz nan poto a e Moyiz li menm te fè pèp la konnen enstriksyon Jewova te ba li yo (Sòm 99:7). Sa te bay Izrayelit yo prèv klè Jewova t ap sèvi ak Moyiz pou l gide yo.

Moyiz ak moun ki te vin ap dirije pèp la apre l la, anpalan de Jozye. (Gade paragraf 5, 7.)


6. Ki jan Izrayelit yo te reyaji lè Jewova te ba yo direksyon? (Nonb 14:​2, 10, 11).

6 Malerezman, pifò Izrayelit te rejte prèv klè ki te montre Jewova t ap sèvi ak Moyiz pou reprezante l. (Li Nonb 14:​2, 10, 11.) Se pa ni de ni twa fwa yo te refize rekonèt otorite Moyiz. Se sa k fè, Jewova pa t kite jenerasyon Izrayelit sa a antre nan Peyi li te pwomèt yo a. — Nonb 14:30.

7. Bay egzanp kèk moun ki te suiv direksyon Jewova. (Nonb 14:24). (Gade foto a tou.)

7 Yon lòt bò, gen kèk izrayelit ki te suiv direksyon Jewova. Pa egzanp, men sa Jewova te di: “Kalèb [...] te kontinye suiv mwen ak tout kè l.” (Li Nonb 14:24.) Bondye te rekonpanse Kalèb. Li te menm ba l posiblite chwazi moso tè li vle nan peyi Kanaran (Joz. 14:​12-14). Jenerasyon Izrayelit ki te vin annapre a te suiv direksyon Jewova tou. Apre lanmò Moyiz, lè Jozye te vin ap dirije pèp Izrayèl la, “pandan tout lavi Jozye, yo te gen gwo respè pou li”. (Joz. 4:14.) Kòm rezilta, Jewova te beni yo lè l te fè yo antre nan Peyi li te pwomèt yo a. — Joz. 21:​43, 44.

8. Esplike ki jan Jewova te dirije pèp li a pandan epòk wa yo. (Gade foto a tou.)

8 Plizyè ane annapre, Jewova te mete jij pou dirije pèp li a. Apre sa, lè te vin gen wa ann Izrayèl, Jewova te mete pwofèt pou gide pèp li a. Wa ki te fidèl yo te suiv konsèy pwofèt yo. Pa egzanp, avèk imilite wa David te aksepte koreksyon pwofèt Natan te ba li (2 Sam. 12:​7, 13; 1 Kwo. 17:​3, 4). Wa Jozafa te konte sou pwofèt Jayazyèl pou ba l direksyon e l te ankouraje pèp Jida a pou yo “mete konfyans [yo] nan pwofèt [Bondye] yo”. (2 Kwo. 20:​14, 15, 20.) Lè te gen gwo pwoblèm, wa Ezekyas t al mande pwofèt Ezayi konsèy (Eza. 37:​1-6). Chak fwa wa yo te suiv direksyon Jewova te bay, yo te jwenn benediksyon e nasyon an te jwenn pwoteksyon (2 Kwo. 20:​29, 30; 32:22). Li ta dwe parèt klè pou tout moun, Jewova t ap sèvi ak pwofèt yo pou dirije pèp la. Poutan, pifò wa yo e pifò moun nan pèp la te rejte pwofèt yo. — Jer. 35:​12-15.

Wa Ezekyas ak pwofèt Ezayi. (Gade paragraf 8.)


FASON JEWOVA TE BAY KRETYEN YO NAN PREMYE SYÈK LA DIREKSYON

9. Ak kiyès Jewova te sèvi pou l dirije kretyen yo nan premye syèk la? (Gade foto a tou.)

9 Nan premye syèk epòk nou an, Jewova te fòme kongregasyon kretyen an. Ki jan li te dirije premye kretyen yo? Li te mete Jezi Chèf kongregasyon an (Efe. 5:23). Men, Jezi pa t dirije chak grenn disip pèsonèlman. Li te sèvi ak apot yo e ak ansyen yo nan Jerizalèm pou l fè sa (Tra. 15:​1, 2). Epitou, yo te nome ansyen pou dirije kongregasyon yo. — 1 Tes. 5:12; Tit 1:5.

Apot yo ak ansyen yo nan Jerizalèm ki reyini ansanm. (Gade paragraf 9.)


10. a) Ki jan pifò kretyen yo nan premye syèk la te reyaji lè yo te jwenn direksyon? (Travay 15:​30, 31). b) Poukisa kèk moun nan tan lontan pa t rekonèt reprezantan Jewova yo? (Gade kare ki gen tit “ Rezon ki fè kèk moun pa aksepte prèv klè yo jwenn”.)

10 Ki jan kretyen yo nan premye syèk la te reyaji? Pifò ladan yo te kontan suiv enstriksyon yo te jwenn yo. Vèsè a di yo te “kontan pou ankourajman yo [te] jwenn nan”. (Li Travay 15:​30, 31.) Men, ki jan Jewova ap dirije pèp li a jounen jodi a?

 

FASON JEWOVA BAN NOU DIREKSYON JODI A

11. Bay yon egzanp ki montre fason Jewova ap gide moun ki pran latèt yo nan epòk nou an.

11 Jewova kontinye bay pèp li a direksyon jodi a. Li fè sa pa mwayen Pawòl li e pa mwayen Pitit Gason l lan, Chèf kongregasyon an. Èske nou wè prèv ki montre Jewova kontinye sèvi avèk moun pou reprezante l? Wi. Pa egzanp, fè yon ti reflechi sou kèk evènman ki te pase nan fen ane 1800 yo. Charles T. Russell ansanm ak zanmi l yo te vin konprann ane 1914 la t ap gen yon gwo enpòtans pou Wayòm Bondye a (Dàn. 4:​25, 26). Se pwofesi nan Bib la te ki te ede yo konprann sa. Èske Jewova te gide yo nan rechèch yo t ap fè? Pa gen dout nan sa. An 1914, evènman ki t ap pase nan monn nan te montre aklè Wayòm Bondye a te kòmanse dirije. Premye Gè mondyal la te eklate. Apre sa, te vin gen maladi, tranblemanntè ak rate manje (Lik 21:​10, 11). Vrèmanvre, Jewova t ap sèvi avèk mesye sa yo ki te sensè pou bay pèp li a direksyon.

12-13. Pandan Dezyèm Gè mondyal la, ki desizyon frè yo te pran pou pèp Jewova a te preche plis e pou yo anseye plis?

12 Ann wè sa k te pase pandan Dezyèm Gè mondyal la tou. Apre frè yo ki te alatèt nan syèj mondyal la te fin etidye Revelasyon 17:​8, yo te rive konprann gè sa a pa t ap mennen nan Amagedon. Men, apre gè a, t ap gen yon peryòd kote moun t ap plizoumwen viv anpè e sa t ap bay posiblite pou yo preche plis. Malgre sa te ka parèt dwòl pou epòk la, yo te mete Lekòl Galaad sou pye. Se yon lekòl òganizasyon Jewova a fè ki te bay moun fòmasyon pou yo vin misyonè pou yo ka al preche epi anseye nan lòt peyi sou tout tè a. Malgre gè a t ap fè raj, yo te voye misyonè al preche nan lòt peyi. Epitou, esklav fidèl la te mete Kou ministè teyokratik b la sou pye pou bay moun nan kongregasyon yo fòmasyon pou yo vin pi bon pwoklamatè e pi bon anseyan. Konsa, pèp Bondye a t ap resevwa fòmasyon pou travay ki t ap tann yo.

13 Jodi a, nou kapab wè Jewova t ap bay pèp li a direksyon pandan epòk difisil sa a. Depi apre Dezyèm gè mondyal la, nan plizyè peyi, pèp Jewova a plizoumwen anpè e yo plizoumwen gen libète pou yo fè travay predikasyon an. Dayè, travay la bay bon rezilta.

14. Sa k fè nou mèt gen konfyans nan direksyon òganizasyon Jewova a ak ansyen yo ap bay? (Revelasyon 2:1). (Gade foto a tou.)

14 Jodi a, manm Kolèj santral yo kontinye konte sou Kris pou yo jwenn direksyon. Yo vle pou enstriksyon y ap bay frè yo ann amoni ak fason Jewova ak Jezi panse. Yo fè kongregasyon yo jwenn enstriksyon sa yo pa mwayen siveyan sikonskripsyon yo ak ansyen yo c. Kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki ansyen yo “nan men dwat” Kris. (Li Revelasyon 2:1.) Natirèlman, ansyen sa yo enpafè e yo fè erè. Moyiz ak Jozye te fè erè pafwa, apot yo tou te konn fè erè (Nonb 20:12; Joz. 9:​14, 15; Wom. 3:23). Malgre sa, Kris ap bay esklav fidèl ki prevwayan an ansanm ak ansyen yo bonjan direksyon e l ap kontinye fè sa “toule jou rive jis nan fen sistèm nan”. (Mat. 28:20.) Se sa k fè, nou gen tout rezon pou nou gen konfyans nan direksyon l ap bay pa mwayen frè responsab sa yo.

Kolèj santral la jodi a. (Gade paragraf 14.)


SA BON LÈ NOU KONTINYE SUIV DIREKSYON JEWOVA BAY

15-16. Ki sa w aprann nan eksperyans moun ki te suiv direksyon Jewova bay?

15 Lè nou kontinye suiv direksyon Jewova bay, nou jwenn benediksyon depi kounye a. Pa egzanp, Andy ak Rose d te suiv konsèy yo te jwenn pou yo mennen yon vi senp (Mat. 6:22). Se sa k fè, yo te vin gen posiblite sèvi kòm volontè nan pwojè konstriksyon òganizasyon an. Men sa Rose di: “Pafwa, nou te rete nan kay ki toupiti, ki pa t menm gen kuizin. Mwen te oblije vann pifò nan ekipman mwen te konn sèvi pou m fè foto, yon bagay mwen renmen fè. Sa te fè m kriye. Men, menm jan ak Sara, madanm Abraram, mwen te detèmine pou m gad devan, pou m pa gad dèyè.” (Ebre 11:15). Sa k fè n ka di eksperyans sa a te bon pou Andy ak Rose? Men sa Rose di: “Nou vrèman kontan paske nou konnen nou bay Jewova tout sa nou genyen. Lè w ap travay sou pwojè òganizasyon Jewova a, sa ba w yon apèsi sou fason lavi a pral ye nan monn nouvo a.” Andy dakò avè l. Li di: “Nou vrèman kontan paske nou bay tout nou menm nan travay Wayòm nan.”

16 Ki lòt avantaj nou jwenn lè nou kontinye suiv direksyon Jewova bay? Lè Marcia te fini lekòl, li te suiv konsèy pou l antre nan sèvis aplentan (Mat. 6:33; Wom. 12:11). Men sa l di: “Yo te ofri m yon bous katran pou m al nan inivèsite. Men, mwen te vle fè plis nan sèvis Jewova a. Se sa k fè mwen te chwazi aprann yon metye k ap pèmèt mwen fè ase kòb pou m ka vin pyonye. Se youn nan pi bon desizyon m te pran. Kounye a, mwen pyonye pèmanan, orè travay mwen pèmèt mwen al ede nan Betèl la epi jwenn lòt privilèj.

17. Bay lòt benediksyon nou jwenn lè nou kontinye suiv direksyon Jewova bay. (Ezayi 48:​17, 18).

17 Pafwa, nou jwenn konsèy ki pwoteje nou kont yon seri danje tankou lanmou pou bagay materyèl ak lòt bagay ki kapab fè nou pa obeyi lwa Bondye yo. Lè nou suiv direksyon Jewova bay nan domèn sa yo, nou jwenn benediksyon. Sa fè nou gen yon konsyans ki klè e sa fè n evite anpil pwoblèm (1 Tim. 6:​9, 10). Konsa, nou kapab kontinye adore Jewova ak tout kè nou, sa k ap ban nou kè kontan ak lapè toutbon. — Li Ezayi 48:​17, 18.

18. Poukisa w pran detèminasyon pou w kontinye suiv direksyon Jewova bay?

18 Pa gen dout, Jewova ap kontinye sèvi ak moun pou bay pèp li a direksyon pandan gwo tribilasyon an pou jis nou rive nan Rèy mil an an (Sòm 45:16). Èske n ap kontinye suiv direksyon Jewova bay menm lè sa mande pou n pase sou preferans nou? L ap pi fasil pou nou fè sa si nou obeyi direksyon Jewova bay depi kounye a. Se sa k fè, annou toujou suiv direksyon Jewova bay, sa gen ladan l direksyon li bay pa mwayen moun li mete pou voye je sou nou yo (Eza. 32:​1, 2; Ebre 13:17). E pandan n ap fè sa, nou gen tout rezon pou nou gen konfyans nan Jewova, Gid nou an, k ap mennen nou lwen danje e k ap mennen nou kote nou vle ale a, nan monn nouvo a, kote nou pral viv pou toutan.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Ki jan Jewova te bay nasyon Izrayèl la direksyon?

  • Ki jan Jewova te bay kretyen yo nan premye syèk la direksyon?

  • Sa k fè l bon pou nou suiv direksyon Jewova bay jodi a?

KANTIK 48 Ann mache ak Jewova chak jou

a Jewova te mete yon zanj “devan Izrayelit yo” pou mennen yo nan Peyi li te pwomèt yo a. Li klè, zanj sa a se te Mikayèl, sa vle di Jezi anvan l te vin sou tè a. — Egz. 14:19; 32:34.

b Annapre, yo te vin rele kou sa a Lekòl ministè teyokratik. Jodi a, nou pran fòmasyon sa a nan reyinyon lasemèn nan.

c Gade kare ki gen tit “Responsablite Kolèj santral la” ki parèt nan Toudegad fevriye 2021, paj 18.

d Gen kèk non moun yo chanje.