Lik 21​:​1-38

  • De ti pyès monnen vèv la (1-4)

  • SIY BAGAY KI GEN POU RIVE YO (5-36)

    • Lagè, gwo tranblemanntè, epidemi, rate manje (10, 11)

    • Lame yo monte kan toutotou Jerizalèm (20)

    • Tan ki fikse pou nasyon yo (24)

    • Pitit lòm nan ap vini (27)

    • Egzanp pye fig frans lan (29-33)

    • Rete je klè (34-36)

  • Jezi ap anseye nan tanp lan (37, 38)

21  Pandan l leve je l, li wè moun rich yo k ap mete ofrann nan kès* yo konn met ofrann yo+.  Se konsa, li wè yon vèv, yon malerèz, ki t ap mete de ti pyès monnen nan yon kès, de ti pyès ki prèske pa vo anyen*+.  Li di: “Anverite m ap di nou sa: Byenke vèv sa a pòv, li mete plis pase tout moun+.  Paske, tout moun sa yo fè ofrann ki pa deranje yo, men dam sa a ki nan nesesite a* mete tout sa l te gen pou l viv+.”  Annapre, pandan kèk moun t ap pale de tanp lan, yo t ap di jan l byen dekore avèk bèl wòch ak bagay moun te ofri Bondye+,  li di: “Nou wè bagay sa yo n ap gade kounye a, gen yon lè k ap rive, pa gen yon wòch k ap ret sou yon lòt wòch la a pou yo pa vide l atè+.”  Apre sa, yo mande l: “Anseyan, ki lè bagay sa yo ap fèt menm? E ki siy k ap fè nou konnen lè bagay sa yo ap rive+?”  Li di: “Veye pou yo pa twonpe nou+. Paske, gen anpil moun k ap vini sou non m, y ap di: ‘Mwen se moun sa a’, e y ap di tou: ‘Tan ki te fikse a vin pi pre.’ Pa suiv yo+.  Mete sou sa, lè nou tande bri lagè k ap fèt e nou tande gen boulvès*, pinga nou panike. Paske, fòk bagay sa yo rive anvan, men lafen an pap vin tousuit+.” 10  Li kontinye pale, li di yo: “Nasyon pral leve kont nasyon+ e wayòm pral leve kont wayòm+. 11  Pral gen gwo tranblemanntè e pral gen rate manje ak epidemi nan yon zòn apre yon lòt+. Moun pral wè bagay k ap fè yo pè, e ap gen gwo siy nan syèl la. 12  “Men, anvan tout bagay sa yo rive, moun ap met men sou nou, y ap pèsekite nou+, y ap livre nou nan sinagòg yo pou yo jije nou, y ap mete nou nan prizon e y ap trennen nou devan wa ak gouvènè poutèt non mwen+. 13  Sa ap ban nou okazyon pou nou bay temwayaj. 14  Se sa k fè nou dwe pran desizyon nan kè nou pou nou pa prepare fason nou pral defann tèt nou alavans+. 15  Paske, m ap mete pawòl sajès nan bouch nou. Menmsi tout opozan nou yo ta met ansanm, yo pap ka kenbe tèt ak pawòl sa yo, yo pap ka di anyen+. 16  Yon lòt bò, menm paran nou, frè nou, fanmi nou ak zanmi nou ap trayi nou, e sa pral fè yo touye kèk nan nou+. 17  E tout moun ap rayi nou poutèt non mwen+. 18  Men, pa gen yon branch cheve nan tèt nou k ap tonbe+. 19  Grasa andirans nou, n ap gen lavi*+. 20  “Men, lè nou wè lame yo monte kan toutotou Jerizalèm+, lè sa a, konnen lè pou yo ravaje l la ap pwoche+. 21  Lè sa a, se pou moun ki nan Jide yo kouri al nan mòn+, se pou moun ki anndan Jerizalèm yo retire kò yo e se pou moun ki andeyò Jerizalèm yo pa antre anndan l. 22  Paske, jou sa yo se jou pou jistis* fèt, yon fason pou tout bagay ki te ekri yo ka reyalize. 23  Ala rèd sa ap rèd pou fi ki ansent ak fi ki gen tibebe nan tete nan jou sa yo+! Paske, peyi a pral tonbe nan yon gwo soufrans, e pèp sa a pral jwenn yon pinisyon. 24  Epi, y ap tonbe anba kout epe e y ap mennen yo kòm prizonye nan tout nasyon+. E nasyon yo* pral pilonnen Jerizalèm anba pye jiskaske tan ki fikse pou nasyon yo* fini+. 25  “Mete sou sa, pral gen yon seri siy nan solèy la, nan lalin nan ak nan zetwal yo+, e sou tè a nasyon yo pral gen gwo kè kase, yo pap konn ki sa pou yo fè, akoz gwo bri lanmè a ap fè e akoz li move. 26  Moun pral faya paske y ap pè e paske y ap tann bagay ki gen pou rive sou tè a. Paske, bagay pisan yo ki nan syèl la pral souke. 27  Lè sa a, y ap wè Pitit lòm nan+ k ap vini nan yon nyaj avèk pisans e avèk anpil glwa+. 28  Men, lè bagay sa yo kòmanse rive, kanpe dwat, leve tèt nou, paske se delivrans nou k ap pwoche.” 29  Epi, li ba yo yon egzanp, li di yo: “Gade pye fig frans lan ak tout lòt pyebwa yo+. 30  Lè nou wè y ap boujonnen, nou konnen sezon ete a toupre rive. 31  Menm jan an tou, lè nou wè bagay sa yo ap rive, konnen Wayòm Bondye a toupre. 32  Anverite m ap di nou sa: Jenerasyon sa a pa gendwa pase anvan tout bagay rive+. 33  Syèl la ak tè a ap pase, men pawòl mwen yo pa gendwa janm pase+. 34  “Men, veye kò nou pou kè nou pa janm vin lou akoz eksè nou fè nan manje, akoz nou bwè twòp+ e akoz tètchaje ki gen nan lavi a+, epi pou jou sa a pa rive tousuit sou nou, sanzatann, 35  tankou yon pyèj+. Paske, l ap vini sou tout moun ki abite sou tout kò tè a. 36  Kidonk, rete je klè+. Se pou nou toujou ap fè siplikasyon+ yon fason pou nou ka rive chape anba tout bagay sa yo ki dwe rive e pou nou ka kanpe devan Pitit lòm nan+.” 37  Se konsa, li te konn anseye nan tanp lan lajounen, men lannuit, li te konn al sou mòn yo rele Mòn Oliv la. 38  E tout pèp la te konn vin jwenn li nan tanp lan byen bonè nan maten pou yo ka tande l.

Nòt anba paj

Oswa: “nan veso”.
Lit.: “de lepton”. Gade Apendis B14.
Oswa: “dam sa a ki pòv”.
Oswa: “gen dezòd; gen soulèvman”.
Oswa: “n ap jwenn nanm nou”.
Oswa: “jou pou vanjans”.
Oswa: “E moun nasyon yo”.
Oswa: “pou moun nasyon yo”.