Al gade sa k anndan l

LABIB CHANJE LAVI MOUN

Se pi gwo pri mwen resevwa nan lavi m

Se pi gwo pri mwen resevwa nan lavi m
  • ANE LI FÈT: 1967

  • PEYI KOTE LI SOTI: FENLANN

  • ANVAN: JWÈ TENIS PWOFESYONÈL

VI MWEN T AP MENNEN

 Mwen te grandi nan yon zòn byen kalm ki gen anpil pyebwa andeyò vil Tampere, nan peyi Fenlann. Fanmi mwen pa t twò enterese nan relijyon men yo te bay edikasyon ak bòn manyè anpil valè. Manman m fèt nan peyi Almay donk, lè m te piti, m te konn al pase vakans ann Almay delès lakay gran paran m yo.

 M te renmen spò depi m te toupiti. Lè m te piti, m te pratike tout kalite spò men, lè m te vin gen 14 an m te chwazi konsantre sou spò tenis la pito. Lè m te vin gen 16 an, m te antrene de a twa fwa pa jou, sa vle di m te gen de antrènman pwofesyonèl nan jounen an e apre m te antrene poukont mwen nan aswè. Se tout fasèt nan spò sa a ki te vrèman atire m; tenis te ban m okazyon pou m teste tèt mwen mantalman e fizikman. Byenke tanzantan m te byen renmen bwè yon byè ak zanmi m yo epi pase tan avèk yo, m pa t janm tonbe nan pwoblèm dwòg oswa nan pwoblèm alkòl. Tout lavi m te konsantre sou tenis, se li ki te gen plis enpòtans nan vi m.

 Mwen te kòmanse patisipe nan chanpyona tenis pwofesyonèl ATP yo lè m te gen 17 an. a Lefètke mwen te genyen kèk nan chanpyona pwofesyonèl sa yo, tout moun nan peyi a te vin konnen m. Lè m te gen 22 an, m te fè pati 50 pi gwo jwè tenis nan monn nan.

 Pandan plizyè ane, m te vwayaje nan lemonnantye pou m jwe tenis antanke pwofesyonèl. Mwen te vizite plizyè bèl kote nan monn nan men sa te tou fè m pran konsyans pwoblèm ki gen nan monn nan, tankou krim, dwòg moun yo pran ak pwoblèm anviwònman. Pa egzanp, lè n te Ozetazini, gen katye yo te mande n pou n pa vizite nan kèk vil nou te pase paske nivo krim yo wo anpil nan katye sa yo. Tout bagay sa yo te kontrarye m anpil. Men sa k te pi di a, se lè nan fen jounen an, m pa t santi lavi m gen sans menm lè m t ap fè yon bagay mwen renmen.

FASON LABIB CHANJE LAVI M

 Mennaj mwen, Sanna, te kòmanse yon etid Labib ak Temwen Jewova yo. Sa te fè m sezi lefètke l te vle konn plis sou zafè relijyon men, m pa t gen pwoblèm ak sa. Nou te marye an 1990 e li te vin batize antanke Temwen Jewova yon ane apre. Byenke m te toujou panse Bondye egziste, m pa t twò vle rantre nan yon relijyon. M sonje granmè m ann Almay te renmen li Labib toutan e l te menm aprann mwen ki jan pou m priye.

 Yon jou, lè Sanna avè m t al lakay yon koup Temwen, mari a ki te rele Kari, te montre m nan Bib la pwofesi ki gen rapò ak “dènye jou yo” (2 Timote 3:1-5). Sa te vrèman enpresyone m paske m te vin reyalize se rezon sa a ki fè bagay yo tèt anba konsa nan monn nan. Jou sa a, nou pa t pale twòp pase sa sou relijyon. Men, depi lè a, m te kontinye pale avèk Kari sou Bib la e tout sa m te aprann yo te fè sans. Etandone m te vrèman okipe akoz deplasman m te toujou ap fè yo, li te difisil pou n te chita ansanm regilyèman men, Kari pa t dekouraje. Li te konn ekri m yon seri lèt pou l reponn kesyon m te poze pandan etid la. Bib la te ban m repons tout kesyon enpòtan ki gen nan lavi a yon fason ki lojik, e tikras pa tikras, m te vin konprann Bib la pale prensipalman sou Wayòm Bondye a ki pral reyalize objektif Bondye gen pou tè a. Lè m te vin aprann konnen Jewova se non Bondye, e lè m te vin konprann tout sa li fè pou nou yo, sa te fè yon gwo enpresyon sou mwen (Sòm 83:18). Sa ki te plis touche m se ranson an, dispozisyon sa a Jewova pran an ki pa t yon senp pwoblèm teknik pou l rezoud sèlman oswa yon senp aranjman legal pou regle kesyon an men, yon dispozisyon ki montre aklè jan li renmen nou (Jan 3:16). M te aprann tou posiblite m genyen pou m vin zanmi Bondye e pou m viv pou toutan nan lapè nan yon paradi (Jak 4:8). M te kòmanse mande tèt mwen ki jan m te ka montre mwen rekonesan pou sa?

 M te pran tan pou m byen analize lavi m. Bib la t ap aprann mwen nou jwenn vrè kè kontan an lè n bay, e se konsa m te vin anvi pataje kwayans mwen yo ak lòt moun (Travay 20:35). Antanke jwè pwofesyonèl, m te deplase souvan pou m al nan chanpyona yo, sa ki fè m pa t avèk fanmi m pandan 200 jou nan yon ane. Tout lavi manm fanmi an te konsantre sou pwòp aktivite pa m, sou antrènman m, sou aktivite m yo ak karyè m. M te vin reyalize sitiyasyon an te dwe chanje.

 M te konnen moun pa t ap konprann ditou rezon ki fè m te abandone yon bèl karyè nan spò pou m antre nan yon relijyon. Desizyon an te fasil pou mwen paske m te gen opòtinite pou m vin konn Jewova pi byen ak posiblite pou m jwenn lavi pou toutan an, sa ki gen plis valè lontan pase kèlkeswa pri m te ka genyen nan jwe tenis. M te pran detèminasyon pou m pa bay sa moun ap di yo okenn enpòtans paske se te pwòp desizyon pa m. Yon vèsè ki te ede m kenbe tennfas devan presyon moun yo t ap fè a se Sòm 118:6 ki di: “Jewova avè m, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m?”

 Nan epòk sa a, konpayi yo te fè bèl aranjman avè m pou kòb, sa ki t ap pèmèt mwen jwe tenis antanke pwofesyonèl pandan anpil ane, san kè sote. Men, m te gentan pran desizyon m, donk, m pa t aksepte òf yo te fè m nan e finalman m te sispann jwe nan chanpyona ATP yo. M te kontinye etid biblik mwen an epi, nan dat 2 jiyè 1994, m te batize antanke Temwen Jewova.

BYENFÈ MWEN JWENN

 Nan ka pa m, se pa yon evènman grav nan lavi m ki te fè m panse ak Bondye. E, m pa konsidere tèt mwen kòm yon moun ki t ap chèche laverite. M te panse m t ap viv byen e m pa t ka mande plis. Men, sanzatann, m vin dekouvri lavi a gen plis pase sa, kòmsi laverite t ap tann mwen dekouvri l, e se konsa lavi m te vin pi bèl pase sa m te ka imajine! Fanmi m pi djanm e li gen plis tèt ansanm pase jan l te ye a. Mwen kontan anpil dèske twa pitit gason m yo suiv chemen m pran an, pa antanke spòtif, men antanke kretyen.

 M toujou renmen jwe tenis. Pandan ane yo t ap pase, m vin ap travay nan aktivite ki gen rapò ak tenis, antanke antrenè epi kòm manadjè yon sant spòtif kote yo jwe tenis. Lavi m pa konsantre sou spò ankò. Anvan sa, se pandan plizyè èdtan m te konn antrene m chak semèn, pou m ka vin pi fò e pou m ka vin yon chanpyon. Jodi a, m travay nan predikasyon an aplentan, e m kontan sèvi ak tan m pou m ede lòt moun aprann prensip ki nan Bib la, ki te chanje lavi m, e pou m ede yo mete prensip sa yo an pratik. Pi gwo kè kontan m jwenn se lè m bay relasyon m gen avèk Jewova Dye premye plas nan lavi m e lè m pataje ak lòt moun espwa m genyen nan yon pi bèl avni. — 1 Timote 6:19.

a ATP se asosyasyon ki jere jwè tenis pwofesyonèl yo. Se asosyasyon sa a ki òganize konpetisyon ant jwè gason yo. Pami chanpyona pwofesyonèl ATP òganize yo, gen plizyè ki fè jwè ki ranpòte match yo resevwa pwen ak lajan. Total pwen jwè yo vin genyen nan chanpyona sa yo pral detèmine nan ki plas jwè yo ap rive nan klasman mondyal la.