Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason Bib la ka ede nou vin toleran

Fason Bib la ka ede nou vin toleran

 “Lè moun toleran, sa fè l posib pou gen lapè.” — UNESCO Déclaration de principes sur la tolérance, 1995.

 Men, lè moun pa toleran, sa lakòz pa gen respè e sa ka menm lakòz yo rayi lòt moun. E lè yon moun gen santiman sa yo, sa ka lakòz li di pawòl ki montre li rayi lòt moun, li kapab aji yon fason ki montre li gen prejije e li ka vin vyolan.

 Men, tout moun pa wè kesyon tolerans lan menm jan. Gen moun ki panse pou yon moun toleran li dwe aksepte tout kalite konduit. Gen lòt moun ki panse menm jan ak Bib la. Pou yo menm, yon moun ki toleran respekte dwa lòt moun genyen pou yo chwazi prensip yo ak kwayans yo, menmsi yo menm yo pa dakò ak prensip sa yo e yo pa gen menm kwayans sa yo.

 Èske Bib la kapab ede moun nan epòk nou an vin toleran vre?

Bib la ankouraje nou pou n toleran

 Bib la ankouraje moun pou yo toleran. Men sa l di: “Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” (Filipyen 4:5). Bib la ankouraje nou respekte moun, li ankouraje n pou n janti e pou n pa gen patipri. Lè yon moun suiv konsèy sa a, menm lè li pa dakò ak yon lòt moun oubyen li pa suiv menm prensip avèk li, li kite moun nan aji selon chwa li fè a.

 Men, Labib fè konnen Bondye mete yon seri prensip pou lèzòm suiv. Men sa l di: “Ou menm lòm, Jewova fè w konnen sa ki bon.” (Miche 6:8). Li fè konn volonte Bondye, yon volonte li fè lèzòm konnen yon fason pou yo ka gen pi bèl vi posib la. — Ezayi 48:17, 18.

 Bondye pa ban nou dwa pou n jije moun. Dapre Bib la, “gen yon sèl Moun ki fè lwa, e se li sèl ki Jij […]. Kiyès ou ye pou w ap jije pwochen w?” (Jak 4:12). Bondye bay nou chak libète pou n chwazi e nou chak responsab chwa nou fè yo. — Detewonòm 30:19.

Sa Bib la di sou respè

 Labib di nou dwe “bay chak moun respè li merite”. (1 Pyè 2:17, Bib la.) Donk, moun ki chwazi suiv prensip ki nan Bib la trete tout moun avèk respè, kèlkeswa kwayans yo oswa fason yo chwazi mennen lavi yo (Lik 6:31). Sa pa vle di moun k ap suiv Bib la dakò ak tout kwayans oubyen tout opinyon lòt moun genyen oswa y ap soutni kèlkeswa desizyon lòt moun pran. Men, yo pap fè malelve avèk yo ni yo pap manke yo respè, y ap fè tout efò yo pito pou yo imite fason Jezi te trete moun.

 Pa egzanp, yon lè Jezi te rankontre yon dam ki te nan yon relijyon li menm li pa t dakò avè l. Epitou, fi a t ap viv ak yon gason ki pa t mari l, yon bagay Jezi pa t dakò avè l nonplis. Malgre sa, li te pale ak dam nan avèk respè. — Jan 4:9, 17-24.

 Menm jan ak Jezi, kretyen yo pare pou yo esplike moun ki vle koute rezon ki fè yo kwè sa yo kwè yo, men yo fè sa avèk “gwo respè”. (1 Pyè 3:15.) Bib la anseye kretyen yo pou yo pa fòse lòt moun aksepte kwayans yo. Li fè konnen yon disip Kris “pa dwe nan goumen, men li dwe dou ak tout moun”, menm moun ki pa gen menm kwayans avèk li. — 2 Timote 2:24.

Sa Bib la di sou lahèn

 Bib la di pou nou “chèche viv anpè ak tout moun”. (Ebre 12:14.) Yon moun k ap chèche viv anpè rejte lahèn. Li fè bonjan efò pou l viv anpè ak tout moun san l pa fè konpwomi, sa vle di san l pa fè anyen ki kontrè ak sa li menm li kwè (Matye 5:9). Anfèt, Bib ankouraje kretyen yo pou yo renmen ènmi yo, sa vle di pou yo aji byen ak moun ki mal aji avèk yo. — Matye 5:44.

 Se vre, Bib la fè konnen Bondye “rayi” oswa “pa vle wè” aksyon ki ka fè lòt moun santi yo pa gen valè oswa ki fè lòt moun mal (Pwovèb 6:16-19). Men, nan ka sa yo, Bib la sèvi ak mo “rayi” a pou l pale de santiman Bondye genyen pou move aksyon. Labib montre Bondye dispoze padone e l dispoze ede moun ki vle chanje fason y ap viv pou yo suiv prensip li yo. — Ezayi 55:7.

Vèsè nan Bib la ki gen rapò ak tolerans e ak respè

 Tit 3:2: “[Se pou w] rezonab, [...] montre yon dousè total anvè tout kalite moun.”

 Yon moun ki rezonab reyaji yon fason ki dou lè lòt moun pa wè bagay yo menm jan avè l, li ankouraje moun demontre respè youn pou lòt.

 Matye 7:12: “Se sa k fè, tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, nou menm tou, nou dwe fè l pou yo.”

 Nou tout renmen lè lòt moun trete nou ak respè e lè yo aji yon fason ki montre yo bay santiman nou valè. Pou w aprann plis sou fason w ka suiv prensip sa a Jezi te bay la, li atik “Ki sa Règ annò a ye?

 Jozye 24:15: “Chwazi nou menm jodi a kiyès n ap sèvi.”

 Lè nou respekte dwa lòt moun genyen pou yo fè chwa yo, nou ankouraje lapè.

 Travay 10:34: “Bondye pa gen patipri.”

 Bondye pa nan patipri ak pèsonn, li pa pi renmen yon kilti, yon nasyonalite, yon ras, yon nivo edikasyon oswa yon nivo sosyal pase lòt. Moun ki vle imite Bondye respekte tout moun.

 Abakouk 1:12, 13: “[Bondye] pa ka tolere mechanste.”

 Tolerans Bondye gen limit. Li pap kite lèzòm kontinye fè mechanste nètale. Pou w aprann plis, gade videyo Poukisa Bondye pèmèt soufrans?

 Women 12:19: “Kite kòlè Bondye aji, paske men sa ki ekri: ‘Vanjans se pou mwen. Se mwen k ap fè yo peye pou sa yo fè.’ Se sa Jewova di.” a

 Jewova pa bay pèsonn dwa pou yo fè vanjans. L ap asire l tout moun jwenn jistis nan moman li menm li fikse pou sa. Pou w aprann plis, li atik “Èske moun k ap rele pou mande sekou yo ap jwenn jistis?

a Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik “Kiyès Jewova ye?