Al gade sa k anndan l

Èske Temwen Jewova yo fòse moun chanje relijyon?

Èske Temwen Jewova yo fòse moun chanje relijyon?

 Non, nou pa fè sa. Men sa nou te di nan prensipal jounal nou an anpalan de Toudegad: “Li pa bon pou n ap fòse moun chanje relijyon a.” Nou pa fè sa pou rezon ki vin annapre yo:

  •   Jezi pa t janm fòse moun aksepte ansèyman l yo. Li te konnen, nan yon sans, se yon tikras moun ki t ap byen reyaji ak mesaj li a (Matye 7:13, 14). Lè te gen kèk disip ki te trebiche akoz sa l te di, li te kite yo ale olye li te fòse yo rete. — Jan 6:60-62, 66-68.

  •   Jezi te anseye moun k ap suiv li yo pou yo pa fòse lòt moun chanje kwayans yo. Disip yo pa t eseye fòse lòt moun pou yo aksepte bon nouvèl Wayòm nan, okontrè, yo te chèche moun ki dispoze koute yo. — Matye 10:7, 11-14.

  •   Chèche fòse yon moun konvèti pa itil anyen, paske Bondye vle pou moun adore l ak tout kè yo. — Detewonòm 6:4, 5; Matye 22:37, 38.

Èske nou fòse moun aksepte kwayans nou?

 Nou gaye mesaj ki nan Bib la “jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”, e nou fè sa “ni an piblik ni kay an kay”, jan Bib la ban nou lòd pou nou fè sa (Travay 1:8; 10:42; 20:20). Menm jan ak premye kretyen yo, pafwa yo konn akize nou kòmkwa n ap fòse moun aksepte kwayans nou, sa ki kontrè ak lalwa (Travay 18:12, 13). Sepandan, akizasyon sa yo se fo akizasyon yo ye. Nou pa eseye fòse pèsonn aksepte kwayans nou. Okontrè, nou panse moun yo dwe gen konesans yon fason pou yo fè yon chwa sou baz sa yo konnen an.

 Nou pa fòse moun yo chanje relijyon, ni nou pa fè relijyon sèvi kòm dra pou regle aktivite politik, ni nou pa bay avantaj materyèl oswa avantaj sosyal pou nou ka gen plis moun. Se sa kèk moun ki di yo se kretyen fè, e sa dezonore Kris lè y ap fè bagay sa yo b.

Èske moun gen dwa chanje relijyon?

Pwofèt Abraram pa t suiv relijyon fanmi l.

 Wi, Labib montre moun gen dwa chanje relijyon. Li pale de anpil moun ki te chwazi pa suiv relijyon fanmi yo te konn pratike a, e yo menm yo te chwazi pou yo adore vrè Dye a. Pami moun sa yo, gen Abraram, Rit, kèk moun Atèn ak apot Pòl (Jozye 24:2; Rit 1:14-16; Travay 17:22, 30-34; Galat 1:14, 23). Mete sou sa, Bib la menm rekonèt libète moun genyen pou yo kite adorasyon Bondye apwouve a, sa ki se yon move desizyon. — 1 Jan 2:19.

 Nasyonzini fè konnen dwa moun genyen pou yo chanje relijyon an se “fondman entènasyonal dwa moun”. Deklarasyon inivèsèl dwa moun dakò ak dwa sa a, e li fè konnen tout moun gen “libète pou yo chanje relijyon oswa kwayans yo” e “pou yo chèche, pou yo resevwa e pou yo gaye [...] enfòmasyon ak ide” ki gen rapò ak relijyon c. Natirèlman, dwa sa a gen ladan l obligasyon pou respekte dwa lòt moun genyen pou yo chanje relijyon yo epi pou yo rejte ide yo pa dakò avè yo.

Èske lè yon moun chanje relijyon sa fè l pa gen respè pou tradisyon oswa koutim fanmi l?

 Se pa konsa l ye vre. Bib la ankouraje nou pou nou respekte tout moun, kèlkeswa relijyon yo (1 Pyè 2:17). Mete sou sa, Temwen Jewova yo obeyi kòmandman Bib la bay pou nou onore paran nou, menmsi yo pa gen menm kwayans avè n. — Efezyen 6:2, 3.

 Malgre sa, se pa tout moun ki dakò ak sa Bib la di a. Men sa yon dam ki te grandi nan peyi Zanbi fè konnen: “Kote m soti an, lè yon moun chanje relijyon [...] se tankou li trayi fanmi l ak moun nan zòn kote l soti a.” Dam sa a te fè fas ak sitiyasyon sa a, lè l te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova pandan l te adolesan, e yon ti tan annapre, li te deside chanje relijyon. Men sa l di: “Paran m pa sispann di m yo pa kontan ditou avè m, e mwen fè yo wont. Sa te difisil anpil pou mwen, etandone mwen te toujou vle gen favè paran m [...]. Lefètke mwen chwazi fidèl ak Jewova olye m fidèl ak tradisyon relijyon yo, sa pa vle di mwen pa fidèl ak fanmi m d.”

a Gade Toudegad 1ye janvye 2002 paj 12 paragraf 15, fransè.

b Pa egzanp, ozanviwon ane 785 epòk nou an, Charlemagne te pase yon dekrè kote l te fè konnen moun k ap viv nan vil Saks ki refize batize kòm kretyen dwe mouri. Yon lòt egzanp se alyans lapè Oksboug la, lame sen Anpi women an te siyen nan ane 1555 epòk nou an, ki te fè konnen chak prens dwe swa katolik swa nan relijyon Litè a epi tout moun l ap dirije yo dwe adopte menm relijyon an. Tout moun ki refize konvèti yo dwe kite zòn nan.

c Menm jan an tou, dwa sa a parèt nan: Lwa afriken sou dwa moun ak dwa pèp yo, Deklarasyon ameriken sou dwa ak responsablite moun, Lwa arab sou dwa moun 2004, Deklarasyon pou dwa moun asosyasyon nasyon azi sidès, Konvansyon ewopeyen pou dwa moun nan, Lwa entènasyonal sou dwa sivil ak politik. Sepandan, menm nasyon ki di moun gen dwa sa yo pa respekte sa yo di a vre.

d Jewova se non vrè Dye a jan Labib montre sa.