Al gade sa k anndan l

Ki sa Règ annò a ye?

Ki sa Règ annò a ye?

Repons Bib la bay

 Ekspresyon “Règ annò a” pa parèt nan Bib la. Men, se yon ekspresyon anpil moun itilize pou fè referans ak fason Jezi te di nou dwe aji avèk lòt moun. Nan diskou Jezi te bay sou mòn nan, li te di: “Tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, nou menm tou, nou dwe fè l pou yo.” ​(Matye 7:12; Lik 6:31). Yon lòt fason moun yo konn di ekspresyon sa a se: “Fè pou lòt moun sa w ta renmen yo fè pou ou.” — Encyclopedia of Philosophy.

 Ki sa Règ annò a vle di?

 Règ annò a ankouraje nou pou n aji avèk lòt moun jan nou menm nou ta renmen yo aji avè n. Pa egzanp, pifò moun renmen lè lòt moun demontre respè, jantiyès ak lanmou avè yo. Menm jan an tou, “se menm bagay la nou dwe fè pou yo”. — Lik 6:31.

 Sa k fè Règ annò a itil?

 Règ annò a kapab itil nan prèske tout sitiyasyon. Pa egzanp:

 Ide ki dèyè Règ annò a se menm prensip ki nan sa moun yo rele Ansyen Testaman an. Fason Jezi di nou dwe aji avè lòt moun nan “se ansèyman sa a ki nan Lalwa [senk premye liv yo ki nan Bib la] ak nan pawòl pwofèt yo te ekri yo”. (Matye 7:12.) Sa vle di, Règ annò a se yon verite enpòtan nou jwenn nan Ansyen Testaman an ki gen rapò ak lanmou pou pwochen nou. — Women 13:8-10.

 Èske Règ annò a gen rapò sèlman ak sa lòt moun ka fè pou nou?

 Non. Règ annò a met aksan sou bay. Lè Jezi te pale de Règ annò a, li t ap pale nonsèlman sou fason nou dwe trete moun an jeneral, men tou fason nou dwe trete ènmi nou yo (Lik 6:27-31, 35). Donk, Règ annò a ankouraje nou pou n aji byen avèk tout moun.

 Ki jan w ka aplike Règ annò a?

  1.  1. Se pou w yon bon obsèvatè. Byen obsève moun ki toutotou w yo. Pa egzanp, ou ka wè yon moun ap redi pou l pote kèk pwovizyon, ou ka tande gen youn nan vwazen w yo ki lopital, oubyen ou ka remake yon kòlèg travay ou dekouraje. Lè w “chèche enterè pa lòt moun”, sandout w ap rive jwenn okazyon pou w di oswa pou w fè yon bagay pou ede yo. — Filipyen 2:4.

  2.  2. Se pou w met tèt ou nan plas lòt moun. Eseye met tèt ou nan plas lòt moun nan. Ki jan w t ap santi w si w te nan menm sitiyasyon an? (Women 12:15). Lè w eseye konprann jan lòt moun nan santi l, sa ka pouse w ede l.

  3.  3. Se pou w fleksib. Ou dwe sonje tout moun pa menm. Sa lòt moun ta renmen yo fè pou yo gendwa pa fòseman sa ou menm ou ta renmen yo fè pou ou. Donk, nan tout sa ou kapab fè pou li, eseye fè yon bagay li t ap pi renmen. — 1 Korentyen 10:24.