Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske prensip Bib la bay konsènan sa ki byen ak sa ki mal enpòtan jodi a?

Èske prensip Bib la bay konsènan sa ki byen ak sa ki mal enpòtan jodi a?

 Anpil moun jodi a, menm moun ki di yo se kretyen, panse prensip Bib la bay anrapò ak sèks ak maryaj pase mòd. Pou yo ka adapte ak fason moun yo panse, gen kèk legliz ki chanje sa yo anseye anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal. Èske prensip Bib la bay konsènan sa ki byen ak sa ki mal enpòtan jodi a? Wi. Ann wè rezon ki fè n di sa.

Lèzòm bezwen prensip Bondye bay konsènan sa ki byen ak sa ki mal

 Bondye te kreye lèzòm yon fason pou yo depann de prensip li yo. Men sa Bib la di: “Se pa lòm ki pou deside ki kote l ap met pye l.” ​(Jeremi 10:23). Menm lè Jewova a te kreye n ak kapasite pou n pran desizyon, li pa t ban nou otorite oswa kapasite pou n detèmine poukont nou sa ki byen ak sa ki mal. Pou n rive konprann sa ki byen ak sa ki mal, li vle nou depann de li. — Pwovèb 3:5.

 Nou jwenn prensip moral Bondye bay yo nan Labib. Ann egzamine de rezon ki fè prensip sa yo gen anpil valè.

  •   Se Bondye ki kreye nou (Sòm 100:3). Antanke Kreyatè nou, Jewova konnen egzakteman sa n bezwen pou n kontan e pou n ret ansante nan domèn fizik, mantal ak emosyonèl. Li konnen ki rezilta sa ap bay si n vire do bay prensip moral li yo (Galat 6:7). Epitou, Jewova vle sa k pi bon pou nou. Se pou rezon sa a, Bib la di Bondye se “Sila a k ap anseye w pou byen w lan, Sila a k ap mennen w nan wout ou dwe mache a”. — Ezayi 48:17.

  •   Dezi nou yo ka twonpe nou. Anpil moun panse yo ka detèmine sa ki byen ak sa ki mal si yo suiv sa kè yo di. Men, Bib la fè konnen “kè a pi trèt pase tout lòt bagay, e li pa bon menm”. (Jeremi 17:9.) Si se pa prensip Bondye yo ki dirije n, kè n ap gide nou yon fason n ap regrèt pi devan. — Pwovèb 28:26; Eklezyas 10:2.

Èske chèf relijye yo dwe pase sou sa Bib la di konsènan sa ki byen ak sa ki mal?

 Non! Bib la anseye laverite sou Bondye ak sou fason li vle n aji (1 Korentyen 6:9-11; Galat 5:19-23). Li vle moun konnen verite sa yo (1 Timote 2:3, 4). Donk, chèf relijye ki kretyen yo dwe rete kole sou Pawòl Bondye a nan fason yo anseye. — Tit 1:7-9.

 Anpil moun ki pa vle tande prensip moral ki nan Bib la chèche anseyan relijye pou “di yo sa yo ta renmen tande”. (2 Timote 4:3, nòt.) Men ki avètisman Pawòl Bondye a bay: “Malè pou moun ki di sa k bon an pa bon e ki di sa k pa bon an bon.” ​(Ezayi 5:20). Sa ki klè, Bondye ap rann chèf relijye yo responsab si yo pa anseye egzakteman sa Bondye di konsènan sa ki byen ak sa ki mal.

Èske prensip moral ki nan Bib la tolere diskriminasyon?

 Non. Moun ki vle fè Bondye plezi dwe suiv egzanp ak ansèyman Jezi Kris te bay. Jezi te anseye disip li yo pou yo pa jije lòt moun, men pou yo demontre lanmou ak respè pou tout moun. — Matye 5:43, 44; 7:1.

 Jezi te anseye disip li yo pou yo suiv prensip moral Bondye bay nan lavi yo. Men, li te anseye yo tou pou yo aksepte lefètke lòt moun gendwa chwazi suiv lòt prensip (Matye 10:14). Jezi pa t bay disip li yo otorite pou yo sèvi ak politik oswa lòt mwayen pou yo fòse moun suiv prensip Bondye bay yo. — Jan 17:14, 16; 18:36.

Ki byenfè yon moun jwenn lè l suiv prensip moral ki nan Bib la?

 Moun ki suiv prensip Bondye bay konsènan sa ki byen ak sa ki mal ap jwenn anpil byenfè depi kounye a e alavni (Sòm 19:8, 11). Sa ki gen ladan l:

a Jewova se non Bondye jan Bib la fè konn sa. — Sòm 83:18.