Al gade sa k anndan l

Èske Temwen Jewova yo patisipe nan mouvman ekimenik?

Èske Temwen Jewova yo patisipe nan mouvman ekimenik?

 Antanke Temwen Jewova, nou renmen pale sou zafè kwayans ak moun nan lòt relijyon, men, nou pa patisipe nan mouvman ekimenik ki ka fè moun panse n ap adore ak moun ki gen lòt kwayans. Bib la montre vrè kretyen yo “byen kole ansanm,” epi youn nan aspè enpòtan ki bay inite sa a se lefètke yo gen menm kwayans (Efezyen 4:16; 1 Korentyen 1:10; Filipyen 2:2). Sa gen ladan l plis pase annik dakò sou enpòtans kèk kalite tankou lanmou, konpasyon ak padon. Kwayans nou baze sou konesans egzak ki nan Bib la e san konesans sa a, lafwa nou t ap pou granmesi. — Women 10:2, 3.

 Bib la montre lè yon moun ap adore ak moun ki pa gen menm kwayans avè l, se kòmsi l te met tèt li nan yon jouk ki miwomiba. Sitiyasyon sa a ka gen move efè sou lafwa yon kretyen (2 Korentyen 6:14-17). Se sa k fè Jezi pa t pèmèt disip li yo patisipe nan mouvman ekimenik (Matye 12:30; Jan 14:6). Menm jan an tou, Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te entèdi Izrayelit nan tan lontan yo adore dye lòt nasyon yo (Egzòd 34:11-14). Pi devan, Izrayelit fidèl yo pa t aksepte èd nan men lòt nasyon yo, yon bagay ki t ap fè yo antre nan yon alyans relijye ak moun ki pa nan menm relijyon ak yo. — Esdras 4:1-3.

Èske Temwen Jewova konn patisipe nan dyalòg ak moun ki gen lòt kwayans?

 Wi. Anfèt, pandan ane 2023 lan nou te pase 1 791 490 713 èdtan ap pale ak moun ki nan lòt relijyon. Menm jan ak apot Pòl, nou enterese nan chèche konn kwayans ‘mezi moun nou kapab jwenn’ nan travay predikasyon nou an ak fason yo panse (1 Korentyen 9:19-22). Pandan n ap pale ak yo, nou fè anpil efò pou n aplike konsèy Bib la bay pou n demontre “gwo respè” pou lòt moun. — 1 Pyè 3:15.